MONN NAN ANBA MENAS YON TWAZYÈM GÈ MONDYAL



         Nan tout listwa , nou jwenn akò pou lapè ki siyen ant de oubyen plizyè lòt peyi pou pa fè lagè. Malerezman byen souvan,lapè ki vin apre siyati akò sa yo pa dire lontan. Rive yon moman, akò sa yo kòmanse pa respekte ankò, tout moun rekòmanse  fè sa yo vle. Tout moun ap defann enterè peyi pa yo: enterè ekonomik yo,jewopolitik yo ; bliye pwomès yo te fè yo.Yo vin pa kapab jwenn yon antant diplomatik pou rezoud konfli yo.Sitiyasyon sa konn lakoz tansyon, tansyon ki konn mennen nan lagè. Youn nan egzanp listwa kite pou nou se SDN ,feblès sosyete nasyon an ki te kreye nan lane 1919 pou fè peyi yo jwenn antant pou yo pa fè lagè, te kaba.Li pa t ka jwe wòl sa ankò, paske se yon santiman rebelyon ki t ap degaje lakay peyi yo avan dezyèm gè mondyal la te eklate.

Jounen jodi a si n ap suiv, n ap kapab wè gen anpil tansyon ant plizyè peyi tou tankou: Etazini, laChin ak Taywann; Risi ak Ikrèn; Nò Kore, Sid Kore, Japon. Gen yon seri blòk k ap monte, yon seri alyans k ap fèt (Opep +, OTAN k ap ranfòse, elatriye). 

Nan sans sa, èske nou ka di monn nan pral retounen nan yon gè mondyal ? Eske se twazyèm gè mondyal la ki pa lwen rive ?

Pou nou ka byen konprann sitiyasyon nou ladan l lan,  atik sa a rasanble enfòmasyon ki ajou ansanm ak analiz kèk ekspè-chèchè fè sou sa ki gen pou wè ak konfli ak lagè.

Pwen sa yo prezante selon chema sa a:

  1. Ki sa ki te toujou lakoz gwo gè sa yo nan monn nan?
  2.  Ki kote nou ye nan evolisyon evènman yo? 
  3.  Èske nou pa lwen konnen yon twazyèm gè mondyal?


1. Ki sa ki toujou lakoz gwo gè sa yo?





       Chak fwa gen sitiyasyon kote pral gen lagè, toujou gen yon seri evènman espesyalis yo bay non 'eleman deklannchè' ki toujou mennen nan moman sila a.

 Eleman ekonomik

    Chak nasyon toujou ap chèche devlope kapital ekonomik yo. Yo konn vle kontwole mache ekonomik mondyal la, pou yo gen plis resous pou  ekonomi peyi yo vanse. Rezon ekonomik konn lakoz de oubyen plizyè peyi nan konfli.Pafwa se pou yo ka fè komès ak lòt peyi oubyen kraze ekonomi lòt peyi. Pa egzanp, youn nan rezon ki te fè Etazini antre nan premye gè mondyal la se paske enterè ekonomik li te vin menase. Lòt egzanp ankò,se peyi Almay ki te bezwen gen plis richès, ki t ap goumen pou l jwenn tranch gato pa l nan sa ki t ap separe ann Afrik la anpalan de pataj teritwa. 

Eleman jewopolitik ak jewografik. 

Lespri kolon gran pisans yo ,konn fè yo vle gen plis teritwa, vle domine, chita pisans yo patou nan monn nan. Sitiyasyon sa yo konn lakòz peyi y ap toupizi yo revòlte oubyen vin gen plis pwoblèm.  Nou kapab di konfli enterè se prensipal koz lagè nan mitan nasyon yo.N ap raple n youn nan koz fondamantal Gran gè a ,se teritwa Alzas ak Lorèn nan nan lane 1871 Lafrans te pèdi a. Nan dezyèm gè mondyal la, Almay Nazi a ki te vle sèl kòk chante nan kontinan Ewòp la te chèche domine lòt gwo peyi tankou : laFrans, Angletè ak laRisi. Pou akolit li yo tankou Japon ak Itali, sa pa t diferan pyès.

 Eleman  istorik, etnosantris.

 Peyi yo konn gen yon listwa malouk kote rankin ak santiman patriyotik ki fò konn mete youn lòt dozado. Santiman kon sa konn jwenn orijin yo :  nan fason moun yo panse ki diferan, pou teritwa yo pèdi, oswa menm koze ras la. Adòlf Itlè ki te kwè ras Aryen an siperyè lòt yo, te bay tèt li misyon chèche domine tout lòt yo epi elimine Juif yo.

Jwèt Alyans yo

Se konn yon gwo faktè ki fè lagè fèt, fè gè yo vin mondyal. Lè peyi yo fè alyans, lè yo deklare youn lagè an reyalite se tout peyi ki nan alyans lan yo deklare lagè.Tou sa elaji gè sila yo. Pa egzanp nan dat 2 septanm 1939 la, Almay annik fè sa li atake laPolòy. Jou 3 septanm apre a , Angletè ak laFrans deklare Almay lagè epi sa w tande a anpil lòt deklarasyon lagè t apral fèt ankò apre sa.




2. Ki kote nou ye nan evolisyon evènman yo ?






       Gen anpil medya nan lòt peyi, k ap louvri je n sou sitiyasyon k ap devlope nan monn nan jodi a.Kèlkeswa kan medya sa yo ye, yo rive fè konprann tansyon yo pa sispann  tanmen  anba syèl ble a.                                     

Tansyon sa yo jwenn orijin yo:


Nan ekonomi

Nan moman sa yo, anpil peyi wè tèt pa yo sèlman.Genyen k ap vyole dwa lòt jis pou ka ranfòse ekonomi pa yo. Sa konn lakoz  peyi ki te menm siyen trete ansanm vin dozado. Nan sa ki pou wè ak dènye nouvèl yo, te gen yon tansyon ant laFrans ak Etazini paske nan mwa septanm 2021 an, laFrans te  gen yon kontra ak Ostralyen yo pou vann yo pou plizyè milya dola: soumaren epi Etazini pase l pran l. Lòt egzanp  ankò, Etazini pou kounya nan gwo konfli ak peyi ki fè pati OPEP+ [n ap gen pou n esplike pi ba kisa OPEP+ ye] pou tèt yo mete pri petwòl la a yon pri sou mache entènasyonal la ki pa menm ak pa yo, sa ki  anpeche petwòl pa yo a  vann jan yo bezwen l lan. Yon lòt egzanp, peyi laRisi ki kontwole tout manje angren k ap soti nan  peyi pa l ak Ikrèn, pou yo te bay yo pase, nan dat kite 22 jiyè 2022, Nasyonzini ak Tiki sètoblije siyen yon  akò pou yon ti tan. Nou remake menm nan lagè Ikrèn nan, se gwo sanksyon ekonomik k ap pran kont peyi laRisi. Yo menm rive sezi byen envestisè ris genyen nan peyi etranje.Dènye egzanp n ap pran se nan fason laRisi  fè li difisil pou peyi yo jwenn sa ki gen pou wè ak petwòl ak lòt gaz ankò, sa fè lavi chè pa sispann monte disèt wotè nan lemonn antye. An rezime gwo kou ekonomi mondyal la ap pran an, gen gwo konsekans nan lavi n ap mennen chak jou.

Jewografik ak jewopolitik. 

"Entèvansyon militè" ki genyen nan peyi Ikrèn nan daprè pawòl prezidan risi a ’’se pou pa pèdi rejyon ki sou kontwòl ris yo,  pou OTAN (Oganizasyon Trete Nò Atlantik yo) ki genyen dèyè li Etazini,  pa vin mete zam toupre fwontyè peyi pa yo’’. 

Nou gen konfli ant laChin ak Taywann nan.Piske laChin di li vle gen tè Taywann yo , se tout lajounen  militè chinwa ap fè eskal pre fwontyè yo. Alòske Etazini ak Taywann rete kwè Taywann endepandan.

 Izrayèl ak Palestin de peyi sa yo, gen lontan depi y ap goumen pou teritwa. Istwa  sa a lakoz chirepit ak divizyon nan mitan anpil moun.


Jwèt Alyans yo

Nou ka di jounen jodi a, gen blòk politik k ap kreye nan monn nan, gen alyans k ap ranfòse, kòmsi gen yon mache prese ki dèyè peyi yo.Yon anvi fè klan, al nan pi bon bò a. 

Nou ka remake gen OTAN, ki te  kreye nan ane 1949, se youn nan òganizasyon militè ki plis pisan k ap domine monn nan , sa fè anpil peyi vle fè pati l.N ap wè pa egzanp peyi Nòvèj ap mande antre ladan l. Yon lòt bò, te toujou gen  alyans ant  peyi ki plis a lès yo tou. Malgre pak Vasovi a te kraze, toujou gen ti kowoperasyon nan mitan yo. Se sa k fè jounen jodi a, nou ka di Etazini ak kanada, ak anpil  lot peyi nan Ewòp la fè pati OTAN. Men, laRisi, laChin, End, Venezyela, ansanm ak kèk peyi nan kontinan Afrik la tankou peyi Mali pou n site sa yo sèlman gen kan pa yo tou. 

Alyans sa yo pa sèlman militè, genyen ki chita sou echanj ekonomik ak teknolojik. N ap remake OPEP (ki se Oganizasyon Peyi Ekspòtatè Petwòl yo) ki te  gen 13 manm vin gen 10 nouvo manm sou bannyè OPEP +. UE (Inyon Peyi Ewopeyen yo), ki se yon  kowoperasyon miltifòm. Depi kòmansman lagè Risi Ikrèn nan, se gwo tansyon nan mitan yo. Pandan gen peyi k ap foure kò yo nan kalte inyon sa yo,gen peyi k ap kouri kite yo, pa egzanp n ap sonje Brexit la ki se sòti Grann Bretay nan Inyon Ewopeyen an.         

  BRICS, yon lòt kowoperasyon ki gen (Brezil, Risi, End,  laChin, Afrik sid) Yon alyans ant plizyè peyi ki gen ekonomi yo k ap monte an flèch. Yo menm fè lide  pou jere talè kon sa pifò pati ekonomi mondyal la. 


Kous pou gen gwo zam

 Gran pisans yo nan kous pou kilès k ap gen plis zam nan.Yo estime laRisi ak Etazini gen zam ki ka prèske detwi planèt nou an e bidjè militè peyi sa yo pa sispann ogmante. Chaje lòt  k ap fè gwo jefò nan domèn sa tou. Pa egzanp, laChin se peyi kote  lame gen plis sòlda. Lòt egzanp ankò, Nò Kore toujou ap fè demonstrasyon, eseye misil, sa ki menase yon peyi tankou Japon ak Sid Kore. Toujou gen anpil zam nikleyè k ap fèt, anpil gwo misil (tankou Satan 2) ap kreye, devlopman ak demonstrasyon pil gwo zam sa yo  simen enkyetid kay anpil moun k ap viv nan monn nan jodi a. 



3. Twazyèm gè mondyal la, se pou demen?




 Yon twazyèm gè mondyal se youn nan bagay pou moman an anpil moun plis pè. Poukisa? 

 Apre premye gè mondyal la te gen yon kous pou  gwo peyi yo ogmante asenal militè yo, sa ki t apral lakoz plizyè dizèn milyon moun mouri nan dezyèm gè mondyal la  sèlman 21 lane apre premye a. Men  jounen jodi a, nou ka remake se zam ki ka fè destriksyon an mas kounye a gwo peyi yo genyen e yo pa  sispann fè plis toujou malgre te gen akò pou sa te sispann. Nan batay pou gen anpil zam, se ak tout boulin pisans sa yo  lage.Nou tout konnen, depi gen zam ki kreye,  objektif prensipal la pa lòt se pou fè lagè. 

Nan yon sitiyasyon kote peyi yo ap menase  youn lòt, sanksyone youn lòt sa kreye anpil panik nan peyi Mitan yo. Sitiyasyon kote peyi yo ap kreye ti blòk pa yo, pou ka  defann youn lòt,kote se enterè ekonomik, politik pa yo selman, tout peyi yo ap defann, sa bay anpil kè sote.

Men èske sa sifi pou nou di nou pral nan yon twazyèm gè mondyal ?

Remake ansanm jwèt enterè ekonomik sa yo te toujou konn fèt depi lè sosyete ki gen nan monn nan te kòmanse òganize kòm peyi. Jan tout moun konnen pa janm gen peyi, dirijan yon peyi, ki renmen yon lòt peyi plis pase pwòp peyi pa l. Kote bagay la toujou vin pi danje, kote nou ka di, san gade dèyè nou pral antre  nan lagè, se lè nou rive yon lè pa gen plas pou dyalòg, lè diplomasi a pa rive jwe wòl li kòmsadwa lè òganizasyon  entènasyonal yo pèdi valè yo, tankou sa te fèt pou SDN (Sosyete Nasyon Yo) nan lane 1939, avan gè a  te eklate.



SA NOU SOT WÈ

Nou montre sa ki byen souvan mennen nou nan gwo gè yo. Nou montre tansyon monn nan ap fè fas ak li nan epòk nou an la, sanble ak gwo vag tansyon nasyon yo te fè fas avan gwo gè yo te deklare.Pou fini nou fè konprann  nasyon yo toujou ap defann yo. Men sa k konn pi grav la, ki toujou mennen nan lagè ,se lè pa gen  plas pou dyalòg nan mitan peyi yo, pou diplomasi fè chimen l pou evite dezas. Pou kounya nou pa ka di pral gen yon twazyèm gè mondyal men nou p ap fenmen je n sou tansyon yo ki kontinye ap ogmante anpil nan monn nan.Tansyon yo pa ko janm  jwenn  solisyon oubyen konpwomi pou yo !



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?