Kowonaviris-Yon ènmi fatal ki rive sou zile DAyiti




  • *Pou lektè yo*

Plizyè milye moun sou tè a deja tonbe akoz Kovid-19 la (nouvo viris ki fè pati fanmi Kowonaviridaye ki te parèt nan lanne 2019 nan peyi LaChin).

         Malerezman plis pase 280000 moun pèdi lavi yo akoz viris sila a.
Sa gen kèk mwa depi viris sa a sou zile DAyiti. Gen plizyè santèn moun ki trape viris la nan de peyi sa yo : Repiblik DAyiti ak Repiblik Dominikèn.
Chèf Leta de peyi yo pran anpil mezi pou chèche frennen kantite moun ki riske pran viris la.

Depi lè maladi a te rantre nan peyi sa yo, anpil nan moun k ap suiv nou sou rezo sosyal yo ak kèk pwòch t ap plede mande n ekri yon atik sou koze sa a. N ap fè nou tout konnen atik sa a ki gen tit : Kowonaviris-Yon ènmi fatal ki rive sou zile DAyiti se premye nan yon seri ki gen pou parèt ki pral pèmèt tout moun nèt jwenn bon jan enfòmasyon ki ka itil yo san wete konsèy ak enstriksyon y ap jwenn ladan yo.
    Nan sousi pou n prezante nou enfòmasyon ki fyab, ki ekzak nou te pran tan pou n byen fouye epi byen analize enfòmasyon nou yo, yon fason pou n ka byen konprann sa k ap pase nan monn nan. Malgre sa n ap apresye anpil anpil remak ak sijesyon w ta fè nou.

Pou kòmanse, atik sa a pral prezante nou kèk enfòmasyon elemantè nou dwe konnen sou pandemi a. Nou pral wè tou kèk prekosyon nou dwe pran pou nou pa trape viris la,fason viris la manifeste lakay lòm ak anpil lòt pwen ki ap itil nou tout.

Sou nòt sa a, nou swete tout moun yon Bon lekti ! 
*EDIKANÈT*




*Yon ti kout je sou monn nan* 

*Fevriye 2003* : Epidemi yo rele *SRAS* la (Sendwom Respiratwa Trè Grav) ki mache prensipalman ak tous ak lafyèv touye anviwon 800 moun.


*2009*:Grip AH1N1 an parèt nan peyi Meksik.Byen vit 234 peyi gentan touche akoz grip la. Daprè CDC¹  284000 moun pèdi lavi yo.


*2012*: Yon epidemi (*maladi trapan ki touche anpil moun nan yon menm rejyon*) yo bay non *MERS* (Sendwom Respiratwa nan Mwayenn Oryan) ki te parèt nan Arabi Sawoudit te lakòz anpil moun mouri.Nan mwa me ane 2016 la sòti depi septanm 2012  gen 1734 ka kontaminasyon ak anviwon *628* moun ki mouri.

*Desanm 2019*: Yon nouvo viris kategori Kowonaviris parèt ofisyèlman nan vil Wuhan nan peyi LaChin.
Daprè Òganizasyon Mondyal laSante (OMS) li se yon "pandemi  mondyal" piske li touche anpil anpil peyi nan monn nan. Rive nan dat 10 me 2020 an gen anviwon 280693 moun ki mouri daprè jounal "LeMonde" lan.


San nou pa site epidemi Kolera ki te fè ravaj nan peyi DAyiti  apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ak epidemi Ebola ki te fè gwo ravaj sou kontinen Afriken an ansanm ak maladi SIDA ki kontinye lakoz plizyè santèn moun mouri chak ane, chif sa yo ka bay gwo kè kase.
Nan yon ouvraj, OMS deklare : *Depi 2001, nou gentan fè fas ak yon seri gwo epidemi. Yon seri maladi ki te la lontan tankou Kolera,maladi Pès ak lafyèv jòn retounen ankò, epitou yon pakèt lòt vin parèt tankou SRAS (Sendwom Respiratwa Trè Grav), gwo grip ki touye moun ki gaye byen fasil, MERS (Sendwom Respiratwa nan Mwayenn Oryan), Ebola ak Zika."*
Sa ki tris, malgré syantifik yo ak doktè yo aprann anpil bagay sou maladi ak fason yo transmèt, yo pa rive jwenn tretman pou tout maladi yo.


Byenke nan peryòd kote gen epidemi ak maladi k ap gaye pasipala li enpòtan pou nou suiv règ ijyèn yo pou nou pwoteje sante nou se konsa tou li enpòtan pou n veye ak enfòmasyon nap resevwa yo yon fason pou n pwoteje sante mantal ,sante sikolojik nou pou n pa vin fristre depase oswa kraze kò nou san nesesite sa ki ka fè n fè tèt nou ditò lè n mete lavi nou ak lavi lòt moun an danje. Se poutèt sa li enpòtan pou nou suiv konsèy epi obeyi lòd otorite konsène yo bay nan sans sa yo toutpandan n ap veyatif ak pakèt enfòmasyon ki ap sikile sou rezo sosyal yo.


*Kisa yon viris ye?*

Li enpòtan pou nou sonje *yon viris pa menm ak yon bakteri,yon parazit pou plizyè rezon*

!!! Nan pati sa a nou ap prezante kèk enfòmasyon kle ki senp pou tout moun konprann.

Yon viris se yon kò ki kapab kontamine moun. Kontrèman ak pifò òganis vivan, viris yo pa gen nwayo nan fason yo fèt la.
Pou lòt òganis yo, se nan nwayo selil nou yo enfòmasyon ki kontwole fason aktivite kò nou dwe fèt yo ye, ladan l nou jwenn enfòmasyon jenetik nou ki deside koulè, fòm, kapasite n ap genyen, elatriye...

Kontrèman ak bakteri yo oswa parazit yo ki se selil pwokaryòt (sètadi ki gen kèk konpoze yon nwayo men ki pa fin fòme) oswa ekaryòt (ki gen yon nwayo konplè) viris yo akaryòt yo pa gen nwayo.
Yon selil  ekaryòt gen twa pati  fondamantal : yon manbràn sitoplasmik, yon sitoplas ak nwayo a.

Yon viris li menm toujou genyen yon jenom (anpil jèn ki defini l) ki kapab *ADN (Asid Dezoksiribo Nikleyik)* oubyen *ARN (Asid RiboNikleyik)*
jenom nan twouve l nan yon sak ki rele *kapsid* ki la pou pwoteje l.
Apresa li gen yon anvlòp ki sou deyò ki kouvri l.



Yo klase viris yo daprè strikti yo, pou sa, chèchè yo konsidere twa kritè nan lòd nou prezante l la : *kalite Asid Nikleyik jenom nan(ARN,ADN)*, *òganizasyon Kapsid la* (li ka gen fòm yon tib oswa yon ikozayèd²)  epitou *prezans oswa absans anvlòp la*

!!! Nan pati sa a nou prezante kèk viris selon si li kouvri ak anvlòp la ak kalite jenom nan.

*Viris ki gen ADN*

*Viris ak anvlòp*

      Èpèsviris (Èpèsviridaye)

   *Èpès senplèks viris 1 ak 2 (HSV-1, HSV-2)* 
  
   *Viris Epstein-Barr (EBV)*

*Viris Epatit B (HBV,VHB)*
----------------------------------------------------------

*Viris san anvlòp*

           *Adenoviris (Adenoviridaye)*

*Pavoviris (Pavoviridaye)*


*Viris ki gen ARN*

*Viris ak anvlòp*

    *Òtomiksoviris (Òtomiksoviridaye)*
       
         *Viris grip yo*(influenza)A,B,C

 *Kowonaviris(Kowonaviridaye)*

  *Filoviris* (Filoviridaye)
     *Viris Marburg*
       *Viris Ebola*

    *Flaviviris (Flaviviridaye)*
       *Viris Epatit C(HCV)*

----------------------------------------

*Viris san anvlòp*

*Pikonaviris (Pikonoviridaye)*
*Polyoviris*
*Viris Epatit A (HAV,VHA)*

*Epeviris (Epeviridaye)*
* *Viris Epatit E (HEV,VHE)*

Elatriye...


Viris yo pa ka miltipliye tèt yo poukont yo, yo bezwen yon kò pou sa fèt, yon selil pou yo kontamine.


*Fason yo aji an jeneral pou kontamine yon selil nan kò yon èt vivan*

   Prensipal fason yo fè sa, se lè yo rele tèt yo chè mèt chè metrès nan selil yon bèt (moun ladan tou).
Yo deklare se yo ki pou dirije selil kò nou ak metabolis³ nou daprè yon pwosede biyosentèz ki pote non "replikasyon".

*Gen 6 (sis) etap fòmasyon viris la*

1- *Atachman*

Viris la al kole kò l sou sifas  selil li pral kontamine a.  Viris ki pa gen anvlòp yo se pa mwayen kèk pwoteyin spesyalize tankou *glikopwoteyin* li fè sa. Yo al kole sou manbràn⁴ sitoplasmik la.


2- *Penetrasyon

 Li rantre anndan selil la lè l libere kèk lòt sibstans anndan l ki ka rantre nan sitoplas la.


3- *Dekapsidasyon*

Viris la  fin degrade apati fen dezyèm etap la eksepte jenom li an ki  rete  nan selil la.

4- *Replikasyon*

Li lage jenom li an nan selil la. Viris la deside kòmande aktivite selil la. Nan etap sa a, selil la kòmanse ap pwodui kopi jenom viris la, proteyin viris la ak lòt sibstans chimik.

5- *Asanblaj*

Tout sa ki te pwodui nan faz avan an gwoupe yo pou yo fin fè travay la .

6- *Liberasyon*

Nouvo viris yo pare pou ka kontamine lòt.
Yon selil ki kontamine pwodui ant 100 a 1000 patikil ki sot nan viris la.
Miltiplikasyon sa a pa menm ak fason bakteri yo konn miltipliye, yo menm (viris yo) yo pa ni chanje wotè ni divize.

Pafwa gen viris ki kontamine moun ki chanje materyèl jenetik selil la an ARN oswa ADN gras ak yon anzim yo rele *transkriptaz envès*.


Kowonaviris la fè pati fanmi Kowonaviridaye  yo, yo gen yon fòm ki raple fòm yon kouwòn, yo mezire anviwon 120 nanomèt⁵ dyamèt.

Malerezman pou jis kounya poko gen yon tretman oswa yon vaksen ki efikas pou geri Kovid-19 la.
Pou rezon sa a, pa kite pyès moun ak bon entansyon bannou yon seri tretman fèy oswa lòt si n pa fin sèten sou efikasite l oswa si l gen kèk sibstans nou alèji avèk yo.

Pa bliye *kò tout moun pa menm, li ka mache pou kèk moun epoutan li pa mache pou ou oswa menm li ka baw pwoblèm sante pi devan*.

Nou ka ap pran yon seri tretman ki ka febli sistèm natirèl defans kò nou oswa menm met sante nou an danje.


Prekosyon pa Kapon ! 


( !!!Li suit atik sa a nan pati ki gen tit:"Peyi DAyiti fas ak Kovid-19 la ")







Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?