Articles

Affichage des articles du novembre, 2019

EDIKASYON SE CHIMEN DEVLOPMAN

Image
EDIKASYON SE CHIMEN DEVLOPMAN  Manje nou manje gen gwo konsekans sou kò nou ak sante nou, se sak fè nou byen chwazi sa n ap manje ak sa n ap bwè. Men chak jou ki pase gen yon ògàn nan kò nou nou pa janm sispann alimante, byen souvan san n pa menm rann nou kont poutan se li ki defini kiyès nou ye, lavi nou ak chwa nou fè. San li, li klè nou t ap mouri. Èske l pa tap bon pou n veye ak kisa n ap nouri ògàn sila a ? Ògàn sa, se sèvo nou. Manje pa l se konesans ak enfòmasyon nap pran chak jou yo. Konesans yo, nou jwenn yo nan edikasyon nou (petèt nan lekòl oswa lòt fason moun ka aprann) se sa yo ki manje sèvo a, ladan l gen yon bagay ki pi konplèks ki se lespri nou. Malerezman anpil moun pa aprann fason pou yo itilize l, yo kite se lòt moun ki fè sa pou yo konsa, yo sispann viv toutbon. Edikasyon se chimen devlopman, se youn nan mwayen n itilize pou n nouri lespri nou. Èske n pa ta dwe veye sou kalite edikasyon sa a menm jan nou veye sou kalite manje n ap manje ? Si Edikas

Aprann nan yon klik avèk EDIKANET !

Image
EDIKANÈT , se yon asosiyasyon edikatif, ki konpoze de jèn etidyan natif natal, ki bay tèt yo objetif, ede epi fòme plis moun nan lang matènèl nou ki se kreyòl sou entènèt, pandan w lakay ou, epi gratis. Nan EDIKANÈT , nou diskite sou sa ki gen pou wè ak lekòl klasik, e nan plizyè lòt kad ankò. Anndan EDIKANET , w ap jwenn : 1) Yon klèb literè 2) Kou sou YouTube 3) Atik sou zafè lasyans 4) Sitasyon ki pou motive 5) Kritik 6) Sijè epi deba 7) Ak tout lòt bagay ki ka edike, epi fòme... Nou mete l nan pozisyon pou li ede nou reponn epi konprann plizyè detay nan kesyon sa yo.