De tèt ki kole ansanm pou kraze monn lan






De tèt ki kole ansanm pou kraze monn lan


 Si monn lan ap depafini jounen jodi a, devlopman lasyans melanje ak lagè, se yo menm ki responsab.


Daprè rechèch nou fè nan diksyonè  *Larous*: *Lasyans* se yon ekip konesans ki sot tout kote men ki lye ansanm. Sa depan ki fè, ki efè, ki objè ki devan w lan, yo tout obeyi ak yon kalite prensip depi yo nan menm kategori, anplis yo chak verifye ak yon metòd eksperimantal.

Nou ka konstate lasyans ap fè anpil pwogrè, li te mèt nan avansman teknoloji, enfomatik, ayeronotik, teknik, chimik, elatriye.
Pwogrè sa yo rive sou nou anpil, yo rann tach nou gen pou fè chak jou yo vin pi fasil.

Nan domèn kominikasyon, gen yon peryòd, pou w te voye yon mesaj de yon kontinan ak yon lòt, sa te konn pran anpil jou. Men,  kounya nan kelke segonn ou te mèt an Ostrali yo konsidere kòm lòt bout lemonn, yon lòt moun Ayiti, nou ka di tout bagay san nou pa rate yon mo.

 Tach nan kay nou yo vin pi senp, paske gen aparèy ki pou fè nou fè mwens efò tankou machin lave, machin pou repase, elatriye.

Bon, nan domèn  lespas, aperèy yo tèlman enteresan, se yon kesyon *satelit* ki se zye lemond, *fize* pou al nan lespas, sou lalin.

Teknoloji a tèlman avanse yo menm vle kite stad *robotizasyon* ki se yon pwogramasyon ki ka fè tout tach lèzòm, pou yo pran yon lòt stad ki se *entèlijans atifisyèl* ki ka gen kontwòl tèt li e deside tankou lezòm.

Jan nou wè devlopeman lasyans yo bèl la,  se konsa yo rive fè nou anpil mal, e yo kontinye ap fè nou plis mal toujou.

Si nou gade lontan, pou nou te deplase sot nan yon zòn ak yon lòt nou te bezwen yon cheval, bagay la evolye, nou itize bisiklèt, machin, pou jis nou rive nan tren ki gen gran vitès.
Lè n ap janbe dlo nou t konn itilize ti bato ki ak vwal, kounya se yon lòt modèl bato ki gen anpil teknoloji, avyon ak soumaren. Malgre yo rann tranpò a pi fasil men li vin mete plis lavi moun andanje.

*OBS* se yon sit entènet ki di an Frans *4000* moun mouri chak ane nan sikilasyon.
Si n ap gade gen anpil peyi ki pi gwo pase Lafrans, men gen lòt tou ki mwens striktire pase l.
Se nan tout peyi aksidan sikilasyon fèt.
Nou ka eseye imajine konbyen moun k ap mouri chak ane.

Vwayaj ki fèt nan lespas yo, pou yo voye fize ak satelit nan lespas, pwodwi chimik k al itilize nan endistri yo ta pral fè nan lanne *1985* gen anpil chèchè anglè ki ta pral dekouvri yon tou nan kouch dozonn latè, daprè sa *France Inter* di nan *L'édito Carré*
Jounen jodi a lèzòm ap sibi anpil ak bagay sa.
Solèy la vin pi cho paske se kouch dozone lan ki pwoteje latè kont reyon solèy la.

 *Amazoni* se pi gro forè ki genyen sou planèt tè a, li sot fè 7 mwa nan lanne 2019 la, plis pase 40 000 dife pran ladan l e nan komansman 2020 an la se *Ostrali* ki sot sibi menm sò sa, tout sa se koz rechofman klimatik la.

E anfen, si nou pran teknoloji de baz yo tankou : telefòn, òdinatè, rezo entènèt nou gen lakay nou yo, san nou pa rann kont y ap touye nou an tife, ond y ap degaje yo tankou anpil chèchè di yo, koz nou pa gen somèy, e bann anpil lòt maladi sèvo.

Menm jan gen anpil otè ki pale sou sa, *George Duhamel* nan *Les Maitres, mercure de France* di Lasyans se tankou yon maladi tank lap progrese se konsa lap devore lemonn"

 _Kisa nou konnen sou lagè ?_ 




Larous di *lagè* li menm se lit lame ki genyen ant plizyè eta oubyen peyi, men gen règ pou sa. Lagè kòmanse toujou pa yon deklarasyon lagè e li fini pa yon amisti siyen nan yon trete.

Men si nou pral pi lwen pase sa, Larous di, nap wè lagè fèt sou diferant fòm :

Gen lagè ki pa fèt ak vyolans tankou lagè *ekonomik*, lagè *frèt*, lagè *jiridik*, lagè *sikolojik*, ak anpil lòt ankò. Men, se yo ki toujou mennen vyolans.

Lòt fòm lagè, se lè lagè a fèt ak anpil volyans tankou :
Gen *lagè sent* se lè lagè sa fèt pou relijyon oubyen sou non relijyon.

Lagè byolojik, lagè radyolojik,  lagè nikleyè, lagè chimik, pou nou site sa sèlman.

Tout listwa limanite prèske baze sou lagè. Si nou ta ka pran kòm egzanp lagè kataj nan 146 à 149 avan jezi, ki te met wòm ak vil kataj ann opozisyon.
Lòt gè ankò tankou, lagè de 7 lanne (1756-1763) ki te dewoule sou plizyè kontinan, e yo kosidere kòm yon gè ki te mondyal

Premye gè mondyal  (28 jiyè 1914 jis 11 novembre 1918) ki pral dewoule prèske nan tout kontinan e ki ta pral koze plis pase 22 milyon viktim, Ak anpil anpil lagè ankò.

Konsekans lagè yo grav anpil, lè gen lagè gen anpil materyèl ki pèdi,  gen anpil lavi ki detwi,  gen anpil domaj ki fèt kay tout moun ki patisipe yo.

 _Ki enpak lagè vin genyen avèk devlopman lasyans ?_ 




Lagè vin pi egzajere ak devlopman lasyans.
Si n ap fè remak, se anpil gwo istoryen lasyans rekonèt, gwo syantifik ki kreye anpil machin pou fè lagè.

Si nou fè listwa nap wè *Leonard de Vinci* ki kreye :

 *Char d'assaut* san motè
 *Arbalète géantes* ak anpil lòt ankò. Yo eksplike nou se youn nan moun ki te plis patisipe nan kreye machin pou fè lagè.

 *Nicolas Tesla*,  ki fè plis avanse *zam skalè* oubyen ki rele ankò *zam ki gen enèji dirije*
Ki itilize pou atenn yon sib avèk anpil presisyon, ak anti misil.

E dènye egzanp n ap pran se *Albert Einstein* anpil moun konsidere kòm *papa Bonm atomik*

Pou lagè ak lasyans, sa pa rete la, gen yon seri de zam yo te konn itilize pou fè lagè lontan, kounya yo pa konsidere yo kòm pi danje ankò.
Kounya lagè NRBC (Nikleyè, Radyolojik, Byolojik, ak Chimik) se yo ki parèt pi danje.



Ak yon zam nikleyè ou ka detwi plis pase yon bò nan planèt la,  e radiasyon l ap rete kote li tonbe a pandan plizyè lanne.
Daprè sa Wikipedia di : bombademan *Hiroshima* ak *Nagasaki* ki te fèt *6 ak 9 Dawout 1945* lan, 2 ti bonm atomik detwi de vil e anpeche lavi te repran nan zòn sa yo pandan plizyè deseni, e fòk nou pa bliye kounya Bonm sa yo vinn pi pwisan toujou.

Zam chimik entèdi paske genyen ou ka jis pwopaje anlè epi li touye tout moun ki te nan anviwonman an si nou ap konsidere *2 janvye 1915* , se dat yo te premye itilize yon zam chimik,  yon gaz ki te klo ladanl ki te touye 140 ofisye anglè.

Zàm byolojik oubyen  bakteryolojik la li menm, atravè yon senp viris yo ka bay nan vaksen sifi pou kontamine tout yon peyi.

 Zàm radyolojik la li menm,  se lè yo itilize eleman radyoaktif la pou yo kontamine moun San yo pa fè bonm avèl.
Tip de zam sa yo touye anpil moun  preske chak lanne. Aksidan nan anplasman zam nikleyè yo, nan monn lan fè anpil  lanmò si nou raple nou aksidan nikleyè ki te fèt nan monn lan ki te detwi anpil lavi, se aksidan nikleyè  *Fukushima* ak *Tchernobyl* yo kategorize nan nivo 7 pou dega ak vi yo detwi.

E nap raple w gen anpil lòt aksidan konsa ki te fèt yo revele e lòt yo pa revele.

Anpil moun ka konsidere lasyans fè nou avanse, nou pa kont sa. Men nou ka wè atravè rechèch ak analiz nou yo, li fè nou plis mal pase byen nan yon fason egzare l ap detwi lavi moun, li fè lèzòm pou pouvwa ak byen materyèl oubyen ankò egoyis ki deja renmen fè lagè jwenn plis mwayen pou yo detwi lòt moun.

Si nou raple nou yon istwa Platon dekri sou *Atlantide* malgre yo konsidere l kòm yon mit se pa sa ki pi enpòtan.
Men, se sa yo eksplike nou nan istwa sa a, kote se yon eksè de teknoloji ki ta pral mennen disparisyon vil la.
Sa fè nou tou jounen jodi a, ap poze tèt nou kesyon:

 _Èske se pa nou menm ankò k ap travay pou ras moun lan detwi nèt ?_

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?