Articles

Affichage des articles du janvier, 2022

7 gwo mistè ki defye entèlijans nou pou millan

Image
Èske li posib pou n kominike ak yon moun k ap viv plis pase plizyè santèn milye kilomèt de kote n ye a san nou pa oblije deplase?  Èske li posib pou n rive fè konesans ak plizyè kategori moun ki pa gen menm kilti, ki pa p viv menm kote , ki pa pale menm lang san nou pa deplase? Èske li posib pou nou fè laviwonn tè a nan kèk èdtan sèlman? Èske l posib pou n vwayaje al pi lwen ke planèt nou an? Èske l posib pou n prevwa kèk fenomèn natirèl tankou : siklòn ak sechrès? Kesyon sa yo ka parèt dwòl  pou yon moun k ap viv nan 21yèm syèk la ta poze men lè n pran tan n pou n byen gade,n ava rive wè tout pwogrè nou fè depi nan kòmansman evolisyon nou  antanke èt vivan entèlijan . An reyalite kesyon sa yo kache plizyè milye ane dekouvèt, rechèch ak eksperyans  sòti sou gran paran nou yo ki te dekouvri dife rIve sou nou menm ki ap lanse teleskòp JAMES WEBB nan lespas pou ogmante konesans nou sou linivè. Se vre, limanite fè anpil pwogrè e ak vitès bagay yo prale a,  nou ka di sa yo se tòkèt la, chay