7 gwo mistè ki defye entèlijans nou pou millan


  • Èske li posib pou n kominike ak yon moun k ap viv plis pase plizyè santèn milye kilomèt de kote n ye a san nou pa oblije deplase?
  •  Èske li posib pou n rive fè konesans ak plizyè kategori moun ki pa gen menm kilti, ki pa p viv menm kote , ki pa pale menm lang san nou pa deplase?
  • Èske li posib pou nou fè laviwonn tè a nan kèk èdtan sèlman?
  • Èske l posib pou n vwayaje al pi lwen ke planèt nou an?
  • Èske l posib pou n prevwa kèk fenomèn natirèl tankou : siklòn ak sechrès?
Kesyon sa yo ka parèt dwòl  pou yon moun k ap viv nan 21yèm syèk la ta poze men lè n pran tan n pou n byen gade,n ava rive wè tout pwogrè nou fè depi nan kòmansman evolisyon nou  antanke èt vivan entèlijan . An reyalite kesyon sa yo kache plizyè milye ane dekouvèt, rechèch ak eksperyans  sòti sou gran paran nou yo ki te dekouvri dife rIve sou nou menm ki ap lanse teleskòp JAMES WEBB nan lespas pou ogmante konesans nou sou linivè.









Se vre, limanite fè anpil pwogrè e ak vitès bagay yo prale a,  nou ka di sa yo se tòkèt la, chay la dèyè.  
Pou anpil moun ,imajinasyon lòm san limit,  yo rete kwè, anpil sa nou konsidere jiska prezan kòm rèv ka vin tounen reyalite pi vit pase sa nou ta ka panse. 
Anpil nan moun sa yo rete pozitif sou lavni,  yo kwè ak entèlijans nou ak lespri kreyatif  nou demontre antanke espès entèlijan makonnen ak lasyans, n ap rive rezoud gwo pwoblèm limanite ap rankontre jodi a(pwoblèm rasyal, etni, sante,  rechofman klimatik,  elatriye...),  pou yo menm se jis yon kesyon tan.
Kontrèman ak moun sa yo, gen yon bonkou moun pami yo memn gwo syantifik ki pa fin wè bagay yo kon sa,  okontrè!

Se sèten,  ou menm k ap li atik sa a wè bagay yo yon jan,  ou ka pataje l ak nou lè w kite yon mesaj, n ap kontan anpil konn sa w panse. 


Depi tout tan gen tan, gwo pwogrè nou rive reyalize antanke espès, sòti nan bezwen natirèl nou genyen pou n konprann sa ki toutotou n, pou amelyore kondisyon lavi n oubyen akoz yon pwoblèm lanati mete devan nou. Nan fason sa yo,  nou rive fè anpil , men toujou gen bagay nou pa konprann.Lasyans se youn nan fason nou itilize pou reponn plizyè mistè legzistans nou fè n kwaze.Nou vin remake tou youn nan zouti pisan li genyen se 'Matematik'.

Sa pa etonan,  dayè tout gwo revolisyon syèk pase yo nan domèn teknik,  endistri,  teknolojik ak lamedsin te fèt sou chapant zouti sa pa egzanp :rezo telekominikasyon yo, machin otonòm yo,  robotik, machin, avyon,  fize,... 
Imajine ki sa monn nan t ap sanble san dekouvèt zouti sila a paske menm si sa parèt mistè , linivè sanble gouvène daprè yon seri Lwa matematik ki gen gwo enpak sou egzistans nou.Rive dekouvri Lwa sa yo siyifi pou nou menm, pi byen konprann fonksyonnman linivè, amelyorasyon kalite lavi nou epi domine tè a ak tout sa ki sou li. 
Se pou rezon sa yo,  plizyè gwo tèt tankou:Steve Job, Stephen Hawking,  Albert Einstein, Marie Curie ak plizyè lòt ankò te kontribye nan gwo revolisyon syèk pase a.  Men malgre konesans nou pa sispann ogmante,  gen pwoblèm ki sanble tenas.Jou n ava rezoud yo se va yon kokenchenn avanse san parèy.
Se kon sa 24 me 2000 ,yon enstiti matematik yo rele 'Clay Institute of Mathematics ' te prezante yon lis 7 pwoblèm ki te rèd anpil menm pou pi gwo jeni dantan yo.  Yon pri yon milyon dola vèt  ak rekonesans entènasyonal se tou sa enstiti a ak kominote syantifik la ap bay nenpòt moun ki rive rezoud youn nan 7 pwoblèm sa yo. Jou pwoblèm sa yo va rezoud se va yon pa enpòtan ki va franchi nan konpreyansyon plizyè fenomèn fizik, nan ekonomi,  nan sekirite bankè,  elatriye. 

Pwoblèm sa yo tèlman difisil,  gen yon selèb matematisyen, Paul Erdös ,yon lè pandan l t ap pale sou youn nan pakèt pwoblèm sa yo,  ki te di :"Syans matematik la pa ko pare pou rezoud yon pwoblèm kon sa".

Nan epòk modèn n ap viv la,  kote nimerik la vle foure kò l tout kote, yon epòk kote entèlijans atifisyèl la pwomèt, kote ekonomi an ap bouje san rete, kote tranzaksyon ap fèt chak jou,  vwayaj elatriye,  rezoud kèk nan pwoblèm sa yo ka gen menm efè lè nou te envante entènèt!

Ki non pwoblèm sa yo? Ki kote yo sòti?

Se kesyon sa yo ak lòt ankò ki va reponn nan pwochen nimewo nou an. 



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?