ᗩᑎᗷYᗩᑎՏ Kanaval



Yon ti mo  pou lektè yo:

Ki pi gwo manifestasyon kiltirèl ki egziste an n Ayiti? ....

Wi,  se sa se kanaval.



Chak ane se plizyè milye moun ki al patisipe nan kanaval nasyonal la. Bèl cha byen dekore,bèl kostim plen koulè, defile ak kèk manèv atis yo, se kèk bagay nou ka wè byen bonè nan kanaval la. Pita menm, djaz ak anpil atis pran chante sou estann yo ak sou yon seri cha men wotè kote y ap bay foul la plezi. Pou anpil moun ki abitye ale nan kanaval,pa gen pi bèl plezi pase sa.Se moman pou yo banboche, defoule yo tankou moun ki bliye mizè lavi. Si ou se youn nan moun sa yo, siman w ap dakò ak pawòl sa yo doktè Douyon te di : 
" Si pa te gen kanaval an n Ayiti
Pifò ayisyen t ap fou."
 Men, ki sa nou konnen toutbon sou fèt sa a?
Ki kote fèt sa pran nesans? e kijan li fè rive sou zile nou an? 
Kesyon sa yo ak anpil lòt reponn nan atik sa a.
Kèlkeswa sa nou ta ka panse sou fèt sa a, nou ka aprann anpil bagay enteresan sou fèt sa a ki rete kanmenm youn nan bèl fason pèp ayisyen an valorize kilti l ak eritaj zansèt li yo.


Ki orijin li?

Mo 'kanaval' la sòti nan mo laten carnelevare
 ki, jan nou ka wè sa , se konbinezon de mo
'carne' ki vle di literalman : chè oswa po [vyann]
ak mo 'levare' a ki vle di : retire.
Mo pou mo, nou ka di kanaval la siyifi :kale kò.
 Nan sosyete kretyen yo, an jeneral kanaval la kòmanse jou epifani a epi li fini Mèkredi Sann yo. Sa yo rele Madi gra a se dènye jou kanaval la.
Orijin fèt sa a remonte nan epòk lantikite sitou nan peyi la Grès ak Wòm antik la. Daprè istoryen Will Durant, grèk yo te rele komos tout divètisman kote yo te konn mete yon seri degizman ki sanble ak ògàn seksyèl moun toutpandan y ap chante an lonè Dyonizòs, dye diven an nan mitoloji grèk la. Pita, women yo ta pral rele dye sa a, Bakus. Li enteresan pou nou konnen mo grèk kômos la siyifi krèy e selon sa listwa rapòte,  nan fèt yo te konn fè pou dye sa a,moun yo te konn bwè jouk yo sou, moun yo te konn mache an bann, y ap bwè, y ap chante.Fèt sa yo te si tèlman chofe,moun yo te konn pran trans e yo te konn tonbe nan tout kalte derègleman.Kèlkeswa moun ou te ye a, piti kou gran, ofisye kou senp sitwayen, tout moun te ka viv ak lòt.



Kanaval la sou zile d Ayiti

Malerezman, nou pa fin konnen kouman ekzakteman kanaval la fè antre sou zile d Ayiti.
Men anpil ekspè panse se pandan peryòd kolonizasyon espayòl la nan XVIᵉ  syèk la fèt popilè sa a te antre sou zile a. Rich kolon yo te konn mete mas ak lòt degizman men pa t gen bann òganize. Sou tan la koloni, li klè esklav yo pa t gen dwa patisipe nan fèt sa a.Sou tan jeneral Tousen Louvèti, esklav yo te kòmanse patisipe nan kèk rasanbleman popilè kote yo te ka pyafe, banbile. Se te yon fason tou pou jeneral la, kite foul la aplodi li menm ak lame l la.
Depi tan okipasyon blan meriken sou bout tè Repiblik la, gen anpil bagay ki chanje nan fason yo te konn òganize fèt sa a. Pa egzanp, se nan ane 1927, yo vin ak koze rèn kanaval la e se te Camille Duplessis ki te premye rèn kanaval Ayiti.Sòti ane 1942 rive 1949, prezidan Lesko te entèdi kanaval la akoz Gè Mondyal la.Kanaval la te rete pandan yon tan zafè klas boujwazi a men ti kras pa ti kras  apati ane 1927,yo te vin pèmèt mas pèp la vin patisipe nan kanaval la e se pandan menm ane sa a, yo te kòmanse chwazi tèm pou kanaval yo chak ane.

Alèkile, kanaval la fè pati kilti anpil peyi tankou Brezil, Ayiti, Trinidad,Almay, Itali,laFrans ak lòt ankò. Yo chak gen orijinalite pa yo,istwa yo ak yon istwa ki kache dèyè yo.

Nou espere ti vwayaj sa nou sot fè nan listwa ak sou kèk evènman ki te make kanaval la an n Ayiti te fè w aprann anpil bagay enteresan ki petèt ka fè w anvi konn plis sou kanaval ak sou degizman ki jeneralman mache ak li.


Si w te kontan sa w aprann nan atik sa a, siman pwochen nimewo nou an ap fè w plis kontan toujou.

Nan pwochen nimewo a, nou pral pale sou orijin degizman bann a pye yo e spesyalman sou kèk moman fò kanaval 2021 an nan Pòdepè.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?