Rasis-Yon aktyalite douvanjou




" Tout èt imen fèt lib egalego nan diyite ak nan dwa.
Yo chak gen yon rezon ak yon konsyans konsa yo dwe aji youn ak lòt nan yon lespri fratènite." - Premye atik nan Deklarasyon  inivèsèl  dwa  moun nan.



Malgre bèl pèspektiv  sila a, prejije yo ak diskriminasyon kontinye ap fè aktyalite nan monn nan. Ta sanble Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan  yo te adopte nan dat  10 desanm 1948 nan vil Pari nan peyi LaFrans nan Asanble Jeneral Nasyon Zini yo, gen gwo difikilte pou aplike nan kèk peyi menm nan peyi kote anpil moun te batay pou libète yo ak dwa sivik yo. Se avèk rezon yon ansyen komisè wo plase nan zafè dwa moun nan Nasyon Zini te deklare: "Sis deseni (60 an) aprè Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan [...], prensip egalite ak non-diskriminasyon yo poko prèt pou tounen yon reyalite toupatou nan monn nan." 

 Epoutan Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Lagrikilti ak Lasyans (UNESCO) ki fè pati sistèm Nasyon Zini yo, gen gwo responsablite pou li favorize lapè toupatou nan monn nan ak respè dwa moun pou kowoperasyon nan domèn edikasyon, lasyans ak lagrikilti. Nan tout domèn sa yo koze rasis lan  tounen yon gwo obstak pou pwogrè sa yo reyalize san fòs kote.
Tablo sa a bay gwo kè kase sitou pandan dènye ane sa yo kote imigrasyon ak pakèt refijye k ap kite peyi yo lakoz done demografik anpil peyi chanje yon fason konsiderab.

Ki orijin rasis lan ? Ki istwa l ?
 Èske gen prèv lasyans bay ki apwouve siperyorite yon ras sou yon lòt ?  
Poukisa nou ka konsidere rasis lan kòm yon fleyo pou limanite ? 
E Kijan nou ka evite genyen l lakay nou ?

Nan atik sa a nou pral jwenn repons kèk gwo spesyalis ak referans nan plizyè domèn ki ap ede nou konprann fenomèn sa a ak repons objektif yo bay pou kesyon sa yo ak lòt ankò.
Nou espere nou va pwofite tout sa ki pral di nan atik sa a. EDIKANÈT ap apresye anpil anpil kòmantè ak kritik nou pote sou atik sa a ak diferan atik nou pibliye deja yo.


Sou nòt sa a, nou swete nou yon bon lekti!


                    -EDIKANÈT





-Kèk moun ki ap manifeste kont rasis

  • Orijin rasis lan ak istwa l

An jeneral se lè yon moun gen prejije lakay li, li ka gen tandans rasis nan li. Rasis lan se youn nan tris aktyalite ki gen nan monn nan, yon pwoblèm kote okenn moun ta sanble pa epanye.
Li pa sifi sèlman pou nou denonse l paske nou rayi l, li enpòtan anpil pou nou chèche konprann li, konn kote li sòti pou nou ka pi byen ekipe pou nou kontrekare l.
 Menm jan  yon bon doktè chèche konn koz yon maladi ak fason li manifeste lakay yon pasyan anvan li ofri yon tretman, se konsa tou li pi enpòtan pou nou jwenn koz rasis lan olye nou jis ap riposte ak atak li yo. Sa pa t ap itil anyen piske vrè sous pwoblèm nan, nou pa rive idantifye l. L ap ka toujou refè sifas piske nou te jis trete sentom yo olye nou te rezoud koz fondamantal la.

Eske ou menm petèt, pèsonèlman ou te viktim anba diskriminasyon ki gen pou orijin kèk prejije ? Petèt se te ka pou koulè po w, pou relijyon w, pou kapasite w genyen, pou mwayen w genyen pou w viv oswa menm pou wotè w ak aparans ou.
Majorite moun ki viktim prejije konn santi yo jennen oswa yo konn santi yo manke konfyans nan tèt yo, sa ki konn koz anpil nan yo gen gwo laperèz lè yo pral kèk kote oubyen lè yo gen yon travay pou yo fè.
Anpil moun ki vize ak koze prejije yo, konn gen gwo difikilte pou yo jwenn yon travay, yon bon nivo enstriksyon nan kèk lekòl oswa menm pou yo benefisye kèk dwa konstitisyonèl.
Konsa sitayasyon sa yo konn lakoz lavi moun sa yo difisil anpil !
Men li enpòtan pou nou sonje kèlkeswa kote nou ye sou latè nou ka viktim anba kèk prejije. Mete sou sa, kèlkeswa moun nou ye a nou ka devlope lakay nou tou kèk tandans prejije, sa ki ka mennen lwen. 
Liv "Konprann prejije yo ak diskriminasyon an" (ann anglè) eksplike: " Konklizyon sandout ki pi enpòtan nou jwenn nan dènye etid ki fèt yo montre : 
1) Pa gen pèsonn sou latè ki gen bon nanm  li sou li ki pa ka gen prejije lakay li. (Se nou ki souliyen)

2) Pou nou rive konbat kèlkeswa prejije a, li nesesè pou nou pran konsyans pwoblèm lan epi fè jefò pou sa fèt.
3) Si nou byen deside, nou kapab reyisi konbat prejije yo."

Jan nou li sa nan liv sa a gen espwa, wi si nou vle nou kapab elimine kèlkeswa tras prejije nou ta ka gen nan nou. Se sak fè li pi enpòtan toujou pou nou fè travay sa nan nou menm anvan olye nou jis kouri denonse zak diskriminasyon nou wè oswa nou tande yo.
Nou rive wè, yon moun ki gen prejije lakay li defòme,mal entèprete oswa menm mete sou kote enfòmasyon ki kontrè ak pwòp opinyon l menmsi sa lakòz lòt moun soufri.
Prejije yon moun genyen ka vin ak kèk ide san fondman moun nan genyen ki baze sou ras, sou kilti men tou ak santiman nasyonalis ak kèk ansèyman relijye.
  • Nasyonalis 
  • Jan nou di sa a, santiman nasyonalis konn yon sous pou gen prejije.Diksyonè fransè "LeGran Robè" defini nasyonalis tankou se: "Soulve byen wo yon santiman nasyonal; atachman ki makonnen ak pasyon pou koulè lokal yon peyi,pou tradisyon yon peyi nou ladan."

  • Nan " Konfli ak kowoperasyon pami nasyon yo" (ann anglè) pwofesè Syans Politik  M.Ivo Duchacek fè remak sa a: " Santiman nasyonalis divize limanite an gwoup ki pa nan danse kole youn ak lòt. Se sak fè, toudabò moun yo panse antanke Ameriken, Ris, Chinwa, Ejipsyen oswa Perivyen jis apresa antanke moun- si toutfwa sa janm rive yo panse konsa." (se nou ki souliyen)

  • Yon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini te ekri bò kote pa l: " Yon bonkou pwoblèm nou gen pou rezoud jodi a sòti nan kèk ide moun genyen ki pa fè sans ditou - kèk moun genyen yo san yo pa menm panse sa. Pami yo, an nou site ide nasyonalis etwat la : 'Kit li gen rezon, kit li antò, se peyi m li ye' "
Byenke li toutafè nòmal pou nou renmen peyi nou, pou nou cheri l, pou nou defann li, nou tout bezwen sonje nou genyen yon sèl planèt pou nou viv, aksyon nou poze yo gen konsekans sou tout limanite. Menm jan li klè koze klima a konsène chak grenn peyi sou latè se konsa tou tansyon politik ki gen nan yon peyi ka gen gwo enpak sou lavi plizyè moun kèlkeswa orijin yo.Se menm jan an tou pou koze rasism lan ki konsène nou chak.

 Siman nou remake apre santiman nasyonalis ki ka yon faktè pou gen prejije, youn nan lòt gwo koz prejije se Rasism.

  • Rasism-
Gen yon diksyonè ki defini rasis kòm "prejije oswa lahèn yo demontre kont moun ki sòti nan lòt ras" epi li ajoute rasism lan se "ide ki fè  kwè  moun ki pa gen menm ras yo gen kalite ak kapasite ki diferan , epi gen kèk ras ki tou natirèlman siperyè oswa enferyè parapò ak lòt yo."
Sepandan jan sa parèt nan yon ansiklopedi (*The World Book Encyclopedia*), chèchè yo pa dekouvri okenn fondman syantifik pou ide ki ta fè kwè gen ras ki siperyè yon lòt.
Se avèk rezon nan reyinyon "UNESCO" te òganize nan vil Pari nan peyi laFrans nan mwa septanm 1967 la nou jwenn konklizyon sa yo:

1- Tout moun ki ap viv jodi a klase nan menm espès epi yo tout sòti nan yon menm souch.

2- Konesans nou genyen kounye a nan Byoloji pa pèmèt nou di reyalizasyon kiltirèl pèp yo fè yo gen pou koz diferans potansyèl jenetik. Nou kapab eksplike diferans ki egziste nan reyalizasyon diferan pèp yo daprè istwa kiltirèl yo. Divès pèp ki egziste nan monn nan sanble gen potansyèl byolojik ki egal, sa ki ka pèmèt nenpòt nan yo atenn nenpòt ki nivo sivilizasyon.

Li klè anviwònman ak pozisyon jewografik yon pèp se de faktè enpòtan ki kontribiye nan nivo pwogrè li reyalize. Koulè po pa gen okenn rapò ak sa.

  • Relijyon

Sipò legliz bay diktatè Hitler



Nan listwa anpil move zak, zak kriminèl, zak ki fè anpil san koule fèt nan non,sou pwoteksyon oswa benediksyon legliz¹.
Gen yon liv ki fè remake "anpil vye zak fèt lè moun sèvi ak relijyon pou kore objektif egoyis yo ak enterè gwoup etnik yo fè pati .  Se konsa relijyon ak prejije vin tankou pwason kraze nan bouyon". Peryòd yo rele Mwayenn AJ ak peryòd Refòm nan se peryòd ki make ak anpil zak fewòs kèk fanatik nan relijyon mennen ki touye anpil inosan.Se peyòd ki make ak pèsekisyon ak entolerans nan domèn relijye. Youn nan pakèt ka nou jwenn ki montre sa se *Konsil Oleyan ane 538 la* la ki te entèdi kretyen yo marye ak moun ki juif . 
Daprè kèk pansè "rasis kont nwa yo" ta gen pou orijin larelijyon. Anpil nan yo baze yo sou peryòd mache triyangilè a kote yo te konn vin ann Amerik ak nan karayib la ak anpil nwa sou bato yo te rele negriye pou vin vann kòm esklav. Anpil moun ki di yo se kretyen nan epòk la pa te gen pwoblèm ak sa, dayè anpil prèt te konn ale nan koloni yo pou "konvèti" esklav yo toutpandan yap fè yo pase tray. 
Byenke nan tan lontan ,yo te konn fè nwa yo vin esklav, nou pa dwe bliye depi byen lontan pratik sa a te la epitou se pa sèlman moun ki nwa ki te ka vin esklav. Nenpòt moun te ka vin esklav, kit li te yon senp moun kit li te okipe kèk gwo fonksyon.Se konsa anpil gwo gèryè , anpil wa ann Afrik te vin tounen esklav.

Èske li fè sans pou nou jije listwa zansèt nou yo sou baz konesans ak moral nou genyen kounye a?

Kèlkeswa repons nou bay pou kesyon sa a, li sèten esklavaj nwa yo te sisite lakay kèk moun tandans rasis oswa menm te alimante ak ide konsa, dayè sistèm esklavajis la ak Kòd nwa a² montre aklè ide siperyorite blan yo sou nwa yo, yo te konsidere esklav yo tankou bèt.
Kèk gran filozòf ak ekriven anpil moun byen konnen te konn apiye ide sa yo. Pa egzanp Monteskye (*Montesquieu) yon filozòf te ekri nan liv li a "Lespri lwa yo" : "Nou pa ka met nan tèt nou Bondye ki saj anpil, ta mete yon nanm, sitou yon nanm ki bon , nan yon kò ki nwa [...]"

Yon lòt ide anpil moun genyen pou defann rasis sa a, se ide ki ta fè kwè moun ki nwa yo se moun modi.Malediksyon sa a se Bondye li menm ki ta lage l sou yo.
Gen kèk sèk ki toujou ap anseye ideyoloji sa jis kounye a.Se konsa yon òganizasyon ki pote non Ki-Kliks-Klan (KKK) te vin pran nesans nan peyi Etazini.

Gè Sesesyon an ( 1861- 1865) ki te opoze Eta nan Nò yo ak Eta nan Sid yo te lakoz anpil moun mouri nan de kan yo. Eta nan Nò yo te Liberal tandiske Eta nan Sid yo te Esklavajis, se sak fè lè prezidan ameriken Abraham Lincoln te aboli esklavaj sou tout teritwa ameriken an nan dat 01 janvye 1863 a, sitiyasyon politik la ki te deja malouk ta pral lakòz pi plis moun antre nan gè a. Listwa revele nou se Eta nan Nò yo ki te genyen gè a. Nan youn nan Eta ki nan Sid yo, kèk blan ki pat vle aksepte ide egalite rasyal la, te met ansanm pou fòme yon òganis sekrè ki tap gen pou misyon kontrekare emansipasyon nwa yo. Se konsa nan Tenesi (*Tennessee) nan ane 1865 , òganizasyon an pran nesans.Depi lè sa a, misyon l pa chanje yo toujou vle yon Amerik "pirifye" ki gen blan sèlman. 
Jan sa parèt sou paj kouvèti a, lè moun ki fè pati Klan an ap fè kèk rityèl , yo mete yon kagoul (yon mask) ak wòb long blan ki gen kèk siy astroloji sou li.Yo gen yon flanbo byen limen yo kenbe nan men yo ansanm ak yon gwo kwa yo met dife sou li toutpandan y ap fè vire wonn li.
Nan peryòd segregasyon an, kèk manm nan Klan an te menm enplike nan kèk zak asasinay yo te fè sou nwa yo.




  • Fyète ki depase limit
Gen yon diksyonè ki defini fyète kòm yon " santiman ki fè yon moun santi l gen enpòtans, ki fè l kwè nan tèt li; yon santiman ki bay yon moun satisfaksyon paske li menm oswa yon moun ki pwòch avè l te fè yon bon bagay oswa l vin posede yon bon bagay".
Nòmalman se pa yon mal si yon moun santi l fyè. Anfèt , lè yon moun santi l kontan pou travay lòt moun fè oswa li montre l fyè de tèt li nan yon nivo ki rezonab, sa kapab bon pou li. Sa ka menm ankouraje l pou l fè plis bon bagay.
Li enpòtan pou nou sonje nou dwe fyè pou nasyonalite nou genyen , pou rasin nou.

Wi, nou pa dwe wont fanmi nou, kilti nou oswa kote nou grandi a.

Yon lòt bò, jan listwa montre n sa, fyète ki depase limit kapab lakoz gwo soufrans.
Pafwa , fyète mache men nan men ak rasism. Lè konsa, li ka pouse yon moun kwè nan pwopagann ki ta fè kwè "ras li", nasyon li ladan, koulè po l pi bon pase lòt yo. 
Se avèk kèk IDE apeprè menmjan an , yon oratè abil ki te fò nan fè pwopagann yo te rele Adolf Hitler ta pral pran latèt pouvwa alman an. Ak IDE siperyorite ras Aryèn nan (spesyalman pèp jèmen an) , nan mitan dezyèm gè mondyal la, Almay nazi a te mache ekstèmine plizyè milyon juif yo te konsidere kòm moun ki endezirab ak anpil lòt moun yo te pran pou ènmi yo.
Nan liv Adolf Hitler te ekri ki gen tit "Mein Kampf " (Konba m nan - ann alman) nan chapit 4 (kat) liv sa a anpil moun konsidere kòm yon Bib rasis, Hitler apiye anpil nan ide li yo sou prensip yon lòt ekriven diplomat ki rele Gobino (* Arthur De Gobineau) pou li di " ras aryèn nan se yon ras ki siperyè lòt yo.Lè yo melanje ras yo sa diminye yo."
Pi lwen nan liv sa a nan menm chapit la, li ekri: "Pi fò a fèt pou li domine , se pa pou li sakrifye grandè l lè li mele l ak sa ki pi fèb yo. Menm jan yon rena pa nan fè zanmitay ak yon zwa, yon chat ak yon sourit, Aryen an pa dwe gen pitye pou ras enferyè yo oubyen pou li ta melanje ak yo."
Li klè liv sa a te jwe yon wòl enpòtan nan ideyoloji Almay Nazi a sou IIIyèm Reich la.
IDE sa yo, ki pat gen yon bon baz syantifik te koute lavi anpil anpil moun.
Li klè, fo enfòmasyon, konesans limite nan kèk domèn lasyans kèk moun ki gen gwo renome bay ansanm ak move entèpretasyon  sou kèk rezilta rechèch se twa (3) nan pakèt rezon ki kapab eksplike orijin ide sa yo.

  • Lit kont rasism lan
Depi lontan kèk moun te wè ijans ki genyen pou yo chèche konbat flewo sa ki se rasism lan. Rasism lan ka frape nenpòt ki moun kèlkeswa laj li ak nivo ekonomik li. Li toujou anjandre laperèz ak enjistis nan anpil domèn. Li montre yon fason chokan animalite ki lakay lòm ak feblès nou genyen.Se avèk rezon kèk òganis ap chèche avèti pi plis moun posib sou pwoblèm sa a , yon fason pou li pa pran rasin nan yo pou li pa lakoz nou tounen dèyè ankò.
Nan lit sa a, anpil òganis konte sou edikasyon kòm pi gwo zam pou konbat li.
Yon bon edikasyon ede nou wè koz pwofonn yo , ede nou analize yo san n pa bay tèt nou manti epi ede nou reyaji yon fason ki saj ,si nou ta viktim kèk rasism.
Nan lit sa a, gen plizyè  mouvman tou ki vin kreye ki abòde l yon fason selon objektif yo genyen ak domèn yo vle atake l la.
Pa egzanp, Ozetazini gen mouvman "Black Lives Matter"  a (Lavi nwa yo gen valè) ki te kreye apre "Afè Trayvon Martin an" nan ane 2013 ki kontinye ap denonse vyolans polisye blan yo konn fè sou afwo-ameriken yo ak enjistis yo remake ki genyen nan sistèm jistis la.
Mouvman sa a se *Alicia Garza , Opal Tometi, Patrisse Cullors* twa fanm afwo-ameriken ki te kreye l.

Alicia Garza



Opal Tometi



Patrisse Cullors


Nan dènye jou sa yo, Afè George Floyd la te fè anpil moun pran lari pou manifeste kont rasism lan epi denonse vyolans polisye yo.
Georges Floyd se yon afwo-ameriken ki te mouri yon fason terib pandan kèk polisye te entèpele l pandan youn nan yo, te mete jenou l sou kou l pou li imobilize l toutpandan Floyd tap di:" I can't breathe !" (m pa ka respire!)⁴

  • Lit la dwe kòmanse nan fanmi yo
Tout sosyete moun , fòme apati yon estrikti fondamantal ki se fanmi. Si fanmi yo fèb, sosyete a ap fèb tou. Se poutèt sa lit kont rasism lan dwe kòmanse nan fanmi yo.
Anfèt, prejije yo ka parèt nan kad familyal la san nou pa menm rann nou kont, se kapab nan valè n ap transmèt timoun yo, nan sa n ap fè, fason nou konsidere etranje ak lòt moun ki pa gen menm nivo estati sosyal ak nou.
  • Èske w aprann pitit ou yo pou yo respekte moun ki gen lòt kilti, lòt kwayans ?

  • Èske valè ou transmèt pitit ou yo gen tras prejije ak diskriminasyon nan yo?

  • Èske pitit ou kwè l twò enpòtan pou l ta fè zanmi ak kèk kamad lekòl li oswa lòt elèv ki pap viv nan menm katye avè l oswa ki pa nan menm lekòl avè l ?

  • Èske ou menm paran ou gen tandans imilye oswa met lòt moun sou kote?

Sonje sa ! Sa nou fè gen plis enfliyans sou timoun nou yo pase sa nou di yo.

Anpil etid montre, lè timoun yo fèt, yo pa gen okenn tras prejije lakay yo.
Se konsa de tibebe oswa de timoun piti ki pa gen menm kilti, menm koulè po ka jwe ansanm san pwoblèm.
Sa raple nou yon istwa 
kote yon timoun ki tal mande manman l si mèt envite yon kamarad lekòl li lakay li pou fèt li epi manman an ki mande l :"Ki koulè po l?"
Timoun nan reponn: "M pa konnen"

  • Li klè pou timoun sa a koulè po kamarad li a pat enpòtan pou li, sèl sa li te wè se yon lòt timoun menm jan avèl.
Byenke ti istwa sa a touchan,gen anpil etid ki montre timoun ki gen pou pi piti twa lanne kapab devlope lakay yo kèk prejije si pawòl ak konpòtman moun ki nan anviwònman l make ak prejije.
Se sak fè, nan lit kont rasism lan paran yo gen wòl pa yo pou yo jwe tou.

<---------------------------------------------->

Byen konprann kèk ekspresyon

1- Legliz: Nan pati sa a, nou sèvi ak mo legliz pou fè referans ak kèlkeswa relijyon ki te patisipe nan trèt negriye a. Byenke listwa montre se plis relijyon katolik la ki te patisipe nan komès sal sa a, nou menm EDIKANÈT, nou pa gen pwoblèm ak okenn relijyon. Nou prezante enfòmasyon yo , jan yo ye.

2- Kòd nwa: Se tout règ ki te egziste pou kontwole aktivite esklav la nan atelye yo.
Atik 44 nan Kòd nwa a fè konnen esklav la se jis yon byen, pwopriyete mèt li.

Pou plis detay sou fenomèn rasism kont nwa yo ak dwa moun gade:

www.ohchr.org/hrday2010
http:// oppus.recherche.usherbrooke.ca

Oswa fè nou yon kòmantè epi nap reponn ou.

___________________________________


Commentaires

  1. Ce commentaire a été supprimé par l'auteur.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. A chak fwa mw fin li yon atik EDIKANET mwen toujou jwenn anpil bagay ke mwen pat konnen e ki toujou edem tou lè mwen aplike yo.
      Mp felisite nou pou kalite travay sa ke nap fè a ki se kontribisyon nou pote nan fòmasyon nou.

      Gras ak atik sa mwen aprann pa gen yon ras ki siperyè pa rapò ak yon lòt e sa edem a retounen jwenn estim de tèt mwen,de moun mwen ye a e ke mwen dwe fyè.
      Mèsi anpil EDIKANET!

      Supprimer
    2. EDIKANÈT ap di ou mèsi anpil anpil pou kòmantè sa a.Nou ap ankouraje w pou w toujou li atik nou yo.

      Supprimer
  2. Mw twouve ke atik la trè byen dokimantè. Li trè byen alabore, mw menm twouve ke li te dwe pibibliye an plizyè mòso. Mw tap prefere ke nou kite non pwòp yo nan òtograf orijinal yo (Le Grand Robert par exemple). Oubyen nou te ka sèvi ak yon diksyonè Ayisyen. Mw renmen inisyativ la. Bon travay! Mw panse nou te ka fè yon videyo ki akonpanye atik la tou.

    RépondreSupprimer
  3. EDIKANÈT di w mèsi lefètke w li atik nou yo epi w kòmante yo.
    Nou apresye sijesyon ou fè nou yo.
    Toutfwa jan sa parèt plizyè kote nan atik la, mo ak ekspresyon ki nan yon lang etranje ekri ann italik oswa nan mitan gimè yo.Nou tradui non kèk ouvraj an kreyòl toutpandan nou ekri nan ki lang nou te jwenn li sa ki ap fasilite lektè yo jwenn yo nan lang orijinal la.
    Se pa tout non nou jwenn yo nou ekri an kreyòl,genyen nou kite jan yo ye yo nan lang orijinal yo te ekri yo tandis ke gen lòt kote nou ekri yo an kreyòl toutpandan nou mete fason li ekri nan lang orijinal la nan parantèz.
    Kèk prensip nan domèn tradiksyon ba nou dwa fè sa nan yon sèten degre.
    Lang kreyòl ayisyen an toujou gen anpil travay ki pou fèt ladan pou li ka gen yon estrikti ki lojik, ki klè , ki plis anrichi ak bonjan règ gramè, se poutèt sa EDIKANÈT ekri nan yon stil ki senp, ki fasil pou moun konprann pou pèmèt tout moun ki enterese ak kreyòl ayisyen ansanm ak moun ki pale kreyòl sa a pou yo jwenn plizyè atik ki ap enterese yo nan lang sa a toutpandan n ap leve met byen wo lang kreyòl la pou li entegre kèlkeswa domèn lasyans epi pou nou garanti yon pi bon edikasyon nan lang kreyòl ayisyen sou entènèt.
    EDIKANÈT

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?