Kòman Renmen Ayiti ?


 

Si yon moun toujou renmen Ayiti malgre sa pa bon, èske l ipokrit pou sa ?


Jounen jodi a majorite mesaj k ap sikile sou rezo sosyo yo reflete yon dezespwa total kapital menm jan Etzer Vilaire te dekri n sa nan youn nan liv li te ekri sa gen yon bon ti tan de sa deja, ki gen pou tit :  Les Dix Hommes Noirs - èske nou li l deja ?

Dezespwa total sa a se pa fòt moun k ap viv nan peyi a si n ap konsidere plizyè boulvèsman nou pran yo, e nan malsite n ap viv, ki pa gen lòt mo pou eksprime l pase : tentennad.

Plizyè moun ki kite peyi a, patikilyeman jèn yo ki al etidye, chèche lavi lòtbò dlo, se pa yon pwoblèm depi se sèlman konsa yo wè yo ka ede pwòp tèt yo, fanmi yo, zanmi yo, e peyi an jeneral…

Tout gran etalaj sa yo se pou te ka vini ak gran pwen an ki se : "ipokrit" si yon moun toujou renmen peyi a malgre nan etal ye a la.


Premyeman : ki sa ipokrizi ye ? 

Se lè yon moun pa sensè ! Sa ke nou ka refize kategorikman, paske si yon moun kanpe, epi l di li renmen peyi a malgre jan sitiyasyon yo ye la sa pa pwouve nan anyen li ipokrit pou sa, men pito yon lespri patriyòt ki anime.


Dezyèman si n ap dekri lanmou, yon mo ki totalman abstrè, ki ka defini tankou : yon santiman ki envolontè - yon moun pa p janm ka kanpe di li chwazi renmen yon moun ou nenpòt lòt bagay li te ka ye a. Lanmou tonbe sou moun sanzatann.


Pou pouswiv, lanmou pou peyi n se yon bagay ki ale pi lwen toujou, se yon devwa patriyotik. Se pa sèlman renmen peyi a sèlman lè l bèl, men lanmou an toujou ap manifeste nan nenpòt sitiyasyon li te ka twouve l la, pandan ke nou ta toujou vle byen pou li, swete pou bagay yo toujou ale mye ! E se devwa nou menm antake patriyòt pou sa vini posib : yon demen miyò !

Se tankou lè de moun damou, yo renmen lè sa bon, lè sa pa bon pandan y ap fè tout sa ki posib, e enposib menm pou sa vin mye.


Twazyèman pou fini ; Li senp, se tout moun ki renmen peyi a sèlman lè sa bon ki ipokrit, se tankou yon fanm ki di l damou yon nèg oubyen yon nèg ki damou yon fanm sèlman lè moun lan ap byen vire… Sèlman lè sa bon ! Daprè ou menm èske l renmen moun sa vre ? 


Brèf, pandan tout sitiyasyon sa yo ap pase, kesyon n ta sipoze poze tèt nou se : èske se pa yon mank lanmou bò kote majorite ayisyen pou peyi a ki koz nou nan eta sa a jounen jodi a ? Moun ki panse yo gen peyi de rechanj yo ! 

Moun ki wè sèlman pwòp tèt yo ! Paske lanmou yon pèp pou yon peyi se sa ki ka rann yon peyi avanse. Tout moun ap met men nan pat la, e manje a pa p fouti pa gou.




Mèsi ak ou menm ki t ap li atik la, pa bliye kòmante, poze n kesyon, pote kritik.


Kòm nou konn sa deja, EDIKANET konstitiye de yon staf etidyan nan inivèsite leta, ki pa ko gen moun k ap sponnsorize l. Sipò w  ap vrèman enpòtan pou nou ka kontinye sèvi w pi rapid, pi byen.

Si w vle fè sa, ou ka fè l pa plizyè mwayen :

1) Ou ka fè n jwenn kèk bon ransèyman, zouti pou n ekri epi fè rechèch.

 Ekri n sou :

 edikanet509@gmail.com

 oubyen nan nimewo ki anba yo. Avèk yon mesaj !

2) Ou ka achte yon braslè, yon chèn, yon sipò telefòn, yon pòt kle ki gen ladan yo logo EDIKANET la ki enprime. Pa ezite kontakte n kounya si w bezwen.










3) Kounye a, EDIKANET gen yon kont PayPal si ou renmen travay n ap fè a, e w ta vle sipòte nou jan w kapab tape lyen sa a kounya :


 https://www.paypal.me/edikanet



Ou menm ki pa gen PayPal, w ap viv aletranje ou ka fè l sou topup online sou : +509 4158-3394 

Ou Menm ki ann Ayiti ou ka toujou fè l sou Moncash nan nimewo sila a : +509 3635-3387

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?