Yon Vi Konekte - Enfliyans Rezo Sosyo yo (Gwo danje ki gen nan sa)



YON VI KONEKTE- "Jèn yo"



*- Pou lektè yo : Byenke atik sa a plis konsène jèn yo, kèlkeswa laj moun kap li l la, l ap ka pwofite tout enstriksyon ak konsèy ki ladan.



                               Sou nòt sa, bon lekti !



Ki premye bagay ki vin nan tèt ou lè w tande entènèt ?
Petèt ou sonje ak kèk rezo sosyal oswa tchat ou konn tchat ak zanmi w.
Byenke w ka pa yon pwofesyonèl nan domèn nan, l ap bon pou n gen yon ide klè sou sa ki "entènèt" la piske l nan kè avanse teknolojik yo.
            Entènèt, se yon rezo enfòmatik mondyal ki reyini lòt rezo k ap itilize menm pwotokòl kominikasyon. (Df diksyonè  "Le petit Robert"[fransè])
        Mo entènèt la se abreviyasyon mo anglè International Network (InterNet) se yon rezo ki ofri anpil sèvis ki anglobe yon rezo telekominikasyon entènasyonal ki te parèt nan lanne 1969 nan yon rezo militè ameriken ki te rele Apanèt (Arpanet ann anglè) ki relye plizyè lòt òdinatè nan monn nan kap itilize menm pwotokòl pou pataje done yo(IP Internet Protocol).


Toupatou nan monn nan, moun sèvi avè l pou ale sou kèk rezo sosyal, oswa sit entènèt.





Rezo sosyal yo



Yon rezo sosyal, se yon sit entènèt oswa menm yon aplikasyon ki pèmèt itilizatè l yo kreye yon paj pèsonèl pou yo pataje enfòmasyon, foto oswa videyo ak yon lòt rezo epi gade sa y ap pibliye tou.

Definisyon sa a mache ak kèk sit tankou : eBay, Wikipedia, Youtube, Ask, Twitter...
        Men nan lemonnantye, sa yo plis itilize a se Facebook.
                 (èske w idantifye nan imaj la, sa w konn plis itilize yo ?)


Gen lòt sit ki pèmèt itilizatè l yo diskite youn ak lòt. Pa egzanp:




* Fowòm yo: espas kote piblik la ka diskite ansanm sou yon sijè kèlkonk epi chak sijè klase nan lòd. Egz: "Doctissimo"



* Blòg yo: zouti ki pèmèt moun pibliye fasilman kèk atik. egz: "Blogger, Skyblog, Canalblog"


* Wiki yo: baz pou pibliye konesans sou entènèt. Egz: "Wikipedia"





Enfliyans rezo sosyal yo sou jèn yo

Plizyè ankèt montre se jèn adolesan yo ki plis itilize entènèt nan kèlkeswa domèn nan.
               Nouvo jenerasyon jèn ki la yo anvayi rezo sosyal yo menm jan ansyen jenerasyon nan 20yèm syèk la te anvayi epi apresye sinema ak televizyon.
       Anpil jèn, depi yo tou piti yo konn sèvi ak kèk aparèy elektwonik. Anpil paran pèmèt pitit yo gen yon telefòn android, yon iPad oswa yon tablèt. Konsa, depi lè timoun nan piti toujou (an jeneral ozanviwon 5 - 7 an) li byen konn nouvo gadjèt sa yo, alòske nan pifò ka, se apèn si paran yo konprann kèk fonksyon ki nan telefòn pa yo !
Li pa etonan lefètke jèn yo abil ak nouvèl teknoloji sa yo, epi renmen aparèy konekte sa yo. Daprè kèk chèchè nan domèn nan, prèske tout jèn adolesan ant 13 a 17 an gentan gen yon kont Facebook.

Nan anpil peyi, nouvèl teknoloji sa yo itilize nan domèn ledikasyon (lekòl,Inivèsite...), lasyans ak lasante.
   Anpil ankèt tankou " Statistiques Canada 2007 a; Pew internet 2011" montre anpil jèn itilize entènèt pou fè rechèch sou swen sante ak swen kò yo.
Nan kèk peyi, medya yo enfliyanse jèn yo (sitou jèn fi yo) pou yo sanble ak kèk atis, mànken oswa tòp modèl  nan sa yo ekri nan magazin yo oswa reklam piblisite nan televizyon, konsa jèn fi yo prete anpil anpil atansyon ak aparans yo, pafwa, sa menm ale twò lwen.
Yon lòt bò, jèn yo pa epanye anba maladi ki kontinye ap gaye toupatou, konsa yo sansibilize plis pou pran swen kò yo ak sante yo pou yo viv pi byen.
Natirèlman, jèn yo bay aparans fizik yo anpil enpòtans, konsa yo pa ezite konn dènye enfòmasyon sou fason pou yo nouri kò yo, sou egzèsis fizik ak lòt aktivite ki anrapò ak espò.

Sa lòt jèn panse

"Entènèt se yon bon mwayen pou kominike, konsa ou ka rankontre moun toupatou sou tè a pou pale, pataje kèk pwen, fè zanmi, vin pi pwòch epi..."
                                            - Adil¹


"Ide pou w rankontre moun ki sot tout kote sou tè a, moun petèt ou pa tap ka rankontre fas a fas atire m anpil"
                                                             - Elèn


"Ou ka jwe sou fason w vle yo wè w"
                                         - Tami


"Li fasil pou w fè zanmi"
                          - Nashka



"Ou ka aprann anpil bagay sèlman nan yon klik, menm jan EDIKANET ap fè l la, epi vin moun ou vle ye a"
                                        - John


Kèk danje sou entènèt


Jèn yo pase anpil anpil tan sou rezo sosyal yo. Yo itilize yo tout kote: lakay, nan lari, nan lekòl (menm nan klas !!!)
Sou yo, yo fè tripotay, travay, fè kèk rankont, elatriye...

   PA BLIYE SA !!!
Kèk enfòmasyon tankou (non w, lekòl ou frekante, nimewo telefòn ou, dat ou fèt...) sifi pou yon entènot² ak move lide konn kote w ye.
Byenke entènèt se yon bon zouti, nou dwe vijilan ak fason n ap sèvi avè l.

 Asèlman ak tizonnay seksyèl sou entènèt


Sou nèt la, li fasil pou w fè zanmi, men gen gwo danje nan sa.
Anpil jèn rapòte pandan yo anliy, kèk enkoni konn afiche vye imaj, oswa kareman kòmanse ap poze yo kèk kesyon dwòl tankou : "ou vyèj?" "ou konn fè tibèf ?"
gen lòt menm ki konn mande pou kouche ansanm.

Asèlman sou entènèt, se kote yon moun oswa yon gwoup moun ap chèche entimide oswa sal repitasyon yon moun sou entènèt ak pawòl, videyo, ... ki chokan ki, an jeneral baze sou sèks.

Daprè klasman Nancy Willard³ fè sou kesyon sa a, li distenge plizyè tip.
Nou genyen :
* Harassment (mesaj ki ap fè menas sou yon moun)

* Flaming (mesaj tou kout, ki vyolan ki gen betiz ladan)

* Impersonation (lè yo vòlò idantite yon moun sou yon rezo sosyal)

* Outing (piblikasyon enfòmasyon pèsonèl san otorizasyon moun ki konsène a)

* Chaming (piblikasyon imaj, videyo ki montre moun nan touni)

Kèk Konsèy

1-Veye sou tan w ap pase konekte ;
2-Aksepte moun ou konnen kòm zanmi, oswa moun ki fyab ;
3-Veye sou sa w ap poste yo.





-------------------------------------------------


EDIKANÈT la pou l eklere jenès peyi l men tou, tout jèn nan lemonnantye sou yon pakèt kesyon enpòtan, sa k ap ede yo nan desizyon y ap pran epi k ap chanje lavi yo si yo aplike konsèy nou bay.
Pou rezon sa, ou menm lektè oswa ou menm k ap suiv nou sou rezo sosyal yo, byen pwofite tout sa nou pwodui, men tou envite lòt moun toujou pou yo soutni asosiyasyon nou an._Nou espere w va kowopere ak nou pou byen limanite, pou lonè konesans ak pou fyète lang kreyòl ayisyen an.
                     - EDIKANÈT



1-Non kèk moun chanje
2-Moun k ap itilize entènèt
3-(Willard N.E, Cyberbullying and cyberthreats: Responding to the challenge of online social agression, threats and distress,  press 2007)

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?