Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)



Sa gen plizyè lanne depi Ayiti ap pase yon tray. E dènye jou sa yo, bagay yo te plis mangonmen sitou nan kapital la. Sitiyasyon sa a gen gwo efè sou  Etidyan yo, ak elèv yo . Plizyè inivèsite te oblije fèmen pòt yo akoz ensekerite a. Menm pi gran inivèsite nan peyi a, Inivèsite Leta Ayisyen (ILA) pa t rive epanye de kriz sa a , kote Bandi ak zam te rive dechèpiye plizyè fakilte, tankou FAMV, FMP, FDSE, FDS, elatriye...
Dezòd sa a yo ak zak kraze brize sa yo te kòmanse depi mwa Fevriye daprè nòt ofisyèl rektora inivèsite a t apral sòti 11 Mas la pou bay bilan zak ki te pase FAMV. Plizyè medya annapre t apral rapòte tout dega zak briganday sa a yo.
Plizyè lekòl nan kapital la tou, te oblije fèmen pòt yo, sitou lekòl piblik yo, kote moun ki viktim nan divès zòn ki gen konfli yo te pral pran refij yo, tankou : Lise Marijàn, Lise jèn fiy yo, lekòl Repiblik Chili, elatriye...
Nan mitan Ane akademik la , kote tout etidyan, elèv lekòl ta sipoze chita sou ban ap aprann, te oblije nan kouri, kite wout lekòl ak inivèsite. Sa gen gwo konsekans sou yo, paske nan lòt Depatman yo, malgre tout kondisyon yo pa fin reyini, kontinye ap pouswiv etid yo nòmalman. MENFP, Ministè a malgre modifikasyon yo te rive pote nan Kalandriye lekòl la nan mwa avril la pou tèmine ane lekòl segondè yo 8 Dawout pito, sa pa t ka ralanti enpak sa gentan fè sou elèv yo. E menm si plizyè lekòl, inivèsite, tankou ILA rantre nan fè kou an liy, sa pa rive soulaje enpak sa gen sou elèv ak etidyan yo. 

Nan objektif pou te pran temwanyaj gwoup moun sa yo ki viktim, EDIKANET, ki se yon Asosiyasyon nan domèn edikasyon ki regwoupe plizyè benevòl nan lekòl, inivèsite, enstitisyon an Ayiti ak aletranje, gras ak estaf nan komisyon Reprezantan yo, te lanse yon ankèt an liy epi an pèsòn pou rasanble divès temwanyaj pou konnen : Kòman etidyan, elèv, pwofesè, paran yo viv kriz sa n ap konnen jounen Jodi a nan peyi a. Ankèt la te lanse depi lendi 8 avril 2024 pou rive samdi 27 avril nan menm ane a.
Nan paragraf anba yo, n ap ka suiv jan sa te pase .


Ankèt sou enpak ensekerite a sou etidyan, elèv, pwofesè, paran yo an Ayiti :


Plis pase 30 moun nan ankèt an liy nan ak yon dizèn lòt an pèsòn te pase entèvyou nòmalman.


Gade diferan statistik yo ki nan foto yo anba a :


Diferan kote y ap viv 

Foto 1




-  Plis moun ki te patisipe yo, se moun k ap viv nan depatman lwès.


Moun ki te patisipe 

Foto 2


- Se plis Etidyan ki te patisipe nan ankèt la.


Otorizasyon ak fason yo te deside patisipe nan ankèt la


Foto 3

- Pifò nan yo te chwazi patisipe an liy, pou ranpli fòmilè a



Aprè sa te gen anviwon yon dizèn entèvyou odyovizyèl ki te rive fèt tou.

Ankèt la te revele, plis pase 99% moun ki te patisipe nan ankèt la toujou renmen peyi a, malgre sitiyasyon malouk peyi a ladan l la. Repons yo te ale nan sans sa a : Ayiti se peyi m, e l ap toujou rete peyi m malgre tout bagay. Menmsi sa k ap pase nan peyi a kounya dekourajan.


Pami repons, gen youn ki di : 

Sitiyasyon an difisil, viv nan peyi m difisil sevre men sa pa anpeche peyi m konsève pi bèl istwa nan mond lan, yon istwa lòt nasyon pare pou yo peye pou se yo ki erityel wi m toujou renmen peyi epi fyè pou sa paske li bèl lè w ap rakonte remontada istorik.


Yon lòt di :


Se pa peyi a ki pa bon, Ayiti se pi bon pozisyon jewografik sou latè, tout lòt nasyon ta renmen vin viv, men malerezman dirijan san lonè e respè yo devalorize l. 


Yo tout ap viv kriz la mal, estrès, laperèz fini ak yo. Nan kè sote ! Yo vin pèdi motivasyon yo, sa pou yo ta fè yo, yo pa ka rive fè l ak menm enèji a. Se yon konba chak jou Bondye mete ! E pou pa kite sa fini ak yo, anpil nan yo : li, tande mizik, gade fim, priye, pale ak zanmi, dòmi, pase tan sou rezo sosyal yo , jwe nan telefòn yo. Menm sila ki pap viv Ayiti nan moman yo la a , moun ki lòt bò dlo , pè pou fanmi, zanmi yo. Tristès ap fini ak yo. Yo pa ka rantre nan peyi a pou vin anmize yo, pase tan ak fanmi, zanmi yo. 

E lè n te poze kesyon : Èske yo gen espwa Ayiti ap chanje Yon jou : 99,9% reponn wi avèk anpil agiman pou kore sa yo t ap di. Menmsi yo pa konn ki lè egzak sa ap rive fèt, men yo gen espwa a yon jou kanmenm.

Kèk repons nou te jwenn : 

M gen espwa sa paske majorite peyi sou latè te konnen kèk moman katastwofik, nou sèlman bezwen lidè konsekan ki pou mete men ak rès sosyete a pou chanje sitiyasyon an.


Yon lòt :

Wi mwen gen espwa sa ap chanje, paske pa gen pwoblèm ki pa gen yon dat ekspirasyon e pa gen anyen ki kòmanse ki p ap fini yon jou. Menm si se aprè 10 lanne ankò, m gen espwa sa ap chanje. Men fòk gen tèt ansanm ak anpil konsyans.


Yon sèl ki te di non, san bay esplikasyon. 20 nan moun ki te pase ankèt la an liy kwè se paske Ayisyen pa renmen peyi a ki fè peyi a pa chanje deja. 9 nan yo pa kwè se lanmou Ayisyen pa gen pou peyi a ki koz li nan eta sa, plizyè nan yo di se yon kriz lidèchip, ak pwoblèm tèt ansanm, kote divès peyi etranje tou pwofite de divizyon nou pou fè sa yo vle. 



           Akoz kriz ensekirite a, anpil pa ka al lekòl, pa ka ale travay, travay kòm volontè jan yo konn abitye fè sa nòmalman. Plizyè nan yo ki te konn fè aktivite pwofesyonèl, kanpe kounya, yo pap fè anyen.  


Nou te rive poze yo yon lòt kesyon ankò :

Kòman yo panse yo ka met men pou chanje sitiyasyon peyi a twouve l la ? E toujou, selon yo menm , ki sèl fason pou peyi a rale yon souf, e pou l ka sou wout devlopman ?

Anpil nan yo panse se nan fòmasyon, edikasyon... Y ap fòme tèt yo pou ede peyi a pi devan, e yo panse, fòme pèp la se deja yon gran pa pou devlopman peyi a. Genyen ki gentan met men nan pat la nan fè benevola, nan mobilize moun nan antouray yo pou yo bay konkou yo jan yo kapab pou devlopman peyi a , nan bay pwodiksyon nasyonal la jarèt.

Kèk repons nou te note : 

M panse m mete menm deja, chwazi rete pou m kontinye etidye malgre gen posibilite pou m te ale deja vle di ke m anvi ede peyi m.

Pou nou rale yon souf, chak grenn ayisyen dwe asime responsablite yo, nou renmen lage chay sou otorite yo twòp.


Yon lòt repons : 

Premye kontribisyon m pote a se desizyon m pran pou m aprann plis nan moman stresan sa epi bouste m toujou ap bouste antouraj mwen pou yo aprann tou. Pou peyi a rale yon souf nan objektif pou l pran wout devlopman, l ap enpòtan pou kèk lidè ki gen kapasite epi k renmen peyi a angaje yo.


Dènye kesyon pou fini nou te poze yo se :

Èske yo gen yon konsèy yo ta renmen pataje ak konpatriyòt k ap gen pou li yo nan moman sa a ?

34 nan yo te kite yon mesaj pozitif. Yo pataje mesaj lanmou, bay konsèy pou n kole men youn ak lòt ! Pou kenbe lafwa, pou pa dekouraje pandan n ap ret veyatif. Yon jou sa gen pou chanje an Ayiti.

Youn nan yo te ekri :

Li posib toujou pou nou ekri yon lòt paj nan Istwa nou. Moman yo difisil se vre, men se yon opòtinite nou genyen pou make Listwa menm jan nou te fè li an 1804. Gade chanjman an pito nan nou menm olye pou nou mete espwa nou sou lidè politik. M garanti nou chanjman an li ap sòti anba. Pran swen tèt nou, renmen tèt nou, renmen moun ki bò kote nou, pran swen anviwònman nou, valorize resous nou yo. E sitou nan relasyon nou ak lòt moun pa jije! Men chache konprann verite ki kache nan sa moun nan ap di nou... Konsantre nou sou tout sa ki pozitif, rete optimis e konsa n ap wè Yon jou nouvo leve.


Apati ankèt sa sèlman, nou pa ka fè Yon rezime sou jan tout elèv, etidyan, pwofesè, paran yo viv kriz la nan tout peyi a, men nou ka sèvi ak echantiyon sa pou gen yon lide sou enpak li genyen sou diferan moun nou te rive pale ak yo. E malgre enpak sa yo, anpil nan yo toujou renmen peyi a, e yo kwè yon jou sa ap chanje. Yo menm prè pou pote èd yo, patisipe nan kominote yo jan yo kapab pou kontribiye nan chanjman peyi a. 


Nou envite chak grenn nan nou k ap li atik sa kounya, pataje ak nou nan espas kòmantè a, kòman nou menm nou viv sitiyasyon ensekirite a nan peyi dAyiti, jan li afekte n ! Pa bliye di nou si nou se etidyan, elèv, pwofesè, paran elatriye...


© EDIKANET , Tout Dwa Rezève 








(NB : Ankèt sa rive posib san Èd okenn enstitisyon, ni prive ni piblik, se yon travay ki te rive posib gras ak divès manm Benevòl komisyon Reprezantan nan EDIKANET)



Anons piblisite : 



Èske w te konnen pou travay ou vle a, Staj, oubyen bous etid la, pou jwenn li, yon bon CV pwofesyonèl, lèt motivasyon enpòtan ? Se sou sa y ap premye jije w pou di si wi oubyen non ou kalifye ! 

Jodi a menm, pa kite opòtinite sa a pase pou w Aprann depi nan A rive nan Z kòman pou w fè CV, lèt motivasyon, sèlman apati telefòn ki nan men w lan An liy, san w pa bezwen deplase kite lakay ou ! Nan sèlman 2 semèn ! Teyori + pratik.


Ou menm tou ki ta renmen benefisye sèvis la, pou w jwenn yon CV ann ijans, ki pa gen tan pou suiv fòmasyon an, pa gen pwoblèm !


Sispann kite opòtinite ou reve a pase... Klike kounya sou lyen anba a pou w rantre nan gwoup WhatsApp la, se la w ap jwenn tout enfòmasyon sou kòman pou w enskri, kòman pou fè demach ki nesèsè yo pou kòmanse !


Klike sou lyen sa kounya pou w patisipe :

https://chat.whatsapp.com/Jr9MTCxd6Tn1jbaL2Dnjqs




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?