Articles

Affichage des articles du mai, 2020

Peyi DAyiti fas ak Kovid-19 la

Image
  Menm jan ak tout peyi sou latè, nan peyi DAyiti gouvènman Moïse-Jouthe la pran kèk  dispozisyon pou pwoteje popilasyon an. Depi yon semèn, gen plizyè milyon kachnen ak plizye milye respiratè ki ap antre sou teritwa nasyonal la. Prezidan Repiblik la, M. Jovenel Moïse espere materyèl sa yo ka ede fè fas ak Kovid-19 la nan peyi a, men toujou gen gwo dout sou dispozisyon sa yo. Kontrèman ak sa kèk moun panse, gen moun tout bon nan peyi DAyiti ki genyen viris la ki kapab kontamine lòt moun. Pou kounya yo fè konnen gentan gen plizyè moun ki mouri akoz viris la. Se pa yon jwèt ! Nan dat ki te 19 mas 2020 an, prezidan an te deklare gen ka Kovid-19 nan peyi a, nan jou apre a li  te deklare yon kouvrefe sou tout teritwa nasyonal la apati 8 è nan aswè. Tout rasanbleman an foul entèdi,(legliz,dans rara, seremoni vodou) yon jan pou viris la pa sikile. Depi nan dat sa a, Leta Ayisyen mande pou tout lekòl, inivèsite fèmen pòt yo jiska nouvèlòd.   Gouvènman an mande pou tout moun met kach nen  si y

Kowonaviris-Yon ènmi fatal ki rive sou zile DAyiti

Image
*Pou lektè yo* Plizyè milye moun sou tè a deja tonbe akoz Kovid-19 la (nouvo viris ki fè pati fanmi Kowonaviridaye ki te parèt nan lanne 2019 nan peyi LaChin).          Malerezman plis pase 280000 moun pèdi lavi yo akoz viris sila a. Sa gen kèk mwa depi viris sa a sou zile DAyiti. Gen plizyè santèn moun ki trape viris la nan de peyi sa yo : Repiblik DAyiti ak Repiblik Dominikèn. Chèf Leta de peyi yo pran anpil mezi pou chèche frennen kantite moun ki riske pran viris la. Depi lè maladi a te rantre nan peyi sa yo, anpil nan moun k ap suiv nou sou rezo sosyal yo ak kèk pwòch t ap plede mande n ekri yon atik sou koze sa a. N ap fè nou tout konnen atik sa a ki gen tit : Kowonaviris-Yon ènmi fatal ki rive sou zile DAyiti  se premye nan yon seri ki gen pou parèt ki pral pèmèt tout moun nèt jwenn bon jan enfòmasyon ki ka itil yo san wete konsèy ak enstriksyon y ap jwenn ladan yo.     Nan sousi pou n prezante nou enfòmasyon ki fyab, ki ekzak nou te pran tan pou n byen fouye epi byen analize en