Yon Dezyèm Endepandans


 Yon dezyèm endepandans

Depi lanmò Anperè
Latè DAyiti sanble modi ak lidè atoufè
San sèvèl ki pa sispann kreye chimè
Nan tout katye popilè

Alèkile,yon avni pou yon sèkèy
Se sa yo vann nou pou demen
Gade dèyè pou devan
Se sa ase nou regle depi plis pase desanzan

Yon sosyete sanginè
Ki manje jenn gason tankou se pay y ap boule
Chimen simetyè tounen chimen lakay chak jou solèy leve
Nou kontinye ap bourike
Monte yon masuife ki pa sispann fè san koule

N ap mache tankou yon bann zonbi
Yon baboukèt nan dyòl nou
Pandan lamizè ap fè dans seremoni nan vant nou
Anpil san koule pou lapatri
Tout se viktim yon sosyete kowonpi
Nan pwen mati,tout se viktim yon sosyete malkadi

Lajenès deklare sètase
Yo twaze yon jenerasyon jenn konsènan
Ki vle vanse pou pi devan
Malgre obstak ak baryè yo mete
N ap kontinye lite

Chak frè ak sè ki tonbe
Se yon grenn ki tonbe nan tè
Ki pwodui fwi yon nouvèl Ayiti eklere

Ann batay pou konesans libere n anba inyorans
N ap kontinye batay
Pou sila yo ki tonbe nan lit la

Wi! Ann fè yon dezyèm endepandans

EDIK ANET

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?