7 𝙿𝚠𝚘𝚋𝚕è𝚖 𝚙𝚘𝚞 𝚙𝚛𝚒 𝚖𝚒𝚕𝚎𝚗è 𝚊-IPOTÈZ RIEMANN nan


7 𝙿𝚆𝙾𝙱𝙻𝙴𝙼 𝙿𝙾𝚄 𝙿𝚁𝙸 𝙼𝙸𝙻𝙴𝙽𝙴 𝙰
premye pati


Ipotèz Riemann nan
__________
 
    8 out 1900 nan okazyon dezyèm kongrè entènasyonal matematisyen yo, David Hilbert yon matematisyen ki te gen renome pou pakèt dekouvèt li te fè nan divès branch matematik la pran lapawòl.

 Pami moun ki la yo, plizyè nan yo se matematisyen ekspè ki deja fè teyorèm ki pote non yo oswa rezoud kèk pwoblèm matematik patikilye.
David Hilbert mete anfas kominote matematik la yon lis 23 pwoblèm matematik difisil pou yo chèche rezoud avan fen 20yèm syèk la.

Byenke anpil pwoblèm nan lis sa a te rive rezoud nan syèk pase a, gen de-twa-grenn ki jis kounye a rete yon defi pou meyè matematisyen yo.
Se kon sa pou ankouraje chèchè yo plis toujou, yon enstiti matematik ki pote non "Clay Mathematics Institute" pran nan pwoblèm Hilbert te prezante yo ki pa ko rezoud yo ak lòt pwoblèm ankò pou fòme yon lis 7 pwoblèm ki pote non ' 7 pwoblèm pou pri milenè a'. 

Men 7 pwoblèm yo jan Enstiti a te pibliye yo jou ki te 24 me 2000 la.
1- Teyori Yang-Mills la
2- Ipotèz Riemann nan
3- Pwoblèm P=NP a
4- Ekwasyon Navier-Stokes yo
5- Konjekti Hodge la
6- Konjekti Poincaré a
7- Konjekti Birch ak Swinnerton-Dyer la

Enstiti a angaje l pou l bay nenpòt moun ki t ava rezoud youn nan 7 pwoblèm sa yo yon milyon dola ameriken (1.000.000 $).

Si pandan n ap li atik sa a ,nou te jis di tèt nou:"pwoblèm sa yo dwe difisil!" 
Lè nou wè kantite lajan y ap bay la, se sèten pwoblèm sa yo rèd anpil.Gen nan yo la ki gen plis pase 100 an depi pèsòn pa rive rezoud yo.
Se sèlman 6yèm pwoblèm nan ki te rive rezoud nan ane 2002 , prèske yon syèk apre matematisyen fransè Henri Poincaré te premye moun ki te reflechi sou li.

Nouvo seri nimewo sa a EDIKANET ap fè parèt sou blòg sa a ap gen 7 pati. Nou fè l nan objektif pou pèmèt nou gen yon 'lide' ki klè sou ki sa pwoblèm sa yo ye ak konsekans y ap genyen sou lavi n ap mennen chak jou, si yon jou yo tout rive rezoud.

Tout sa nan lide pou onore lang kreyòl la nan peyizaj konesans lan.
 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?