Peyi DAyiti fas ak Kovid-19 la

 



Menm jan ak tout peyi sou latè, nan peyi DAyiti gouvènman Moïse-Jouthe la pran kèk  dispozisyon pou pwoteje popilasyon an.

Depi yon semèn, gen plizyè milyon kachnen ak plizye milye respiratè ki ap antre sou teritwa nasyonal la. Prezidan Repiblik la, M. Jovenel Moïse espere materyèl sa yo ka ede fè fas ak Kovid-19 la nan peyi a, men toujou gen gwo dout sou dispozisyon sa yo.
Kontrèman ak sa kèk moun panse, gen moun tout bon nan peyi DAyiti ki genyen viris la ki kapab kontamine lòt moun. Pou kounya yo fè konnen gentan gen plizyè moun ki mouri akoz viris la. Se pa yon jwèt !


Nan dat ki te 19 mas 2020 an, prezidan an te deklare gen ka Kovid-19 nan peyi a, nan jou apre a li  te deklare yon kouvrefe sou tout teritwa nasyonal la apati 8 è nan aswè.

Tout rasanbleman an foul entèdi,(legliz,dans rara, seremoni vodou) yon jan pou viris la pa sikile.

Depi nan dat sa a, Leta Ayisyen mande pou tout lekòl, inivèsite fèmen pòt yo jiska nouvèlòd.
 
Gouvènman an mande pou tout moun met kach nen  si y ap sikile !

Gouvènman an mande pou n pa pran lari san bezwen !

Kèk travay fenmen pòt yo !



 Fason viris la pwopaje


Ou trape viris lè yon moun ki deja gen viris la touse toupre w, lè krache moun ki enfekte⁶ a  tonbe sou ou oswa lè w manyen yon bagay ki te deja gen jèm viris la ladan l.

PA BLIYE, Ou pa ka wè yon viris ak je w se sa k fè konsèy ki vin apre yo ap itil ou.



Kontinye suiv konsiy otorite yo bay.

Men kèk lòt bagay nou ka fè:

Lave men nou detanzantan
(Sitou apre w fin manyen yon bagay anpil moun abitye manyen)

Evite mete men nan je w, nan nen w ak nan bouch ou

Kenbe anndan lakay ou pwòp

Mete soulye nan pye w yon kote apa nan kay la


Mete yon twal devan pòt kay ou yon fason pou w siye pye w nan twal avan w mete l anndan kay ou


Netwaye detanzantan si posib telefòn, Kadna, manch pòt ou ak alkòl oswa yon lòt  likid (klowòks pa egzanp)


Asire w chanm ou byen eklere !


Chak fwa ou sot nan lari, lave men w jis nan koud !


Pa bay lamen, akolad ak bizou !

Nou remake ayisyen renmen achte pen nan lari oswa kote yo fè pen, n ap konseye w toujou chofe pen yo anvan nou manje yo.


Eseye achte sa w bezwen  pou met nan kay la pou omwen de jou.Si  posib, achte an gwo t ap pi bon paske pwodui premye nesesite yo ka vin ra epi pi chè tou.

Asire w toujou gen lwil, alimèt, diri, mayi lakay ou

Si kote w ap viv la pèmèt ou, plante kèk fèy te, kèk epis tankou pwawo, piman, lay ...
Poukisa pou w ta peye lajan pou bagay ou ka plante nan jaden w?


Asire w gen tout medikaman w bezwen (medikaman doktè preskri w) lakay ou !

Si w gen lafyèv⁷ rete poukont ou, evite kontamine lòt moun lè w rete lakay ou pandan 2 semèn.


Suiv konsèy otorite lokal yo bay nan medya !


Eseye tout bon fason pou n pòte nou byen !




            Konprann kèk ekspresyon


1:CDC  - Centers for Disease Control and prevention .Sant pou kontwòl  ak prevansyon maladi se yon selèb ajans federal ameriken ki travay sou zafè sante piblik.


2-Ikozayèd- Poliyèd regilye ki gen 12 pwent ak 20 fas anfòm triyang ki gen menm longè.

3-Metabolis: Yon ansanm transfòmasyon chimik manje nou manje yo sibi anndan yon selil.


4- Manbràn sitoplasmik : se manbràn ki kontounen selil la e ki pwoteje l.


5- Nanomèt : yon nanomèt egal 10⁻⁹ mèt, swa yon 1 ki gen 8 zero devan l aprè vigil la 0,000000001 mèt ,li piti pase pwen ki fini fraz sa a.


6- Enfekte : ki trape viris la.



(Pa bliye, yon moun ki gen Kowonaviris ka gen an jeneral kò kraze, lafyèv, difikilte pou respire ak yon tous sèch. Men gen moun ki ka gen viris la ki pa menm santi yon malèz, lè sa a nou pale d
e asenptomatik !)


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?