Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

kredi foto :  Atlascompany

Anpil fwa, nou souvan ap fè fas ak yon ansanm sitiyasyon ki atire atansyon moun ki ap viv nan antouraj nou. Pafwa, sitiyasyon sa yo konn gen gwo konsekans sou lavi nou san nou pa menm rann nou kont. Pami yo, nou kapab site : estrès, depresyon, elatriye... Nan atik sila a, nou pral pale de depresyon pandan n ap abòde l plis sou pwen kiltirèl.


  • Kisa depresyon an ye ?

Nan limyè k ap klere nan Pòtoprens, depresyon kanpe tankou yon lonbraj k ap balanse, menmsi l parèt envizib nan zye moun yo. Maladi mantal sa a, ki an silans enfiltre lavi yon moun, kite dèyè yon siy tristès ak dezespwa, ki afekte moun ki soti nan tout kalite lavi e nan tout rankwen.

  • Kisa ki kapab koz yon moun fè depresyon ?

Depresyon se yon kondisyon konplèks ki enfliyanse pa plizyè faktè. Men kèk koz ki pi souvan prezante ki ka pèmèt ou idantifye depresyon Lakay yon moun :

1. Faktè jenetik ak istwa familyal: Yon predispozisyon jenetik (nan paran) ka ogmante risk pou yon moun devlope depresyon, sitou si manm fanmi pwòch yo te soufri tou de kondisyon sa a.

2. Predispozisyon sikolojik oswa emosyonèl: Pèsonalite, dimansyon karaktè ak kapasite pou jere estrès kapab enfliyanse vilnerabilite yon moun nan sa ki gen pou wè ak depresyon.

3. Faktè Fizyolojik: Dezekilib chimik nan sèvo a (diminisyon kapasite pwodiktisyon enèji newonn yo) ka kontribye nan depresyon, menm jan ak pwoblèm ki lye ak sistèm andokrin epi iminitè yo. Sa vle di, si yon moun pa ase nouri, si depresyon frape l, li ase vilnerab pou depresyon an fè gwo dega.

4. Evènman lavi ki bay estrès: Pèdi yon moun ou renmen nan nenpòt tip relasyon an, pwoblèm finansye oswa pwofesyonèl ki baze sou estrès konstitye yon ansanm faktè ki ka deklanche depresyon.

5. Pèsepsyon negatif sou pwòp tèt ou ak difikilte pèsonèl: Pèsepsyon yon moun genyen sou pwòp tèt li ki fè l genyen yon estim ki ba ak santiman ki pèsistan minimize valè l oswa dezespwa ki manifeste nan li ka mennen nan depresyon.

6. Chanjman òmònal: Chanjman k ap fèt ak òmòn yo, tankou sa ki asosye ak gwosès, menopoz oswa pibète, ka deklanche epizòd depresyon kay yon moun.

7. Pwoblèm Adiksyon: Abi sibstans tankou alkòl, dwòg oswa kèk lòt medikaman ka ogmante risk depresyon.


Li enpòtan pou n sonje ke depresyon se souvan rezilta konbinezon plizyè faktè. Men, tretman pou depresyon an dwe pèsonalize pou chak moun depandaman de koz ki pwovoke depresyon an.



  • Kijan nou kapab konnen sentòm ak siy ki montre yon moun ap sibi depresyon ?




Sentom yo divès kalite soti nan tristès ki repete tout tan, rive nan yon pèdi enterè nan bagay ki enpòtan nan lavi yon moun tankou : pwoblèm pou dòmi, fatig kwonik(atwòs), santiman ki pa vo anyen, difikilte pou konsantre, ak panse pou swiside (pou touye tèt ou). Men, sa pa vle di nonplis si yon moun genyen sentòm sa yo ke otomatikman l ap sibi depresyon. Li dwe pase wè yon espesyalis nan sante mantal pou konnen si sentòm sa yo pa revele lòt kalite maladi lakay li.




  • Ki efè maladi sa a kapab genyen pou ti bout tan ak tan ki long ?

Nan tan ki pa long, depresyon ka diminye motivasyon ak kè kontan, ki mennen nan solitid pwofon (chwazi ret poukont ou e pa apwoche sosyete a) ak enèji ki ba anpil. Kriz, kit ekonomik, politik oswa natirèl, aji kòm yon estimilan, agrave sentòm yo epi fè rekiperasyon sante mantal nòmal la vin difisil anpil. Nan tan ki long, li ka lakòz gwo fatig, doulè kò, ak ogmante risk pou maladi kè ak dyabèt, espesyalman nan yon kontèks kote aksè a swen sante mantal limite.



  • Kijan yon bon maryaj kilti ayisyen ak depresyon ka rive fèt ?

Kilti ayisyen an, tradisyon, relijyon ak kwayans li yo, jwe yon wòl enpòtan nan pèsepsyon ak tretman depresyon an. Inisyativ kominotè yo ap parèt pou kraze silans la, ofri gwoup sipò ak pwogram edikasyon. Atizay ak mizik, eleman santral idantite ayisyen an, sèvi kòm avni terapetik, ki pèmèt moun yo kanalize emosyon yo epi jwenn rekonfò. Men, kesyon kilti a konn poze pwoblèm tou pafwa nan sa ki gen pou wè ak kwayans moun yo nan pwennvi sinatirèl nan ka tretman pou yon moun ki depresif.


  • Ki lòt maladi depresyon kapab pwovoke ?

Depresyon poukont li se souvan yon sentòm oswa konsekans lòt kondisyon medikal ki konplike. Sepandan, depresyon ka vin pi konplike sitiyasyon sante yon moun sou baz yon dyagnostik jeneral epi kontribye nan deteryorasyon fizik ak mantal, ki ka potansyèlman mennen nan lòt konplikasyon oswa maladi. 


Men kèk kondisyon ak maladi ki ka vin pi mal ak depresyon:

1.      Maladi kè (kadyovaskilè): Depresyon ka ogmante risk pou moun ki fè maladi kè e vin plis konplike sitiyasyon yo.

2.       Dyabèt: Li ka afekte regilasyon dyabèt, sa ki kapab koz ke kontwòl sik nan san kapab vin pi difisil.

3. Obezite: Depresyon ka mennen chanjman nan apeti ak aktivite fizik epi kontribye nan obezite (moun ki ap gwosi e rive pran pwa pi plis ke pwa nòmal li).

4. Twoub nan dòmi: Li souvan asosye ak maladi tankou ensomni (paka dòmi) oswa ipèsomni (dòmi twòp).

5. Doulè kwonik: Depresyon ka entansifye/ogmante pèsepsyon doulè.

6. Twoub koyitif: Li kapab afekte memwa, konsantrasyon ak desizyon moun ki depresif la ap pran.

7. Rann sistèm iminitè vilnerab: Depresyon ka febli sistèm iminitè a, fè kò a pi vilnerab a enfeksyon.

Li enpòtan pou trete depresyon non sèlman pou amelyore sante mantal men tou pou ede anpeche oswa jere kondisyon ki asosye sa yo.


  • Ki wòl Sikològ yo genyen pou yo jwe e kijan ipò Kominotè a dwe ye ?

Sikològ ak pwofesyonèl sante mantal yo genyen abilite pou yo ede chak moun simonte defi ki gen rapò ak depresyon epi estrès lakay yo. Yo travay ansanm ak pasyan yo pou kreye plan tretman pèsonalize, anseye estrateji jesyon estrès, epi devlope ladrès pou anpeche epizòd depresyon pou pi devan. Men, malgre tout mezi sa yo, sa paka anpeche yon moun depresif nonplis, sitou si l ap fè fas ak yon ansanm sitiyasyon ke li pa t gen abitid la. Menmjan tou, nan yon fason oubyen yon lòt, dyaspora ayisyen an bay sipò esansyèl li nan sa ki gen pou wè ak ranfòse lyen ant ayisyen anndan kou deyò nan fason yo kapab . Men tou, sa gen rapò ak yon apèl mobilizasyon ke kominote entènasyonal la ak lidè ayisyen yo pran pou envesti nan sante mantal vin tounen yon priyorite esansyèl pou chèche garanti diyite moun ak jistis sosyal.




Pou n fini, depresyon nan peyi Ayiti se pa sèlman yon pwoblèm sante mantal; se yon kesyon de diyite moun ak jistis sosyal. Lè nou rekonèt prezans li ak batay kont li ak konpasyon ak detèminasyon, nou ka kontribye nan yon mond kote soufrans mantal yo adrese seryezman ak ijan. 


Luckson PIERRE (Hervil)

© EDIKANET 


Sous

Centre for Addiction and Mental Health (CAMH). “La dépression.” Disponible sur : https://www.camh.ca/fr/info-sante/index-sur-la-sante-mentale-et-la-dependance/la-depression

Organisation mondiale de la santé (OMS). “Principaux repères sur la dépression.” Disponible sur : https://www.who.int/fr/news-room/fact-sheets/detail/depression

Passeport Santé. “Dépression : symptômes, causes, traitements.” Disponible sur : https://www.passeportsante.net/fr/Maux/Problemes/Fiche.aspx?doc=depression_pm

Santé Canada. “La dépression.” Disponible sur : https://www.canada.ca/fr/sante-canada/services/vie-saine/votre-sante-vous/maladies/sante-mentale-depression.html 

Vidal. “Dépression de l’adulte.” Disponible sur : https://www.vidal.fr/maladies/psychisme/depression-adulte.html




Piblisite :



Èske w te konnen pou travay ou vle a, Staj, oubyen bous etid la, pou jwenn li,  *yon bon CV pwofesyonèl, lèt motivasyon enpòtan* ? Se sou sa y ap premye jije w pou Di si wi oubyen non ou kalifye ! 

Jodi a menm, sezi opòtinite sa pou w Aprann depi nan A rive nan Z kòman pou w fè CV, Lèt motivasyon, sèlman apati telefòn ki nan men w lan Anliy, san w pa bezwen deplase lakay ou ! Nan sèlman 2 semèn ! Teyori *+* pratik.


Oumenm tou ki ta renmen benefisye sèvis la, pou w jwenn Yon CV ann ijans, ki pa gen tan pou swiv fòmasyon an, pa gen pwoblèm !


Sispann rate opòtinite ou te reve a... Klike kounya sou lyen anba a pou w rantre sou gwoup WhatsApp la, se la w ap jwenn tout enfòmasyon sou kòman pou w enskri, kòman pou fè swivi yo !



https://chat.whatsapp.com/Jr9MTCxd6Tn1jbaL2Dnjqs

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?