Kriz Enèji - Gwo tèt chaje sa pote !

                                                     

Depi lè yo te kòmanse itilize gaz ak petwòl, monn nan konnen 3 gwo kriz akoz rate pwodui sa yo sou mache a. Jounen jodi a, yon lòt fwa ankò monn nan retounen nan yon epòk konsa.



          Depi plizyè jou, youn nan bagay nou wè k ap pale anpil, se koze enèji a.  Nou ka tande pa gen ase gaz, pri pwodui petwòl yo k ap monte disèt wotè. Sa fè gen anpil peyi toupatou nan monn nan k ap kouri adwat agoch kou chen fou pou yo ka genyen yon bon kantite nan pwodui sa yo men tou, pou yo jwenn yo nan pi bon pri ak nan pi bon kalite. Nan sitiyasyon sa a, ta sanble pa gen peyi ki alabri ; menm pa bò isit lakay nou, nan peyi dAyiti n ap wè konsekans bagay sa yo rive sou nou. Nan yon premye tan, yo pa t rive mete gaz nan ponp yo an kantite, sa te fè li difisil pou moun te jwenn li, se te gwo briganday anba ponp yo pou moun te ka resi jwenn yon ti bagay. Nan yon lòt tan, Leta ta pral double pri pwodui sila yo paske li te monte sou mache entènasyonal la, sa ki t apral fè popilasyon an pran lari pou mande otorite yo retounen sou dezisyon sa a epi manifeste pou lavi chè . Jan yo renmen di l la gaz se yon pwodui transvèsal sa vle di, li gen enpak dirèk sou monte ak desann pri tout lòt pwodui ki genyen nan ekonomi  yon peyi. Yon lòt bò, n ap wè nan peyi Ewopeyen yo, se prèske menm bagay sa yo k ap repete : Nan peyi LaFrans, pil machin ap fè liy anba ponp pou jwenn yon ti gaz.Manisfestasyon ap fèt tribò pa bò sou kontinan sa pou zafè gaz ak petwòl. Lè n ap gade tout bagay sa yo tankou : koze gaz sa a ak petwòl la ansanm avèk kriz enèji sila, sa fè nou poze kesyon sa yo:

Ki orijin kalite kriz sa yo ? Konbyen fwa kriz sa yo rive nan lemonn ? Kisa ki te koz epi ki konsekans yo te genyen ? Kijan nou ka eseye konprann kriz ki gen la kounya?

Pou n ka konprann fenomèn sa, n ap itilize kèk dokiman ki ekri sou sa, n ap vin ak kèk lide chèchè fè sou dosye sila a epi pou fini ,n ap vin ak kèk pwen ki nan aktyalite a. Men demach n ap gen pou nou itilize pou n ka eseye konprann fenomèn sila :

1) N ap fè yon ti istwa tou kout sou zafè petwòl ak gaz epi n ap montre ki enpòtans yo genyen nan monn nan.

2) N ap gen pou n montre konbyen fwa fenomèn sa yo repete nan listwa epitou , montre koz yo ak konsekans yo kite.

3) N ap gen pou nou reflechi tou sou kriz enèji jounen jodi a yon fason patikilye.




1) Ki orijin itilizasyon petwòl ak gaz yo nan zafè bay enèji ? Ki enpòtans yo nan monn nan jodi a ? 


             Depi lantikite lèzòm te konn itilize petwòl ak gaz, yo te fè sa divès fason. Youn nan yo, se pou mete lwil nan lanp pou te bay ekleray . Yo konsidere peyi Woumani tankou bèso itilizasyon petwòl la, paske gen prèv akeyològ yo jwenn, ki montre se peyi sa ki te fè premye pi gwo itilizasyon matyè sa a pou te bay plis pase 1000 sitwayen peyi sa a pou yo itilize nan lane 1440. Men se nan ane 1859, itilizasyon petwòl la pral pran yon lòt nivo ; limanite pral pase nan yon lòt etap, kote petwòl ak gaz yo pral antre nan endistri, sa pral fè endistri yo devlope plis. Kous sa a t apral kòmanse lè yo te fouye premye pi pou yo jwenn petwòl la nan peyi Etazini, nan vil Pennsilvani. Youn nan non moun yo asosye ak bagay sa se Edwin Drake (malgre gen lòt moun ki pa dakò ak sa). Se depi lè sa, itilizasyon petwòl ak gaz kòmanse ap vale teren toupatou nan monn nan,kote endistri yo ap evolye, teknoloji ap avanse, konsomasyon enèji yo ap vin pi plis chak jou. Tout bagay sa yo fè petwòl ak kèk lòt gaz  pran plis plas nan aktivite popilasyon mondyal la. Nou ka wè sa, lè n gade menm pou n itilize telefòn, pou n fè manje, pifò sa n ap itilize tout nèt konsome enèji. Se sa k fè n ap wè nan peyi ki pi pòv yo lè yo bay kouran se gwo lakontantman men nan peyi ki pi avanse yo ak sa ki rich yo, lè yo anonse yo pral koupe kouran se gwo pwoblèm, lè sa fèt sanzatann se anpil kolè, se gwo bougonnen.  Sa konn tèlman gen gwo konsekans,li konn menm brete ekonomi yon zòn oubyen peyi kote sa fèt la. Sitiyasyon sa yo montre nou,enèji okipe pifò plas nan tout itilizasyon n ap fè jodi a.  Petwòl ak gaz, yo se sous enèji ki pi fasil moun ka esplwate, se sa k fè anpil moun, anpil peyi toupatou ap chache gen kontwòl matyè sa yo. Peyi ki genyen yo anpil kòm matyè brit epi k ap fè bon itilizasyon yo, se yo ki gen anpil richès epi ki devlope pi rapid. Nou ka site pa egzanp: "Arabisawoudit, Kata, LaRisi ak Etazini" (se yo ki pi pisan). Pafwa matyè sa yo konn menm vin sijè gwo konfli ak gwo kriz. Lè pa genyen yo an kantite, sa pa twò piti pou met monn nan anba gwo panik, se sa k fè si n ap fè listwa, gwo chèchè yo fè nou konnen, lè pa gen ase petwòl ak gaz, sa fè nou anrejistre plizyè gwo kriz nan listwa.





2) Konbyen fwa fenomèn chòk petwòl, gaz ak kriz enèji repete nan listwa limanite ? Kisa ki kòz yo chak epi ki konsekans yo te genyen ? 



        Daprè sa listwa fè nou konnen,yo anrejistre 3 chòk nan sa ki gen pou wè ak gaz ak petwòl.

Pou nou ka pi byen  konprann 3 chòk sa yo, annou di  ki sa chòk petwolye a ye. Definisyon wikipedia bannou, di : yon chòk petwolye, se chanjman ki rive bridsoukou nan fason yo ofri petwòl la. Ki sa ki lakòz ? Se pwodiksyon yo ki bese oubyen demann yo ki monte, sa fè pri pwodui sa yo monte sou mache entènasyonal la ,sa ki vin gen gwo enpak sou ekonomi peyi yo.


-- Premye chòk petwolye ki te fèt la se nan lanne 1973 li te kòmanse. Kisa ki te lakoz li ? Ki konsekans sa te genyen ?


              Etazini ki te premye pwodiktè nan lanne sila a te rive nan pi wo nivo pwodiksyon l (sa vle di yo pa t ka prodwi plis ke sa yo t ap pwodwi a) anmenmtan tou peyi ki t ap mande gaz ameriken yo pa t sispann monte. Richard Nixon, ki te prezidan nan peryòd sa nan yon diskou te eksplike sitiyasyon sa.

Yon lòt pwen l ap bon pou nou souliyen se lane 1971 lan, kote peyi Etazini t apral kite akò Breton Woods la, sa ki t ap gen pou konsekans  fè dola Ameriken an pèdi valè l. Vin jwenn nan moman sa a, se nan lajan Ameriken anpil peyi te konn achte petwòl yo a, sa ki te koz anpil pwodiktè fè gwo defisi! Pou tire lajan sa yo, yo te sètoblije monte pri petwòl yo.

Dènye bagay la, se akoz lagè Kippour la, nan lanne 1973, peyi OPEP yo (Òganizasyon Peyi Ekspotatè Petwòl) te deside mete anbago sou pri petwòl yo, yon fason pou te sanksyone peyi ki t ap sipòte Izrayèl nan gè li t ap mennen kont Ejip ak laSiri a.

 Men kèk konsekans kriz sa te genyen : nan anpil peyi  endistri pa t byen fonksyone, lamizè t ap ogmante, ekonomi peyi yo t ap bese. Peyi OPEP yo pa t janm rejwenn pouvwa politik ak ekonomik yo te genyen nan epòk la ankò. Gen anpil peyi ki te genyen pou sous pwodiksyon sèlman gaz ak petwòl, ki te chache mete sou pye lòt fòm sous enèji, tankou enèji nikleyè. Lafrans ak Japon se de egzanp. Lawolann li menm te pral envesti nan bay popilasyon pa li a, bisiklèt.


-- Dezyèm chòk petwolye a se nan lanne 1979. Kisa ki te lakoz chòk sa ? ki konsekans sa te genyen ?


             Chòk sa a jwenn premye sous li nan peyi Iran, Se youn nan peyi nan peryòd sa a ki te pwodui anpil petwòl. Nan dat ki te 8 septanm 1978, dat yo bay pote non 'vandredi nwa a' , te gen yon masak ki te fèt nan vil Teyeran. Se ki t apral deklannche revolisyon peyi Iran an.

Aprè revolisyon sa, Iran t apral antre nan lagè ak Irak nan lane 1980. Nan moman sa a, malgre Arabisawoudit te monte pwodiksyon li yo, pou sa peyi Iran te reprezante nan koze sila! sa pa t anpeche nou tonbe nan yon lòt kriz ankò.

Pou sa ki pou wè ak konsekans dezyèm chòk petwòl la, yo pa t twò diferan ak premye a sèlman se ranfòse peyi yo te ranfòse plis toujou lide pou yo pa twò makonnen kò yo ak sèl sous enèji sa yo.



-- Twazyèm chòk petwòl la nan lanne 2008.  Kisa ki te lakoz ? ki konsekans sa te ye genyen ?


        Youn nan premye diferans nou fè ant twazyèm chòk la ak 2 premye yo se paske lòt 2 premye yo, se nan kèk mwa pri yo te monte twa fwa lavalè. Men pou dènye sa, ogmantasyon sa yo t apral fèt ti kras pa ti kras. Chèchè yo dakò pou di se depi nan lanne 2003 kèk siy t ap parèt aprè Etazini te anvayi peyi Irak, pou rive jis nan ane  2008 la , men se premye 6 mwa nan ane 2008 la, pri yo t apral double yon sèl kou! Yon bagay nou pa dwe bliye, sa te fèt  paske Irak te anvayi Kowet pou zafè petwòl. Sa vle di se zòn ki te gen plis petwòl la ki te nan konfli. Sa tou montre ki kote kriz sa sòti. Lòt bagay ankò, se kriz ekonomik yo te rele (Subprime) lan ki te nan menm lanne sila enfiyanse l tou.

Konsekans kriz sa yo pa toujou sitèlman chanje, se toujou gwo enpak sou ekonomi monn nan. Sa toujou fè antrepriz yo fè anpil defisi, chomaj ogmante, nan peyi pòv yo, plis lamizè. Sa pa t met lòt entansyon nan lespri dirijan peyi yo, ke detache yo plis toujou de enèji fosil yo (gaz, petwòl, chabon, elatriye). Poutan se youn nan objektif ki toujou pa janm rive ateri.




3) Kòman ekspè yo rive konprann kriz enèji monn nan ap travèse jodi a ?



        Yo pa rele l chòk petwolye, men avan tout bagay yo rele l kriz enèji paske gen anpil lòt eleman ki lakòz kriz ki la kounya. Pa egzanp AIE (Ajans Entènasyon Enèji) entèprete kriz  n ap viv jodi a kòm yon kriz ki vini paske manke enèji pou alimante monn nan, akoz ekonomi peyi yo ki t ap brete pandan kovid 19 la t ap taye banda l nan monn nan. Te gen anpil antrepriz ki t ap mal fonksyone, genyen ki pa t fonksyonne menm.   Sa fè lè aktivite yo reprann, demann nan zafè enèji yo ogmante ak 6 pousan anplis.

Lòt bagay ki pral gen gwo enpak sou kriz sa, se paske kòmanse gen anpil lòt resous natirèl ki pa petwòl ak gaz, yo konn ajoute pou bay enèji ki vin difisil pou jwenn. Tankou, sechrès nan peyi Brezil (sa fè depi yon syèk sa pa rive) fè santral idwoelektrik yo genyen pa rive byen fonksyone.  Lòt egzanp ankò, peyi Lawolann, ki se youn nan peyi ki pwodui plis gaz fosil nan lewòp, akoz kòmanse  gen anpil sekous ki lakòz kay ak gwo batiman ap kraze, yo oblije kanpe eksplwatasyon sila yo.

Men sa ki pral plis egzajere kriz sa, se lagè nan peyi LaRisi ak peyi Ikrèn nan, kote LaRisi youn nan pi gwo pwodiktè monn nan genyen la a, koupe gaz k ap alimante anpil peyi sou kontinan Ewòp la tankou, laFrans, laPolòy, Fennlann, Lawolann, Dànmak, elatriye...


 Se yon kriz ki rive gen gwo konsekans sou anpil peyi ki nan monn nan. Sa fè peyi yo ap pran desizyon ki malouk anpil pou popilasyon yo, jis pou yo ka fè yon bon jesyon peyi yo, pou kriz sa pa kraze ekonomi peyi yo. Nou pral ba w kèk egzanp klè sou sa k ap pase la a.

 N ap wè nan peyi laChin, gen yon seri metal ki konn sèvi pou endistri yo, pri yo monte nan pi wo nivo yo pa janm konnen. ''The gardian'' se yon jounal ki fè nou konnen nan peyi laChin, antrepriz yo resevwa lòd pou yo limite konsomasyon yo.

Nan peyi Ewòp yo, yo kòmanse retounen chita pale plis sou dosye sous enèji renouvlab yo tankou, dlo, solèy, van. Men tou kriz sa fè gen anpil enkyetid pou sezon ivè k ap vini an.  Gen anpil peyi nan lewòp ki mande pou peyi yo limite konsomasyon yo pou yo ka  konsève enèji pou peryòd sa. Se sa k fè  nan peyi Almay se rive 19° degre pou pi plis yo bay lòd pou yon moun pase chofaj.

Pwoblèm enèji a fè gen konpayi ki menm mande kite yon peyi pou ale nan yon lòt peyi. Pa egzanp ,yon konpayi ki gen espesyalite nan zafè fè batri nan peyi Almay, ki rele Northvolt te vle kite peyi sa pou l al Etazini.

Nan peyi laFrans, yo menm fikse nan ki tarif yo dwe vann pwodui petwolye ak gaz yo.

Nan peyi Etazini, li menm ki nan Amerik la, menm lè li pa twò frape pa kriz sila. Yo remake demann yo monte rive 7 %.

Daprè sa responsab AIE a fè nou konnen, lagè nan peyi Ikrèn nan, fè gen gwo monte pri sou pwodui yo nan monn nan (enflasyon), se sa k fè peyi yo plis vle envesti nan devlope pwòp sous enèji pa yo.


 




Sa nou te wè ansanm


          Chema nou te itilize pou nou te prezante w chòk gaz ak petwòl epi kriz enèji nan monn nan.

 Nou te montre se depi nan lantikite eksplwatasyon gaz sòti pou jis yo vin rive ekspwate l nan endistri, produi sa yo vin okipe plis plas nan lavi nou jounen jodi a, sa fè lè gen mank sou mache a, sa tou voye nou nan kriz. 

Nou te montre konbyen fwa kriz sa yo fèt nan monn nan. Premye fwa a, 1973 lagè Kippour ak sòti Etazini nan akò Breton Woods epi pwodiksyon yo ki te rive nan pi wo nivo l, te premye rezon ki lakòz. 1979, dezyèm kriz la, revolisyon Iran an ak lagè Iran-Irak se te pi gwo koz. Twazyèm lan se nan ane 2008, men se te yon kriz ki te kòmanse ap fòme depi nan ane 2003, aprè Etazini fin anvayi Irak, kriz ekonomik Subprime lan te jwe wòl pa l tou. Pou fini, yon dènye, nou ka konsidere kòm yon katriyèm pwen, se kriz n ap viv nan 2022 a la a, kote kovid 19, epi lagè Ikrèn nan se 2 nan prensipal koz yo. Men tou si n ap remake, tout kriz sa yo, konsekans yo an jeneral se toujou ekonomi peyi yo ki vin pi fèb, endistri peyi yo toujou mal fonksyone, pri pwodui yo toujou monte men wotè (enflasyon). Sa fè nan peryòd lè bagay sa yo rive, gen plis moun ki nan mizè, manifestasyon konn ap fèt nan plizyè peyi sou dosye gaz la ak lavi chè. Lòt bagay ankò , sa k toujou fèt apre chak kriz sa yo se volonte lakay chak dirijan nan tout peyi pou yo chache pa twò makonnen kò yo ak sèl sous enèji fosil sèlman. Men an reyalite sa poko janm rive fèt. 

Nou ka wè jounen jodi a, yon lòt fwa ankò, se menm santiman sa yo k ap manifeste kay anpil dirijan nan monn nan, sa fè n ap poze kèk Kesyon :

Eske tout bon vre y ap resi pran desizyon serye pou peyi yo pa depann twòp de gaz ak petwòl ? 

Eske y ap rive met sou pye plis santral enèji renouvlab ? ki kantite chans ki genyen pou nou pa retounen nan jan de kriz sa yo ankò ?



       
              Sous
Site : Wikipédia, Le Monde fr, RFI, France 24
The guardian, atik nan pati endistri ak enèji, dat 12 Jan 2022, 
Dokimantè : Patrick Barberis, fas kache petwòl la Premye ak dezyèm pati.








Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?