Articles

Affichage des articles du octobre, 2020

Yon Dezyèm Endepandans

Image
  Yon dezyèm endepandans Depi lanmò Anperè Latè DAyiti sanble modi ak lidè atoufè San sèvèl ki pa sispann kreye chimè Nan tout katye popilè Alèkile,yon avni pou yon sèkèy Se sa yo vann nou pou demen Gade dèyè pou devan Se sa ase nou regle depi plis pase desanzan Yon sosyete sanginè Ki manje jenn gason tankou se pay y ap boule Chimen simetyè tounen chimen lakay chak jou solèy leve Nou kontinye ap bourike Monte yon masuife ki pa sispann fè san koule N ap mache tankou yon bann zonbi Yon baboukèt nan dyòl nou Pandan lamizè ap fè dans seremoni nan vant nou Anpil san koule pou lapatri Tout se viktim yon sosyete kowonpi Nan pwen mati,tout se viktim yon sosyete malkadi Lajenès deklare sètase Yo twaze yon jenerasyon jenn konsènan Ki vle vanse pou pi devan Malgre obstak ak baryè yo mete N ap kontinye lite Chak frè ak sè ki tonbe Se yon grenn ki tonbe nan tè Ki pwodui fwi yon nouvèl Ayiti eklere Ann batay pou konesans libere n anba inyorans N ap kontinye batay Pou sila yo ki tonbe nan lit la Wi!