AYITI SENBÒL LIBÈTE ; YON LIBÈTE GWO PISANS YO FÈ L PEYE CHÈ


Sa fè lontan n ap tande Ayiti se senbòl libète, nou fè yon revolisyon ki san parèy, yon revolisyon ki nan tout dimansyon mo a, sa ki vle di :







 



                                                                                                                kredi : wikipédia 

Revolisyon sila te kont sistèm kolonyalis la.      Esklav ak milat te mete tèt yo ansanm, yo te batay pou yo fè Vètyè 18 novanm 1803, yo rive mete tout  kolon yo deyò.  Anplis, pwoklamasyon ki te fèt jou selebrasyon lendepandans la premye janvye 1804, ayisyen te sèmante pou nou defann ti bout tè sa, pou okenn kolon pa t tounen ak tit mèt, ni pwopriyetè. 

Revolisyon sa te kont esklavaj.                                 Depi aprè premye mouvman revolisyon jeneral esklav yo ki te fèt nan lannwit 21 pou rive 22 dawout 1791, ki te gen nan tèt li Boukman, ta pral gen yon bann lòt mouvman konsa ki ta pral kontinye fèt, Jiskaske Sonthonax nan Nò ak Polverel nan sid pral oblije deklare libète jeneral esklav yo nan lane 1793. Se nan ideyal libète sa, pwoklamasyon endepans ki te fèt premye janvye 1804,  te menm garanti lòt moun ki chape poul yo anba esklavaj nan lòt koloni ka vin pran refij nan peyi dAyiti.

Revolisyon sa pa t gen kesyon koulè ladan l tou,  li pa t gade sou koulè po.                                              Nwa ak milat te ini nan konferans 18 me 1803, kreye drapo ble ak rouj ansanm, epi fè yon sèl nan batay endepandans la.  Dessalines te bay Polonè ak Alman ki te ede l nan batay dwa pou viv menmjan ak tout moun sou tè sa. Pierre Nicolas Mallet se yon blan ki te menm siyen nan papye endepandans lan. 

Ti rale mennen vini sa, pou montre kèk fasèt revolisyon sila te genyen. Sa ki rive fè nou konprann revolisyon sa te voye jete byen lwen sistèm ki t ap domine mond la nan peryòd sila, sa vle di sistèm  kolonyalis ak esklavajis ki t ap penpennen an. Men si nou chita fè yon ti reflechi sou rapò yon peyi ki rive mennen yon kokennchenn  batay konsa, ki rive met do atè yon sistèm ki tabli dominasyon l sou tout aspè sa yo, sa pouse nou reflechi :

Kòman peyi sa yo ki se te mèt sistèm la, ki t ap jwi tout avantaj, ta pral gade yon peyi konsa ?  Èske yo pa konsidere peyi sa tankou yon move egzanp, yon egzanp ki dwe kache, elimine, yon egzanp ki pa dwe rete poul  boujonnen pou l pa enfliyanse  lòt koloni yo ? Èske pa t gen estrateji ki te la pou te bare ak pou nwi yon peyi konsa ?

Kesyon sa yo pral ede nou konprann plis toujou, rapò peyi dAyiti depi aprè endepandans li pou rive nan peryòd okipasyon Ameriken, te devlope ak lòt peyi sitou gwo peyi yo nan epòk la, epi rive konnen konsekans rapò sa yo genyen sou pèp Ayisyen an jounen jodi a.


*Yon peyi, aprè endepandans ki te nan anpil enkyetid.*


Otè tankou Dantès Bellegarde, fè nou konnen pa t janm genyen yon sitiyasyon pezib, lapè lakay ayisyen yo aprè endepandans lan, yo te toujou kwè gen posiblite pou peyi gwo chabrak yo tankou Lafrans, Angletè, Espay te ka retounen vin pran tè a. Sa ki fè premye estrateji ki fèt pou pwoteje patri a, se mete plizyè fò nan tout rakwen nan peyi a, Se sa k fè nan Nò w ap jwenn «Henry Christophe» konstwi «Citadelle Laferrière». Nan Lwès fò "Jacques et Alexandre", nan Sud "Forteresse des Platons", pou site sa yo sèlman. 


Men se pa sèlman sa ki te mete pèp la nan enkyetid. Dirijan ayisyen yo te vle gen kontwòl tout zile a, paske se mwayen pou yo mete kanpe byen lwen kolon yo, se sa k fè Dessalines te mennen yon premye kanpay nan Lès peyi a pou li te pran lòt bò zile a, menmsi li pa t reyisi kanpay sa. Pral gen plizyè lòt tantativ ankò. Boyer li menm te reyisi gouvène tout zile a pandan 21 lane, aprè sa li ta pral pèdi kontwòl li.

Gen anpil lòt jeneral ki ta pral swiv Boyer sou pouvwa tankou : Jean Louis Pierrot, Jean Baptiste Riché, Faustin Soulouque... Pou mesye sa yo, reprann kontwòl lès zile a te vin tankou yon obsesyon pou yo.    Jiskaske prezidan Fabre Nicolas Geffrard ta pral mennen anpil manèv pou Dominken yo te jwenn libète yo tout bon anba men peyi Lespay.

Sitiyasyon panik sa, laperèz, te toujou kay Ayisyen. E sa te gen gwo enpak sou peyi a, paske pa t gen okenn lespri trankil, pa t ka gen yon bon politik kite vize devlopman ekonomik san kesyon militè ak defans pa t nan premye plan dirijan yo, se sa k fè pifò peyizan te sòlda nan peryòd la. Malgre Kolon yo pa t sou ti bout tè sila, yo te toujou nan lespri pèp la. Pèp la te vin tankou moun k ap pwofite, yo kwè nenpot lè yo te ka pèdi libète sa, paske yo pa t janm vle rekonèt endepandans yo.


*Ayiti, yon peyi yo te kite pou kont li, ki te izole.*


                                                               kredi : Andrea Danti

Gwo peyi alepòk yo te wè peyi dAyiti tankou menas. Aprè yo fin batay ak genyen youn nan pi gwo lame nan epòk la, lame Napoléon an.

Nouvèl sa te kòmanse mete enkyetid lakay anpil gwo peyi. Anpil lòt  koloni  te kòmanse ap pran PEYI dAyiti pou egzanp. Kòmanse vin mande ayisyen konsèy ak ranfò pou yo mennen batay pa yo. Nou gen egzanp Francisco Miranda ak Simon Bolivar. Bolivar se li ki ta pral  mennen anpil peyi nan blòk Amerikdisid la jwenn endepandans gras ak gwo lebwa Alexandre Petion te ba li.

Si nou ap konsidere mouvman revolisyonè ki t ap fèt nan anpil gwo peyi nan peryòd la, Lafrans an premye, ak revolisyon 1789, pa t janm gen yon revolisyon ki te pran tout dimansyon sa, paske Lafrans te plis wè batay pou dwa moun lakay li, men li te toujou dakò lide pou l gen koloni.  Etazini li menm te toujou gen esklavaj, Angletè tou, te toujou gen koloni sou dominasyon yo. Epi peyi sa yo po t ko prè pou separe yo ak bagay konsa. Sa ki fè youn nan peyi sa yo pa t vle devlope rapò komèsyal ofisyèl ak peyi dAyiti, ni rekònèt endepandans peyi dAyiti, pou yo pa t bay jarèt ak revolisyon sa ayisyen te fè a, pou yo pa t ankouraje lòt koloni pran egzanp sou li. Sèl fason komès te konn fèt aprè endepans lan se te nan kontrebann.

Profèsè Watson Denis nan Atik « Haïti, la révolution Haïtienne et la philosophie de L'histoire » site kèk non tankou Karin Shüller ak Marcus Rainsford pou l fè nou konnen, te menm kòmanse gen lwanj ki t ap fèt pou endepandans Ayiti a nan peyi Lalmay, paske te gen ti rivalite Lalmay ak Lafrans. Nan Atik sa gen pati ki ta menm fè kwè se revolisyon Ayisyen an ki ta enspire « rapò mèt ak esklav» Hegel la. Men lè yo te vin rann kont enpak negatif pale sou endepandans sa ka genyen sou relasyon yo ak lòt peyi ak avantaj ekonomik yo ka pèdi, jounal Alman yo te tou fè silans, fèmen tout pawòl anpil ki te kòmanse ap fèt sou kesyon endepandans Ayiti a.

Lòt bagay ankò, yon peyi tankou Etazini pa t janm vle rekònèt endepandans Ayiti a paske li te danje pou sistèm esklavajis ki te lakay yo a, se sa k fè kongrè Panama (1826) ki te reyini tout peyi endepandan nan Amerik la, yo pa t menm envite peyi dAyiti, dezyèm peyi endepandan nan zòn lan. Poutan, Simon Bolivar te nan konferans sa.  Etazini, nou te ede goumen nan bay «Savanah» pou pran endepandans yo, se youn nan peyi ki rekonèt endepandans  peyi a pi ta. E se te sou prezidan Abraham Lincoln nan lane 1861, aprè anpil demach gouvèman ayisyen te fè sou gouvèneman ameriken ki te la menm avan Lincoln.

Pou n fini, gen plizyè istoryen ki fè n konnen :  depi sou Dessalines pou rive sou Boyer, tout prezidan yo te gen yon anvi san mezi pou lòt peyi rekònèt endepandans Ayiti a, pou yo te soti nan izolman sa. Sa nou panse ki te presipite kèk nan dirijan nou yo, ki ta pral pran move desizyon, tankou menas ki t ap peze sou do peyi a ak anvi yo rekonèt endepandans nou an, ta pral fè prezidan Boyer antre nan yon akò ak Charles X pou peye dèt enpandans la nan lane 1825.

Pati sa fè nou konprann enpak izolman sa te genyen sou esktrikti politik ki te genyen nan peyi a.


*Yon peyi ki pran anpil menas epi lòt peyi dechèpiye.*


Nan istwa peyi a, nou sibi anpil menas nan men gwo peyi yo. Dirijan nou yo te toujou pè pou nou pa pèdi endepans lan, oubyen pou evite antre nan lagè ak peyi ki pifò pase nou, sa fè nou peye plizyè fwa lajan nou pa t dwe peye.

Bagay sa kòmanse nan lane 1825, sou gouvènman Boyer, solda lame lafrans debake mete gwo blokis sou lanmè a, fè gwo menas, di pou nou peye pou yo ka rekonèt endepandans la sinon se lagè. yo pral mande pou nou peye 150 milyon fran, sa te vo twa fwa valè lajan peyi a. Dirijan yo te sètoblije al prete lajan nan menm bank lafrans ankò pou peye lajan sa, se anpil istoryen rele « double dette» la. Se yon lajan ayisyen pral fè pase 120 lane ap peye. Se klè sa te gen gwo konsekans sou ekonomi peyi a.

Sou gouvèneman Geffrard la, Amiral Rubalcava te reklame pou Lespay 200 mil pyas nan men gouvènman peyi  dAyiti, 21 kout kanno, ak entèdi laprès pou yo pa fouye bouch yo nan sa k ap pase nan Lès zile a (sendomeng). Men ki rezon ki fè sa ?  Anpil istoryen atann yo sou sa, pou fè konnen se poutèt Fabre N. Geffrard te bay patriyòt dominiken yo gwo lebwa pou yo sòti anba dominans espanyòl yo nan lane 1865.

Menm lè te gen negosiyasyon pou gouvèman Geffrard te redwi nan kantite lajan yo gen pou yo bay la, dezisyon sa te frape ogèy Ayisyen yon lòt fwa ankò, ki rann Geffrard pèdi nan popilarite li.

Dezyèman zak menas ak lajan peyi a te peye se sou Nissage Sajet, nan dat 1872, kote gen 2 komèsan blan Alman «Dickman ak Stapenhorst» ki ta fè kwè yo piye afè yo pandan mouvman revolisyonè ki genyen nan epòk la. Sou kot Pòtoprens la, 2 bato pou fè lagè Ki gen nan tèt yo, Batsch, lamay te voye pou rezoud problèm sa. Batsch san fè konsta, san chache okenn solisyon diplomatik ak gouvèman an, li tou vini li bay yon iltimatòm pou yo peye l 3000 liv. Gouvnèman an ta pral peye 15 mil pyas. Se te yon gwo reyalizasyon pou premye misyon Batsch, Yon lòt imilyasyon pou pèp la.

Gen yon twazyèm aksyon konsa ki te fèt ankò, sa nou ka rele : zafè Luders la. Émile Luders, yon blan Alman ki se desandan ayisyen. Jijdepè te kondane misye poutèt li komèt zak vyolans sou yon jandam, men yo te bay misye posiblite pou fè apèl nan lòt enstans, tankou Lakou kasasyon si li pa satisfè.  Men li te prefere fè chajedafè Alman antre nan dosye a. Rapidman, pi gwo demach ki pral mennen pou rezoud kesyon sa, se fè 2 gwo bato lagè Alman debake sou rad potoprens la 6 desanm 1897. Yo pral bay iltimatòm ak gouvènman Ayisyen an, ki te gen nan tèt li Tirésias Simon Sam, pou yo peye 20 000 dola, plis lèt eskiz ak 21 kout kanno. Se yon lòt kout frèt ankò nou te pran, se konsa Dantès Belgrade di nou Solon Ménos rapòte fè sila.

Pou nou fini, lòt bagay ki make listwa nou anpil nan kesyon sila, se zak dechèpiyaj ki fèt nan Peyo dAyiti, Se sou prezidan Davilmar Théodore.  Nan lit ki te genyen Lafrans, Lalmay, Etazini pou gen kontwòl bank ak dwàn nan peyi dAyiti. Etazini ki te vle pran devan nan koze sa, nan desanm 1914, debake san fwa ni lwa ak lame li, vin nan Bank nasyonal repiblik dAyiti, pran lò pou valè 500 000 mil dola nan epòk la, epi ale avè l al mete nan «National city Bank». 

Eske sa yo se pa yon derespektan pou yon peyi ki di li lib ? Èske se pa t yon denigreman pou fyète pèp la ? Aksyon sa te gen gwo enpak sou ekonomi peyi a, se yon pati nan 10 milyon ki t ap sanble pou fè yon refòm sou sistèm lajan nan peyi a.

N ap swiv gen anpil bagay ki pase, ki montre feblès leta ayisyen aprè endepandans peyi a. Gen anpil peyi ki jwe sou vilnerabilite nou pou yo fè n peye san n pa dwe peye.

Dantès Bellegarde fè nou konnen nan " Histoire du peuple Haitien " pafwa gouvèman anplas la konn ap fè retisans, li pa vle peye ranson yo, anbasadè lòt gwo peyi yo nan dAyiti egzije l peye ranson yo, se yon fason pou nou montre nou, yo pa t janm ap sipòte leta Ayisyen vre.

Nou rive konstate aprè tout istwa sa yo, te gen yon volonte pou te aflebi peyi a. Se tankou Ayiti te yon espas ki te la  pou lòt peyi vin fè demonstrasyon fòs ak otorite yo. Pèp la pa janm jwenn yon peryòd kwasans ekonomik kote li santi li libere ak chaj kapris  lòt peyi yo, oubyen dèt li gen sou do l.


*Yon peyi anba entèvansyon, olye ki ede l progrese, ki kraze l plis.*



Entèvansyon militè Ameriken te mete sou peyi a nan dat 28 jiyè 1914, jan pwovèb kreyòl la di l « se dènye kou ki ta pral touye koukou ou a». Paske jan Suzie Castor ak Bellegarde fè konnen l, se yon pretèks entèvasyon sa te ye pou Blan meriken yo pran kontwòl Bank Repiblik dAyiti, pran kontwòl Ladwàn peyi a ak lòt gwo enstitisyon ankò.

Yo te toujou vle fè nou konprann se te pou ede nou, tankou yo te vin nan peyi ak pou mete stabilite, poutan, si nou ta pral gade anvan endepans lan, enstabilite ki te genyen nan moman an, mouvman Kako yo t ap fè yo, plede ranvèse prezidan, vin simaye latwoublay nan Pòtoprens lan, te gen gwo lyen avèk batay puisans tankou : Etazini, Lalmay ak Lafrans t ap mennen pou te gen kontwòl enstisyon ki pi enpòtan yo nan peyi a.

Si nou retounen sou entèvansyon an, Etazini te rive mete lapat sou tout enstitisyon yo nèt. Peye dèt peyi a te genyen pou lafrans epi pran dèt sa yo pou li menm. Yo te rive mete gouvènman pa yo sou pye, chanje konstisyon 1918, chanje yon bagay ki te kapital nan konstisyon enperyal 1805 lan, ki pa t bay Dwa ak okenn etranje pou posede tè nan peyi a. Yo te vin ak kesyon kòve a, ki te mete peyizan yo, yon lòt fwa ankò nan sistèm esklavajis la. Te gen anpil zak kriminèl ki te fèt sou  Kako yo, dram Machatè, anpil peyizan te mouri nan Sid peyi a. Nan sa ki gen pou wè ak ekonomi, peyi a te pran plizyè ane ap peye dèt aprè entèvansyon an. Se aprè plis pase 10 lane nou ta pral resi reprann kontwòl bank nou yo.

Nou sot wè sou plizyè aspè, entanvansyon sa pa t benefik pou pèp Ayisyen an. Tout evenman sa yo ba nou enpresyon se pawòl sa Fanklin D.  Roosevelt te di sou ayiti ki t ap aplike  ki te ale nan sans sa :

« Se pou n toujou mete fas a fas, mas pèp la, e ti elit boujwa yo, fè yo goumen youn ak lòt, se sèl fason pou nou ka toujou domine peyi sa a ki te pran endepandans li ak zam. Sa ki se yon move egzanp pou 28 milyon nwa nan Amerik la. »


*Konpreyansyon ki genyen jounen jodi a nan mond la ; sou rapò peyi dAyiti te devlope ak lòt gwo puisans nan epòk aprè endepandans lan.*

                                                           kredi : le national

Gen atik New York Times te soti nan dat ki te 20 me 2022 sou yon ankèt ki te pran plis pase 13 mwa yo te mennen sou kesyon dèt endanpans peyi dAyiti a. Depi lè sa, gen kèk gwo jounal nan mond la ki reprann dosye sa pou fè l ale pi lwen.

Nan mwa avril 2024 la gen plis pase 20 ONG ki mete tèt yo ansanm pou mande yon komisyon pou travay sou kesyon restisyon dèt la, «Haut commissaire en Droit de l'homme de l'ONU» soutni demach sila a.

Men daprè sa nou te wè nan journal «Le monde» ak atik sou ankèt «New York Times» sou dosye sila :  montre aklè, pil dèt sa yo nou te toujou gen pou nou peye, tout sitiyasyon menas, pil ranson ki toujou ap fèt yo, genyen  gwo enpak sou pwogresyon ekonomik peyi a. Yo panse si se pa t tout dèt sa yo ak move jesyon, gen posiblite pou peyi a pa t ap nan nivo li ye la, epi yo mete plis aksan sou wòl kèk peyi konn jwe nan kesyon move jesyon nan peyi  dAyiti. Yo te menm rive pi lwen, pou fè konnen se prezidan Jean Bertrand Aristide, ki te premye moun ki te mande pou Lafrans ranbouse peyi dAyiti lajan yo te kòmanse peye sou Boyer a, ki te nan entèval 150 milyon, lajan ki te 3 fwa PIB peyi dAyiti nan epòk la. Jodi a, Ankèt New-York Times estime lajan sa ta vo ant 21 ak 115 milya dola. Lajan sa Aristide te mande a ta pral youn nan kòz kouda li te pran 2004, se sa ansyen anbasadè fransè nan peyi dAyiti nan lane 2004, Thierry Burkard, fè nou konnen, nan jounal « Le Monde», li di : « yo te òganize yon kou kont Aristide paske li te ka fè lòt peyi karayib swiv menm egzanp la.»



Pou nou fini nèt, nou ka konstate dosye pou yo restitiye lajan yo te fè peyi dAyiti peye san rezon an, pa t ko janm monte sou tab la pou fè diskisyon, okontrè se kache yo te konn ap kache li. Jounen jodi a, se gwo deba nan anpil gwo medya entènasyonal. Nou ka remake yo mete plis aksan sou lajan Lafrans ta dwe remèt Ayiti a. 1825 ak 2025, pral fè 200 zan depi Boyer te pran agajman, pou fè pèp ayisyen an peye endepandans lan.

Depi premye akò sa, pou jis rive sou Dumarsais Estimé, se anpil lajan nou prete pou nou te ka peye dèt sa ki te bout an 1947. Sa ki fè nou te pèdi kontwòl tout bank nou yo. Bank nou yo sòti nan men fransè pase nan men Ameriken, Jiskaske Estimé te vin di ase, epi fè nou te vin jwenn ti libète nan finans nou. 

Istwa yo montre nou tou, se pa sèlman Fransè yo ki te konn pwofite feblès Leta ayisyen pou ransonnen nou, simen latwoublay nan mitan pèp la. Lamay, Lespay, Lafrans, Etazini, se tout gwo chabrak sa yo ki t ap pase peyi a nan woule konpresè a.

Eske se sèl aksyon peyi sa yo ki fè peyi a nan nivo li ye la ?

Reponn wi ak kesyon sa se fè pase pou inosan tout politisyen ak fonksyonè Leta konwonpi ak mal jesyon leta  ki genyen nan administrasyon piblik la. Men, se aklè nou wè konsekans  negativ ki te geyen nan relasyon anpil lòt peyi  ak peyi dAyiti depi aprè enpandans la. Plis 120 lane ap peye dèt ak ranson nan 220 lane endepandans nou ; Nou ka kriye fò pou nou di, gen anpil lòt peyi ki jwe yon gwo wòl nan desann peyi a nan lanfè li ye la jounen jodi a.




Moun ki ekri atik la 

     Marcus JUSMA

      © EDIKANET



                                        Biblioyografi 

Liv :

BELLEGARDE, Dantès, Histoire du peuple Haïtien, 1953. Haïti, Port-au-Prince : les éditions Fardin 

BELLEGARDE, Dantès, Occupation Américaine d'Haïti, première édition, 1929. Haïti, Port au Prince : Les Éditions Fardin,
2013, 100 pp.

CASTOR, Suzie, occupation Américaine d'Haïti, Port-au-Prince, CRESFED, 3e
édition française, 1988, 320 pp.

WATSON, Denis, Haïti, la révolution Haïtienne et la philosophie de L'histoire, Revue de la Société Haïtienne d’Histoire, de Géographie et de Géologie. 2009.


Atik entènèt :



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?