Articles

Affichage des articles du février, 2021

ᗩᑎᗷYᗩᑎՏ Kanaval

Image
Yon ti mo  pou lektè yo: Ki pi gwo manifestasyon kiltirèl ki egziste an n Ayiti? .... Wi,  se sa se kanaval. Chak ane se plizyè milye moun ki al patisipe nan kanaval nasyonal la. Bèl cha byen dekore,bèl kostim plen koulè, defile ak kèk manèv atis yo, se kèk bagay nou ka wè byen bonè nan kanaval la. Pita menm, djaz ak anpil atis pran chante sou estann yo ak sou yon seri cha men wotè kote y ap bay foul la plezi. Pou anpil moun ki abitye ale nan kanaval,pa gen pi bèl plezi pase sa.Se moman pou yo banboche, defoule yo tankou moun ki bliye mizè lavi. Si ou se youn nan moun sa yo, siman w ap dakò ak pawòl sa yo doktè Douyon te di :  " Si pa te gen kanaval an n Ayiti Pifò ayisyen t ap fou."   Men, ki sa nou konnen toutbon sou fèt sa a? Ki kote fèt sa pran nesans? e kijan li fè rive sou zile nou an?  Kesyon sa yo ak anpil lòt reponn nan atik sa a. Kèlkeswa sa nou ta ka panse sou fèt sa a, nou ka aprann anpil bagay enteresan sou fèt sa a ki rete kanmenm youn nan bèl fason pèp ayi syen