Articles

Affichage des articles du juillet, 2020

Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo. (2yèm pati)

Image
Yon ti mo pou lektè yo : Atik sila a, se dezyèm pati nan atik ki gen tit  "Kadejak- Refleksyon sou sosyete nou yo" Si ou potko li premye pati atik sa, nou ankouraje w ale li l anvan ou li paragraf ki vin annapre yo. !! Klike sou lyen sa a pou w jwenn premye pati atik la 👉 https://edikanet509.blogspot.com/2020/07/kadejak-refleksyon-sou-sosyete-nou-yo.html?m=1 EDIKANÈT ap fè nou konnen li apresye anpil kòmantè nou yo ak sijesyon nou fè yo pou atik yo pi atiran chak jou pi plis. Jan nou abitye fè sa, EDIKANÈT ankouraje nou kontinye pataje atik yo plis toujou yon fason pou pi plis moun jou apre jou pwofite premye travay sa yo EDIKANÈT mete disponib pou piblik la ki ap anrichi konesans nou toutpandan l ap valorize lang kreyòl ayisyen an nan plizyè domèn konesans.  N ap di nou mèsi anpil pou bonjan sipò nou kontinye ap bannou. Bon lekti! EDIKANÈT ________________________ Dezyèm vyòl la Jan nou te gentan egzamine sa nan premye pa

Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo. (1ye pati)

Image
Pou lektè yo : Nan lanne 1999, Asanble Jeneral Nasyon Zini yo te deklare jou 25 novanm nan "  Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm ". Sa te fèt nan objektif pou sansibilize opinyon moun yo sou vyolans ki ap fèt sou fanm yo. Vyolans ki fèt sou fanm yo tèlman ap vale teren, yon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini, Kofi Annan te deklare : " Vyolans sou fanm se yon pwoblèm mondyal ki parèt nan nenpòt ki sosyete ak kilti. Li rive yon fanm kit ras li, gwoup etnik li, orijin sosyal li, richès li, nasyonalite l oswa [...] kondisyon l." Malgre anpil pwogrè reyalize nan domèn dwa moun nan epòk nou an, nan anpil peyi toujou gen anpil enjistis, inegalite ak vyolans ki ap fèt sou fanm yo. Atik sa a ap konsidere sèlman youn nan yo. Se youn nan pi gwo vyolans yo te ka fè sou yon moun.Vyolans sa a nou kapab konsidere l tankou yon atak dirèk yo fè sou diyite yon moun pou imilye li oswa pou fè l soufri.  Nan kad atik sa a, n ap pale espesyalman sou " kadejak yo fè