Articles

Affichage des articles du juin, 2020

Rasis-Yon aktyalite douvanjou

Image
" Tout èt imen fèt lib egalego nan diyite ak nan dwa. Yo chak gen yon rezon ak yon konsyans konsa yo dwe aji youn ak lòt nan yon lespri fratènite." - Premye atik nan Deklarasyon  inivèsèl  dwa  moun nan. Malgre bèl pèspektiv  sila a, prejije yo ak diskriminasyon kontinye ap fè aktyalite nan monn nan. Ta sanble Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan  yo te adopte nan dat  10 desanm 1948 nan vil Pari nan peyi LaFrans nan Asanble Jeneral Nasyon Zini yo, gen gwo difikilte pou aplike nan kèk peyi menm nan peyi kote anpil moun te batay pou libète yo ak dwa sivik yo. Se avèk rezon yon ansyen komisè wo plase nan zafè dwa moun nan Nasyon Zini te deklare: " Sis deseni (60 an) aprè Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan [...], prensip egalite ak non-diskriminasyon yo poko prèt pou tounen yon reyalite toupatou nan monn nan."    Epoutan Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lagrikilti ak Lasyans ( UNESCO ) ki fè pati sistèm Nasyon Zini yo, gen gwo responsablite pou li favorize lapè toupa