Articles

Affichage des articles du juillet, 2022

7 𝙿𝚠𝚘𝚋𝚕è𝚖 𝚙𝚘𝚞 𝚙𝚛𝚒 𝚖𝚒𝚕𝚎𝚗è 𝚊-IPOTÈZ RIEMANN nan

Image
7 𝙿𝚆𝙾𝙱𝙻𝙴𝙼 𝙿𝙾𝚄 𝙿𝚁𝙸 𝙼𝙸𝙻𝙴𝙽𝙴 𝙰 premye pati Ipotèz Riemann nan __________       8 out 1900 nan okazyon dezyèm kongrè entènasyonal matematisyen yo, David Hilbert yon matematisyen ki te gen renome pou pakèt dekouvèt li te fè nan divès branch matematik la pran lapawòl.  Pami moun ki la yo, plizyè nan yo se matematisyen ekspè ki deja fè teyorèm ki pote non yo oswa rezoud kèk pwoblèm matematik patikilye. David Hilbert mete anfas kominote matematik la yon lis 23 pwoblèm matematik difisil pou yo chèche rezoud avan fen 20yèm syèk la. Byenke anpil pwoblèm nan lis sa a te rive rezoud nan syèk pase a, gen de-twa-grenn ki jis kounye a rete yon defi pou meyè matematisyen yo. Se kon sa pou ankouraje chèchè yo plis toujou, yon enstiti matematik ki pote non "Clay Mathematics Institute" pran nan pwoblèm Hilbert te prezante yo ki pa ko rezoud yo ak lòt pwoblèm ankò pou fòme yon lis 7 pwoblèm ki pote non ' 7 pwoblèm pou pri milenè a '.  Men 7 pwoblèm yo jan Enstiti a te p