Entèvansyon fòs lame peyi Etranje - kite move gou nan bouch pèp Ayisyen

Apre endepandans nou nan lane 1804, peyi Dayiti konnen plizyè okipasyon ak entèvansyon nan listwa li. Entèvansyon 1915, 1994, 2004 yo , te gen gwo konsekans sou pèp la, bagay pèp Ayisyen an pa p sa bliye. Akoz sitiyasyon malouk ki gen dènye jou yo, jounen jodi a gen anpil pale sou dosye pou ta gen yon lòt entèvansyon militè nan peyi a.



Depi nan lanne 1805, lanperè Dessalines ta pral mete sou pye yon konstitisyon pou asire bon fonksyonnman  nouvo peyi endepandan an (Ayiti). Bagay ki kapte atansyon nou andedan konstitisyon sila, se atik ki genyen ladan l pou defann peyi a, epi mete lespri patriyotis ak nasyonalis lakay ayisyen.Ladan  l nou wè : yo te entèdi pou etranje rantre vin fè sa yo vle nan peyi a, pou yo pa achte tè jan yo vle, pou pa vin rekolonize nou. Se sa k pral pouse zansèt nou yo tou  konstui plizyè fò pou defann peyi a apre endepandans lan. Sitadèl Laferyè se youn nan pakèt egzanp nou ta ka pran. Malgre jefò sa yo, gen yon dal evènman ki rive mennen blan vin fè entèvansyon militè nan peyi Dayiti. Ak gwo bòt nan pye yo vin pile teritwa nasyonal la, bagay zansèt nou yo te plis pa t swete pou peyi a. Men pou sa ki gen pou wè ak jenerasyon ki t ap viv nan peryòd entèvansyon sa yo te fèt yo,te toujou gen gwo dezakò nan mitan popilasyon an sou koze entèvansyon sa yo. Yon bò, gen moun ki te toujou vle pou blan an vini . Yon lòt bò, gen moun souf yo mèt ap koupe yo pa p negosye lide pou etranje met pye yo sou teritwa peyi a.

Yon lòt fwa ankò, depi kèk mwa gen yon lide k ap boulvèse aktyalite peyi a. Kote li ta sanble posib pou gen yon lòt entèvansyon militè, apre gouvènman Ariel Henri te mande Nasyonzini (ONU) pou li voye yon fòs etranje vin ede met lòd nan peyi a nan dat ki te 6 oktòb 2022 a, dapre jounal Miami Herald. Nan sans sa, lè n ap eseye konprann sitiyasyon peyi a epi reflechi sou sijè aktyalite sa, gen kèk kesyon sa fè n poze : 

Ak ki santiman pèp ayisyen gade entèvansyon fòs etranje sa yo ? Nan ki objektif entèvansyon sa yo te konn fèt ? Kòman anpil moun konprann lide entèvansyon an ?

Pou n ka eseye konprann kòman entèvansyon militè sa yo te fèt nan peyi Dayiti, santiman ki te konn degaje kay ayisyen nan moman sa yo epi wè sa ki fè nou konprann entèvansyon sa yo jan nou konprann li jodi a ; Ansanm nou pral gade lide kèk istoryen ak lòt ekspè pataje sou dosye sila. Men chema panse n ap gen pou n itilize pou sa :


1) N ap fè yon ti rale mennen vini sou orijin  entèvansyon militè fòs etranje nan peyi Dayiti.

2) Montre konbyen fwa entèvansyon fèt nan peyi a. Kisa ki te lakòz yo ? Ki konsekans sa te genyen ak ki santiman  nasyonal ki degaje nan chak moman sa yo.

3) Montre kòman popilasyon an ak ekspè yo rive konprann sitiyasyon pou yon fòs entèvansyon etranje tounen ankò nan peyi a.



I) ) Ki orijin entèvansyon militè peyi etranje nan peyi Dayiti ?



      Ayiti se yon peyi depi apre endepandans ki toujou gen sitiyasyon enstabilite politik, sosyal ak ekonomik k ap brase bil li. Enstabilite sa yo fè peyi a pa janm fè yon pa kita yon pa nago nan zafè pwogrè ekonomik. Nan zafè politik ak militè, nan je anpil lòt nasyon nou toujou parèt fèb. Anpil nan dirijan peyi a te genyen yo,  te tèlman konprann sa tou, byen souvan san grate tèt , yo reponn wi pou yo satisfè tout kapris peyi pisan  pase yo ki te konn vin menase peyi a. Se sitiyasyon sa n ap pale a ki te fè Boyer te reponn pou peye dèt endepandans lan nan lanne 1825. Amiral Rubalcava nan non peyi Lespay te vin menase peyi a, fè gouvènman Geffrard peye gwo lajan pou tèt nou te ede Dominiken batay kont peyi yo. Se konsa plizyè lòt zak ki desann fyète pèp ayisyen pral pase anba pye lit zansèt  yo te mennen yon ti tan apre endepandans lan pou jis nou rive nan moman kote fòs peyi etranje pral met pye yo sou tè peyi a pou toutbon nan lane 1915, se blan Meriken yo ki ta pral premye fè sa, yo ta pral vin okipe peyi a pandan 19 lanne.



II) Konbyen fwa entèvansyon fèt nan peyi Dayiti, kisa ki lakòz, ki konsekans sa te genyen ? Ki santiman ki te degaje nan moman sa yo ?




Istoryen yo di gen 3 entèvansyon militè ki te fèt nan peyi Dayiti :

Premye fwa a se nan dat 1915, dezyèm fwa se nan dat 1994. Twazyèm fwa se nan dat 2004. Tou lè 3 fwa sa yo se sou se lobedyans peyi Etazini Damerik. 

Ann al gade chak entèvansyon sa yo apa, pou n ka pi byen konprann istwa entèvansyon fòs etranje nan peyi a.


A) Okipasyon Ameriken 1915 la



Nan dat ki te 28 jiyè 1915 lan, gen yon fòs militè Ameriken ki te debake nan vil Pòtoprens ak gwo zam fonn fwa nan men yo pou vin met lapat sou peyi Dayiti. Yo prèske pa t jwenn okenn rezistans. Men listwa fè n sonje 3 sòlda ki te mete kran sou yo pou kanpe tennfas ak anvayisè yo (Pierre Sully se youn ladan yo, ki te kanpe djanm). Men mesye sa yo te twò piti pou fè rezistans ak blan je vèt sa yo, yo te tonbe byen rapid, se sa Suzy Castor fè nou konnen nan liv li ekri ki gen tit «Occupation américaine d’Haïti »

Dantès Bellegarde fè nou konnen, sa ki te lakòz gwo debakman sa, se plis volonte peyi Etazini te genyen pou met men sou plizyè ti peyi nan Amerik la. Se yon politik ki te rele Big stick (gwo baton) prezidan Woodrow Wilson t ap itilize pou yo ka pran kontwòl ekonomi ak richès peyi sila yo. Se sa k fè pou peyi DAyiti yo ta pral pran plizyè pretèks pou yo vin okipe peyi a. Nan kèk pretèks li di yo te bay yo : an premye, se sitiyasyon enstabilite politik ki te genyen nan peyi a. Men li jije, yo te gen men yo tranpe nan sitiyasyon sa. Epi ankò, yo fè konprann, yo te vle vin ede peyi a sove endepandans li pou peyi Ewòp yo pa t vin kolonize peyi a ankò. Bellegarde kontinye pou l di agiman sa pa fin solid, paske peyi Ewòp yo te gen lòt bagay ki te pi enpòtan yo t ap jere ki se Gran Gè a.

Men rezon Istoryen ak ekspè yo wè ki te plis lojik ki fè yo te fè debakman sa : Se paske yo te vle retire ekonomi peyi a sou kontwòl boujwa Alman yo, ki se klas ki te pi rich nan boujwazi ayisyèn nan, epi yo panse yo te ka sèvi espyon pou Lalmay nan peyi a. Lòt bagay ankò, se retire finans peyi a nan men Lafrans, epi pran kontwòl li. Pou fini, se te chèche gen kontwòl peyi a nèt, paske peyi sa tou pre peyi pa yo pou se ta  lènmi yo ki ta gen kontròl li anvan yo, yon fason pou yo te  ka pi byen siveye kanal Panama a.

 Malgre analiz istoryen sa yo fè sou vrè rezon ak pretèks ki pran pou okipasyon an, sa pa t anpeche anvan entèvansyon militè fòs blan Meriken yo , te gen gwo enstabilite nan peyi a. Nou pase 6 prezidan nan mwens pase 4 lanne. Epi 27 jiyè yon jou anvan entèvansyon an, yo asasinen prezidan Vilbrun Guillaume Sam. 


Konsekans entèvansyon sa a, pa t piti menm. Yon bò, pou Ameriken yo te met pye yo sou tè peyi a sa te parèt byen fasil. Men yon lòt bò, kèk jou annapre yo te jwenn yon gwo rezistans nan peyi a. Nan rejyon Nò ak Plato Santral yo te jwenn rezistans kako yo, ki te gen nan tèt yo Chalmagne Peralte apre se t apral Benoît Batraville. Yo pase plizyè lane ap fè rezistans ak Ameriken yo jiskaske blan Meriken yo rive derasinnen mouvman an nan lanne 1920 aprè lanmò 2 mesye sa yo.

Nan peryòd kote blan Meriken yo te fin rive mete dominasyon sou tout enstitisyon peyi a, yo t apral vin ak kòve, popilasyon pral preske wè l sanble ak esklavaj, ki pral fè anpil moun kouri kite peyi a. Yo pral fè anpil gaspiyay nan ekonomi peyi a, y ap vin ak yon dal refòm ki pa t kanpe sou anyen, tankou SHADA (Sosyete Ayisyen ak Ameriken pou devlope Ayiti) pou agrikilti menm, STA (Sèvis Teknik Agrikilti) ki te plis la pou fòme popilasyon an. Youn pa t bay rezilta. Te gen gwo mouvman rasis blan Meriken yo t ap fè sou Ayisyen yo tou. Yo menm rapòte nou, nan entèvansyon yo konn fè sou popilasyon, yo konn pran ti bebe voye anlè epi kite yo tonbe sou pwent bayonèt yo pou pike yo. Menm nan fen okipasyon an, te gen plizyè lòt gwo dram toujou ki te pase tankou, zafè Machatè nan vil okay, kote blan Meriken te vide anpil katouch sou moun ki t ap manifeste kont yo.

Pifò Istoryen yo rapòte nou, gen kèk ti travay tou ki te fèt sou dominasyon Ameriken, men yo pa t anpil. Tankou : konstriksyon palè nasyonal ak jistis la, Kazèn nan, yo te fè de twa wout nan plizyè katye nan Pòtoprens. Men se pa t kantite travay sa ki te pou fèt pou kantite lajan ki te gaspiye.


Men santiman ki t ap manifeste lakay ayisyen pandan tout peryòd okipasyon an.

 Depi lè blan Meriken te debake sou teritwa peyi a, yo te gen plizyè gwoup moun ki te fè pati opozisyon, ki pa t janm pataje lide okipasyon an. Ti mesye kako yo te menm fè batay militè ak blan Meriken, se sa k fè pou gouvènman an ak Ameriken yo, yo te rele yo bandi. Te gen yon lòt gwoup moun ki pa t janm pataje lide sa tou. Men yo te plis mennen yon batay entèlektyèl, denonse okipasyon nan laprès, pataje echèk okipasyon an ak entènasyonal la. Men kèk figi ki repranzante moun sa yo, se te : Jean Price-Mars, Raymond Cabèche, elatriye...  Gen yon lòt kategori moun tou ki te pou okipasyon an, ki te menm ap sèvi okipasyon an, oubyen ki te nan gouvènman an, tankou anpil moun nan klas boujwa a, menm si se paske se avantaj yo panse yo ta pral jwenn nan okipasyon an men yo pa t janm rive jwenn, ki ta pral fè yo chanje kan. Te gen anpil entèlektyèl nan kategori sa a, nou gen  egzanp, Dantès Bellegarde ki te minis Edikasyon sou okipasyon an men pi devan devan ki te vin chanje kan .

Pou rès mas popilasyon an, pifò nan yo pa t pataje lide okipasyon an menm, paske yo te mete yo nan kòve, sa yo te wè tankou yon lòt fòm esklavaj. Yo te pran tè peyizan yo bay gwo antrepriz. Te gen anpil peyizan ki te fè pati kako oubyen sèvi espyon pou yo. Nan peryòd okipasyon an gen anpil Ayisyen ki pral sove kite peyi al Kiba oubyen kay vwazen. Popilasyon an te rive fè anpil pwotestasyon tankou grèv etidyan Damyen yo 31 oktòb 1929. Plizyè manifestasyon, youn ki make nou plis se sa ki t ap pral mennen dram Machatè a 6 desanm 1929 la.

An gwo, se tout klas sosyal peyi a ki te vin rann kont fòs okipan Meriken yo pa t pou enterè pa yo. Ameriken yo te kontwole pifò ekonomi peyi a, te gen rasis, yo te aji an gwo ponyèt, yo te kriminèl. Se sa k fè , yo tout yo ta pral fè yon sèl vwa  kont okipasyon an. Sa ki ta pral mennen yon komisyon peyi Etazini te voye pou vin pote yon solisyon. Komisyon Forbes rantre nan peyi a pou vin analize sitiyasyon peyi an epi vin ak yon lide pou yo fini ak okipasyon an. Sa ki te vin fèt nan dat  1ye dawout 1934 ; peyi Etazini te met fen nan okipasyon an. Men sa pa t anpeche peyi Etazini te toujou kite gwo enfliyans li sou enstitisyon peyi a. Se sa k fè nan eleksyon ki te òganize nan ane 1990 la,se yon ansyen prezidan Bank Santral 'Marc Bazin', kandida ki te plis panche bò Ameriken ki t apral anfas Aristide ki te plis popilè nan peryòd sila a.





B) Entèvansyon Ameriken 1994 la




Apre prezidan Aristid te fin eli prezidan nan lanne 1991 nan yon eleksyon tout moun te di ki bon epi respekte prensip demokratik yo, li pa t pase twòp tan sou pouvwa paske fòs lame peyi a ak boujwazi ta pral mete tèt yo ansanm pou ba l yon koudeta 30 septanm  menm ane a. Li ta pral pran refij li kay Ton Sam pandan li nan peyi sa, li pral rive konvenk gouvènman Ameriken an, fè yo konprann se li ki gen dwa legal  epi fè prezidan Bill Clinton fè yo mennen l tounen. Aprè 3 lanne deyò peyi a ,  Aristide ta pral retounen nan peyi a ak gwo lame blan dèyè li, plis pase 20 000 sòlda, nan dat ki te 15 oktòb 1994. Epi yo te tou vin fè l kontinye rès manda li a.

Youn nan konsekans entèvansyon fòs lame blan Meriken te genyen nan peyi Dayiti nan lane 1994 la , se lefètke gouvènman Aristid la ta pral mete ansanm ak lame blan Meriken pou kraze lame peyi a pou kreye pito yon fòs polis. Yo te met anbago sou peyi a ki te tou fè ekonomi bese plis toujou. Yon lòt fwa ankò blan Meriken ta pral refè yon antre pou chache remete kontwòl sou enstitisyon yo nan peyi a. Camille Chamers sou france 24 deklare :" Depi 1993, Etazini toujou patisipe nan met moun sou pouvwa nan peyi a''.

Lòt bagay ankò, te vin gen plis polemik ki kreye ant sektè ekonomik lan ak gouvènman Aristid lan. Daprè sa Istoryen yo fè nou konnen, pouvwa sa te prèske tounen yon pouvwa otokratik nèt depi lè blan Meriken fin mennen Aristide tounen vin nan peyi a. Li te fè gwo magouy pou l te ka repran pouvwa li, nan lanne 2001 kote li pral eli ak plis pase 90 pousan vwa yo.

Ki santiman ki te degaje pandan dezyèm entèvansyon militè sa ? 

Pou klas boujwazi a, se yon derespektan sa te ye pou yo te fin batay pou voye Aristide ale akoz li te derefize mache nan plan ekonomik yo, pou kounya blan pral vin retounen mete li sou pouvwa a. Menm jan anpil moun nan elit entèlektyèl la tou, ki te konprann se yon vyolasyon dwa peyi Dayiti genyen pou l granmoun tèt li a ki te fèt, lè blan Meriken te deside fouye bouch li koze a epi retounen ak Aristide pou finalman kraze lame a .Te gen yon lòt kategori ki te kwè se pou remete sou pye demokrasi a ki fè yo te mennen Aristid tounen. Men bò kote mas la ki te renmen Aristide anpil, se ak gwo kè kontan, fè netwayaj, pou te resevwa blan, mete afich pou remesye ak make lakontantman yo bay blan pou tèt yo mennen prezidan an tounen. Daprè dokimantè "Tournant de l'histoire 1989"



C) Entèvansyon fòs etranje yo an 2004




Te deja gen anpil bougonnen sou gouvènans prezidan Aristide la, aprè li te fin eli pou yon dezyèm manda, anpil sektè nan peyi a te kòmanse ap leve kanpe kont li. Gwo manifestasyon Etidyan, politisyen, atis, t ap fèt pou voye l ale, menm moun li te fin met zam nan men pou ede pwoteje pouvwa l nan Gonayiv ta pral vire kont li. Daprè sa nou konprann nan dokimantè  «  GNB kont Atila » Arnold Antonin reyalize.

Sitiyasyon sa a t ap pral trennen pi gwo kriz nan peyi a jiskaske nan dat ki te 28 fevriye 2004, yon lòt fwa ankò Aristide ta pral nan egzil nan peyi Afrikdisid. Men pou yo te ka jere kriz ki te gen nan peyi a, konbat zak briganday ki t ap layite kò l nan peyi, konbat bandi ki te gen zam nan men yo nan katye popilè yo. Sa ta pral fè Nasyonzini voye fòs militè pou Ayiti (MINUSTHA) ki t ap pral vini nan peyi a pou met "estabilite".


Konsekans lan pa t lòt ! Rive fòs sa nan peyi Dayiti, ta pral sèvi pou kole zepòl ak polis nasyonal la pou met yon ti lapè nan plizyè katye ki  te gen lagè, zòn kote bandi t ap penpennen yo, tankou Site Solèy, Lasalin , Bèlè ak Matisan. Entèvansyon MINUSTHA nan peyi Dayiti te lakòz yo rantre ak maladi kolera vin nan peyi a. Plis pase 9000 mil moun nan popilasyon an te viktim, jiskaprezan yo poko jwenn reparasyon daprè ONG yo. Daprè Jounal Euronews sou kolera an Ayiti pibliye nan dat 23 jen 2017 la, sòlda yo te fè plizyè zak vyolans, vyolans seksyèl ak piyaj. Gen anpil lajan ki te debloke pou pwogram èd sosyal, yo pa wè ki reyalize anyen. 

Pèp ayisyen te rive nan yon nivo kote  yo pa t vle  MINUSTHA, yo te fè plizyè manifestasyon sitou pou maladi kolera yo te pote ba nou nan peyi a pou montre sa. Se konsa 15 oktòb 2017, MINUSTHA ta pral kite tout bon vre peyi Dayiti ! Men sa pa anpeche gen lòt misyon ki pa militè Nasyonzini te toujou kontinye voye vini nan peyi a.




III) Kòman popilasyon an ak ekspè yo rive konprann yon sitiyasyon pou yon fòs entèvansyon peyi etranje ta tounen nan peyi Dayiti ?



         Depi lè premye minis Ariel ak gouvènman li an te fin ekri yon lèt voye pou Nasyonzini, pou mande yo  voye èd militè bay Ayiti, k ap travèse yon kriz ki san parèy. Rapid rapid se gwo boulvèsman, gwo deba, nan mitan popilasyon an. Se gwo deba kote Istoryen, sosyològ, diplomat polisyen, Etidyan, pwofesè ak anpil moun nan popilasyon an. Tout kote, tout kalte medya t ap bay opinyon sou sa minis la mande ONU an, paske se yon sijè ki enpòtan anpil pou pèp la.

Men daprè tout sa nou tande k ap di sou sijè entèvansyon an. Lide yo divize nan mitan popilasyon an, gen moun ki pou yon entèvansyon, gen lòt ki kont. Chak moun bay rezon pa yo ki fè yo gen lide sa sou okipasyon an :

 Nan jounal le Nouvelliste, Istoryen doktè Georges Michel di : « Ayiti rive nan yon dimansyon kote kriz sa pi mal pase kriz ki te mennen nou nan okipasyon 1915 lan, se Bandi k ap fè lalwa, k ap dirije peyi a. Bandi yo rive nan yon dimansyon nou pa ka konsidere tankou bandi ankò, se gwoup paramilitè yo ye pou kalite zam yo gen nan men yo. Lapolis pa gen ase puisans pou fè fas ak kantite gwoup gang ki gen nan peyi a. » Sèl solisyon li wè ki posib se entèvansyon yon fòs peyi etranje pou vin met lapè. Gen yon lòt Istoryen tankou Michel Soukar, sa fè lontan k ap di nou nan ki katchyaboumbe peyi a prale, "nou ka rive nan yon dimansyon kote se entèvansyon fòs peyi etranje k ap ka vin met lapè sèlman."

Menm nan mitan popilasyon an, n ap tande gen moun k ap di « peyi sa ye peyi tenten, dirijan yo kowonpi, pito yo remèt blan peyi a, yo dakò pou gen yon lòt entèvansyon nan peyi a ». Yo kwè se sèl mwayen ki ka fè yo rale souf ak move dirijan bandi pou ka gen ti estabilite nan peyi a, pou lavi ka reprann.

Men gen lòt lide ki kont sa, pifò popilasyon an pa dakò pou gen yon entèvansyon militè nan peyi a, Pamela White, ansyen anbasadè peyi Etazini nan peyi Dayiti te bay yon entèvyou pou laprès, li te konfime tout bon vre pifò pèp la pa vle entèvansyon an. Epi gouvèman kanada nan tweet yo fè, se opinyon popilasyon ak klas politik la ki se reprezantan popilasyon an, y ap tann bay otorizyon pou yo ta ka vin fè yon entèvansyon. Sa fè n konprann aklè volonte peyi sila genyen pou yo vin ak fòs militè yo nan peyi Dayiti, se paske opinyon piblik la poko dakò ki fè sa pa fèt.

Camille chamers se yon ekonomis peyi a genyen, nan yon entèvyou li te bay sou France 24, li fè nou konnen, nan kriz peyi a ye la, se pa fòs etranje k ap ka pote yon solisyon k ap dire, depi 1993 gen plis ke yon dizèn misyon Nasyonzini ki vin nan peyi a, yo pa t janm rive pote bon rezilta ki satisfè popilasyon an. Leta twò asosye ak bandi, ki fè yo pa chache pote solisyon, epi entènasyonal la gen move lekti de sitiyasyon politik peyi a. Se yon solisyon Ayisyen anvan tout bagay pou ki fè nou rezoud pwoblèm peyi a.

Nan sektè politik la pifò oganizasyon yo ak pati politik pa dakò ak lide okipasyon an. Nou ka menm remake gen gwo manifestasyon ki te fèt devan anbasad Ameriken an nan dat ki te 17 oktòb 2022 a ki te mete anpil moun deyò pou al di non ak lide sa.

Kisa ki fè tout Ayisyen sa yo kont lide okipasyon an jodi a ?

Nou ka remake depi lè aktyalite nan peyi a chita sou entèvansyon militè a, nou ka wè gen plizyè lòt  evènman ki pase nan listwa Dayiti ki tou monte tab la. W ap wè tout moun k ap pale ki konn ti moso listwa, y ap pale de peryòd lokipasyon 1915 oubyen de sa yo te viv nan lanne 1994, entèvansyon fòs Ameriken epi ak MINUSTHA 2004. Tout evènman sa yo se istwa entèvansyon militè lòt peyi fè nan peyi Dayiti. Aprè entèvansyon sa yo, istoryen ayisyen yo fè nou konnen, yo remake pa janm gen amelyorasyon ki pote nan kondisyon lavi popilasyon an. Men pito, yo wè kondisyon ekonomik peyi a vin pi mal, se enstitisyon peyi a ki vin pi mal oganize, se maladi MINUSTHA pote bay ayisyen.

Se sa k fè nou ka di se yon move souvni lide okipasyon pote pou Ayisyen.




Bibliyografi

CASTOR, Suzie, occupation Américaine d'Haïti, Port-au-Prince, CRESFED, 3e
édition française, 1988, 320 pp.

BELLEGARDE, Dantès, Occupation Américaine d'Haïti, première édition, 1929. Haïti, Port au Prince : Les Éditions Fardin,
2013, 100 pp.

 Sous konsilte

Le Nouvelliste, France 24, Euronews, Télé Métropole, Magic 9.

                                   Dokimantè 

 ANTONIN, Arnold, GNB kont Atila.

PAQUEZA, Nadine, Tournant de l'histoire 1989, HISTORIA.




        

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?