Articles

Affichage des articles du janvier, 2020

De tèt ki kole ansanm pou kraze monn lan

Image
De tèt ki kole ansanm pou kraze monn lan  Si monn lan ap depafini jounen jodi a, devlopman lasyans melanje ak lagè, se yo menm ki responsab. Daprè rechèch nou fè nan diksyonè  *Larous*: *Lasyans* se yon ekip konesans ki sot tout kote men ki lye ansanm. Sa depan ki fè, ki efè, ki objè ki devan w lan, yo tout obeyi ak yon kalite prensip depi yo nan menm kategori, anplis yo chak verifye ak yon metòd eksperimantal. Nou ka konstate lasyans ap fè anpil pwogrè, li te mèt nan avansman teknoloji, enfomatik, ayeronotik, teknik, chimik, elatriye. Pwogrè sa yo rive sou nou anpil, yo rann tach nou gen pou fè chak jou yo vin pi fasil. Nan domèn kominikasyon, gen yon peryòd, pou w te voye yon mesaj de yon kontinan ak yon lòt, sa te konn pran anpil jou. Men,  kounya nan kelke segonn ou te mèt an Ostrali yo konsidere kòm lòt bout lemonn, yon lòt moun Ayiti, nou ka di tout bagay san nou pa rate yon mo.  Tach nan kay nou yo vin pi senp, paske gen aparèy ki pou fè nou fè m

Tout sa ki pwouve moun nwa gen pou fè plis enpak nan monn lan

Image
Tout sa ki pwouve moun nwa gen pou fè plis enpak nan monn lan Afrik se yon kontinan ki plase nan sid Ewòp, nan lwès lanmè wouj e li kole ak kontinan Azi a, kote plis pase (3/4) twa ka moun k ap viv la se nwa. Se yon kontinan istwa l long anpil, se youn nan koz ki fè yo rele l bèso limanite. Si nou raple n Ejip ki plase ann Afrik, se youn nan pi ansyen sivilizasyon ki te domine monn lan. Men, si n ap repete sa listwa di, te gen lòt sivilizasyon ki te kòmanse ap pran jarèt tou, tankou : Mezopotami, Grèk, elatriye... Sa ki ta pral kòmanse fè Ejip, Lafrik  ann antye febli.  Lòt bagay ankò, dife ki te pran nan bibliyotèk ki Aleksandri a, ta pral fè gen anpil dokiman ak valè afrikenn pèdi.  Sa ta pral koz Lafrik la repranzante tankou yon senbòl malediksyon nan tout monn lan, ki ta pral fè yo fè plizyè syèk nan esklavaj. Chatiman moral ak fizik ta pral fè yo bliye kiyès yo ye, sèl zam anpil afriken te rete, se pawòl ak konesans yo te transmèt djòl nan djòl

Yon Vi Konekte - Enfliyans Rezo Sosyo yo (Gwo danje ki gen nan sa)

Image
YON VI KONEKTE- " Jèn yo " *- Pou lektè yo : Byenke atik sa a plis konsène jèn yo, kèlkeswa laj moun kap li l la, l ap ka pwofite tout enstriksyon ak konsèy ki ladan.                                 Sou nòt sa, bon lekti ! Ki premye bagay ki vin nan tèt ou lè w tande entènèt ? Petèt ou sonje ak kèk rezo sosyal oswa tchat ou konn tchat ak zanmi w. Byenke w ka pa yon pwofesyonèl nan domèn nan, l ap bon pou n gen yon ide klè sou sa ki "entènèt" la piske l nan kè avanse teknolojik yo.             Entènèt, se yon rezo enfòmatik mondyal ki reyini lòt rezo k ap itilize menm pwotokòl kominikasyon. (Df diksyonè  " Le petit Robert "[fransè])         Mo entènèt la se abreviyasyon mo anglè  International Network  (InterNet) se yon rezo ki ofri anpil sèvis ki anglobe yon rezo telekominikasyon entènasyonal ki te parèt nan lanne 1969 nan yon rezo militè ameriken ki te rele  Apanèt (Arpanet ann anglè) ki relye plizyè lòt òdinatè nan monn nan