SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?


 









Jeneralman, nan sa ki gen pou wè ak istwa peyi a, sitou sa ki te pase nan tan lakoloni. Anpil nan nou konnen te gen yon seremoni ki te fèt nan lane 1791, pi presizeman nan mwa dawout, kote esklav yo te reyini pou deside epi trase plan batay pou liberasyon yo, sa nou konnen sou non seremoni Bwakayiman an. Nan sans sila a, nan sa ki gen pou wè ak seremoni an, ki te gen alatèt li Boukman jan sa revele nan istwa peyi a. Gen yon bann pawòl  k ap di sou Boukman kòmkwa li ta va gen yon sèman, kote nan lide jeneral li l ap remete an kesyon yon swadizan Bondje blan, ki ta va pa vle wè bagay yo bon pou yo elt. Selon sa ki ekri pawòl Boukman te pwononse yo ta va pati konsa :


Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut,

Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage,

Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage,

Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits !

Bon dié blancs mandé crime, et part nous vlé bienfaits

mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ;

Li va conduit bras nous, la ba nous assistance,

Jetté portrait dié blancs qui soif dlo dans gié nous,

Couté la liberté li palé cœurs nous toùs.



Nan ti bout tèks sila a, nou pral fè yon ti kout je sou egzistans pawòl sila a, kote n pral gade fondman ak orijin koze sila a.


Premye sa yon moun gen pou di konsènan pawòl sila a, se konsènan orijin li. Nan ki moman moun nan peyi a te vin pran konesans pawòl moun yo jeneralman ap di se lapriyè Boukman nan seremoni Bwakayiman.

Nan sa ki gen ki disponib sou kesyon sila a, premye kote yon moun ka jwenn sous tèks sila ase nan yon liv yon ekriven ayisyen ki rele Hérard Dumesle, te ekri nan lane 1824 ki gen tit Voyage historique dans le nord d’Hayti ou Révélation des lieux et monuments historiques. Se nan liv sila a, nou pral jwenn tèks jeneralman moun yo konnen sou non lapriyè Boukman nan. Laverite sèke Hérard Dumesle se sa k te pase yo ki te enspire li ekri powèm sila a, se pa pawòl ki te soti egzakteman anba bouch Boukman vre li ta va jwenn nan ankèt oswa vwayaj li te fè nan Nò peyi a apre lendepandans lan. Dayè pi lwen Rodney Salnave fè konnen fason tèks la li menm li ye a, li pa koresponn nan okenn fason tou ak fason moun nan nò yo pale lang kreyòl la kote konn souvan gen yon pwonon « a » oswa « an » pou make posesyon apre yon mo. Yon lòt bò tou li pa rate okazyon tou pou mansyone sitiyasyon kote otè ti tèks sila a ki se Hérard Dumesle pa t presize se pawòl Boukman li ye. Yon pawòl anpil moun pral reprann pita pou asosye l ak Boukman san kondisyon.

Alòs nan kontèks jodi a, anpil moun kapab remake ti bout diskou sila a konn souvan parèt tèt li nan espas piblik nimerik la sitou, swa pou ta va eksprime atachman ak kèk valè relijye nan anpil ka. Konsa apati eleman enfòmasyon ki parèt pi wo yo, yon moun kapab remake sèman oswa lapriyè a Boukman nan plis rantre nan kad yon diskou mitik, pa rapò ak sa k te fèt nan lane 1791 lan. Men, domaj anpil fwa ki konn vle lage nou nan yon diskou esansyalis sou moun ki nan peyi a kòm ayisyen, sa ki on ti jan poze pwoblèm lè n ap gade fason moun yo te rive konstwi tèt yo nan peyi a.



Jacky Rodson THÉODORE 


 Source :

Hérard Dumesle cité par Rodney Salnave. « Kay + Iman nan kreyòl nan nò. 10 septanm 2016. Mizajou nan 17 Dawou 2020 [anliy] URL : http://www.bwakayiman.blogspot.ca/2016/09/kay-iman-nan-kreyol-nan-no.html; vizite 3 me 2023.





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti