Tout sa ki pwouve moun nwa gen pou fè plis enpak nan monn lan





Tout sa ki pwouve moun nwa gen pou fè plis enpak nan monn lan




Afrik se yon kontinan ki plase nan sid Ewòp, nan lwès lanmè wouj e li kole ak kontinan Azi a, kote plis pase (3/4) twa ka moun k ap viv la se nwa.
Se yon kontinan istwa l long anpil, se youn nan koz ki fè yo rele l bèso limanite. Si nou raple n Ejip ki plase ann Afrik, se youn nan pi ansyen sivilizasyon ki te domine monn lan. Men, si n ap repete sa listwa di, te gen lòt sivilizasyon ki te kòmanse ap pran jarèt tou, tankou : Mezopotami, Grèk, elatriye... Sa ki ta pral kòmanse fè Ejip, Lafrik  ann antye febli. 
Lòt bagay ankò, dife ki te pran nan bibliyotèk ki Aleksandri a, ta pral fè gen anpil dokiman ak valè afrikenn pèdi. 
Sa ta pral koz Lafrik la repranzante tankou yon senbòl malediksyon nan tout monn lan, ki ta pral fè yo fè plizyè syèk nan esklavaj.

Chatiman moral ak fizik ta pral fè yo bliye kiyès yo ye, sèl zam anpil afriken te rete, se pawòl ak konesans yo te transmèt djòl nan djòl, jenerasyon an jenerasyon. E se sa ki ta pral rive fè, yon nèg  tankou Dessalines batay pou endepandans peyi Dayiti.
Aprè sa, te vin gen plizyè lòt nwa ki ta pral swiv menm egzanp revolisyon an, pa egzanp : Marcus Garvey ki te vini ak konsèp Panafrikanis lan. Epi Malcom X, Martin Luther King Jr, avèk anpil lòt moun ankò nou pa site. Nou pran moun sa yo nan lis ikòn ki reprezante mouvman liberasyon ak rasis nan mond lan.

Pou n ka touche koze enpak moun nwa nan monn lan, nou pral pran kèk egzanp sou plizyè moun nwa ki fè pale anpil de yo.



Aprè gwo tonton travay gran revolisyonè nwa sa yo te fin fè nan monn lan, ebyen yo ta pral pote anpil fwi. Sa ta pral koz plizyè lòt moun nwa travay di, e pi plis, pou fè fyète ras yo. Pami yo, nou ka site : Cheikh Anta Diop, ki se yon ekriven, istoryen, antwopològ, chimist senegalè. Nan etid li, li konbine lasyans nan etidye pigman po momi ak listwa pou fè rechèch sou Lafrik. Se li menm ki ta pral kòmanse ak tandans *afrocentrisme* la, paske li ta pra l demontre abitan Ejip ki te nan sivilizasyon ki pi ansyen an se te nwa yo. 
Menm Lagrès ki se repranzantan tout sous konesans nou genyen jounen jodi a, se an Afrik yo t al aprann. 

Se la nou pral montre w rezilta batay sa yo, paske jounen jodi a, istoryen yo prèske fin klè sou dosye sa a. Travay sa yo fè anpil afriken, espesyalman moun nwa kòmanse rebay tèt yo valè ankò. Nou ka wè yo vann kilti yo ak kwayans yo anpil. Jounen jodi a ou ka wè rit mizikal afriken yo jwe anpil anpil nan monn lan. Rad afriken yo vann anpil. Lavant pwodwi moun k ap douko ak fo cheve kòmanse diminye parapò ak lontan. E gen kote tankou Boukinafaso, yo menm entèdi sistèm sila a, si n ap repete sa Wikipedia di.



Menm nan monn sinematografik la, w ap wè fim yo rele : Black Panther ki gen pou siyifikasyon an kreyòl Pantè Nwa, ki se yon melanj syans fiksyon ak kilti afrikenn lan, fè pale anpil de li nan denyè tan sa yo, paske se dezyèm fim ki te fè plis kòb nan lanne 2018 la, e ki kontinye fè chimen l jiskaprezan. Se sa k ta pral fè li ta pral klase kòm pi bon fim pandan lanne 2019 la, premye fim nan kategori sipè ewo. E li nan nevyèm pozisyon nan fim ki fè plis kòb nan monn sinematografik la, e yo fè nou konnen se nan yon ti kras tan, yo rantre 1,3 milya dola ameriken. Men tou, se premye fwa yon reyalizatè nwa ak yon staf moun nwa fè yon travay konsa.

Si nou byen fè remak la, se pa premye fim sipè ewo, men se li ki pi vann. E remak nou fè, n ap wè jan fim sa vann lan, se paske yo vin ak yon bagay nouvo, yon bagay anpil moun te anvi konnen men ki te kache, ki se *kilti afrikèn lan* 



Jodi a  nou ka wè gen anpil nwa, tankou Samuel L. Jackson (ameriken), Edris Elba (anglè), yo depanse gwo kòb nan laboratwa pou fè rechèch nan ADN yo pou ka konn nan ki tribi yo sòti, yon fason pou yo te ka pi klè sou orijin yo.
Si nou raple nou, gen yon peryòd, nwa yo te trete tankou yon byen materyèl, se sa k fè pi gwo rèv Martin Luther King Jr, kòm yon militan pou dwa moun, se te pou yon nwa prezidan Etazini Damerik, e se nan lanne 2009 ak prezidan Barack Hussein Obama rèv sa ta pral vin yon reyalite, e ki ta pral soufle lakay popilasyon nwa yo yon lòt van lespwa.

Daprè Agence Ecofin, nan zafè envestiman nan kontinan Lafrik la, Swaziland, Djibouti, peyi sa yo klase nan lis peyi ki plis atire moun pou yo al Envesti. Men Daprè plizyè lòt sous tankou Wikipedia ak Official Gazette l, yo rapòte nan lanne 2015 Rwanda te klase an premye nan peyi kote moun plis progrese,  setyèm plas nan meyè gouvènans, e kounya se anpil pwogrè lasyans ak teknoloji k ap pale nan peyi Rwanda ki se yon peyi nan lane 1994 te gen yon gwo jenosid aprè 4 lanne lagè. Aprè anpil efò politik ak ekonomik, yo te rive remete l sou pye.

E yo menm rapòte daprè Fernando Estime sou Radyo Televizyon Karayib ki te la nan dènye somè nasyonzini ki te fèt nan septanm 2019 la.  
Paul kagame prezidan Rwanda a te akeyi kòm yon moun ideyal, espesyal pou jan l ap jere peyi l.

Pou nou fini, n ap wè Afrik la, espesyalman nwa yo, ap evolye anpil nan monn jounen jodi a , paske gen yon peryòd, nwa te sinonim esklavaj e afrik senbòl lamizè.
Malgre yo poko fin evolye nèt, men sou plan sosyal, mantal, y ap fè gwo pwogrè e pwogrè sa yo ap pouse yo, pa lòt kote, nan remontada sivilizasyon afrikenn lan. 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?