Articles

Affichage des articles du juin, 2021

Kòman Renmen Ayiti ?

Image
  Si yon moun toujou renmen Ayiti malgre sa pa bon, èske l ipokrit pou sa ? Jounen jodi a majorite mesaj k ap sikile sou rezo sosyo yo reflete yon dezespwa total kapital menm jan Etzer Vilaire te dekri n sa nan youn nan liv li te ekri sa gen yon bon ti tan de sa deja, ki gen pou tit :  Les Dix Hommes Noirs - èske nou li l deja ? Dezespwa total sa a se pa fòt moun k ap viv nan peyi a si n ap konsidere plizyè boulvèsman nou pran yo, e nan malsite n ap viv, ki pa gen lòt mo pou eksprime l pase : tentennad. Plizyè moun ki kite peyi a, patikilyeman jèn yo ki al etidye, chèche lavi lòtbò dlo, se pa yon pwoblèm depi se sèlman konsa yo wè yo ka ede pwòp tèt yo, fanmi yo, zanmi yo, e peyi an jeneral… Tout gran etalaj sa yo se pou te ka vini ak gran pwen an ki se : "ipokrit" si yon moun toujou renmen peyi a malgre nan etal ye a la. Premyeman : ki sa ipokrizi ye ?  Se lè yon moun pa sensè ! Sa ke nou ka refize kategorikman, paske si yon moun kanpe, epi l di li renmen peyi a malgre jan s