Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo. (1ye pati)



  • Pou lektè yo :
Nan lanne 1999, Asanble Jeneral Nasyon Zini yo te deklare jou 25 novanm nan " Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm ". Sa te fèt nan objektif pou sansibilize opinyon moun yo sou vyolans ki ap fèt sou fanm yo.
Vyolans ki fèt sou fanm yo tèlman ap vale teren, yon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini, Kofi Annan te deklare : "Vyolans sou fanm se yon pwoblèm mondyal ki parèt nan nenpòt ki sosyete ak kilti. Li rive yon fanm kit ras li, gwoup etnik li, orijin sosyal li, richès li, nasyonalite l oswa [...] kondisyon l."
Malgre anpil pwogrè reyalize nan domèn dwa moun nan epòk nou an, nan anpil peyi toujou gen anpil enjistis, inegalite ak vyolans ki ap fèt sou fanm yo.
  • Atik sa a ap konsidere sèlman youn nan yo. Se youn nan pi gwo vyolans yo te ka fè sou yon moun.Vyolans sa a nou kapab konsidere l tankou yon atak dirèk yo fè sou diyite yon moun pou imilye li oswa pou fè l soufri. 
  • Nan kad atik sa a, n ap pale espesyalman sou "kadejak yo fè sou fanm* yo".
  • Plizyè kote nan atik la, nou sèvi ak mo "vyòl" la tou ki gen menm sans ak mo kadejak la pou presize kèk fwa aksyon sa a yo fè sou yon moun.

Jan nou pral wè sa, gen anpil rezon ki koz mal sa a pèsiste nan sosyete nou yo. Ki rezon sa yo ?

Paragraf ki vin annapre yo ap ede nou jwenn repons lan.

Nou swete nou tout, yon bon lekti !

EDIKANÈT

______________________________________________

*Anviwon yon vyòl sou dis fèt sou yon gason
______________________________________________


 








Yon maleng nan sosyete nou yo



Chak ane, gen plizyè milyon moun yo vyole oswa ki sibi yon lòt fòm vyolans seksyèl. Selon rechèch ki fèt, byen souvan se jèn yo yo plis vize. Ozetazini, pa egzanp, yo estime apeprè mwatye nan moun yo vyole yo, se moun pi potko gen 18 (dizuit) an.
Se paske zak sa yo vin pi kouran alèkile ki fè li ijan pou nou pale sou yon sijè konsa.
Pwoblèm sa a gaye anpil jounen jodi a, anpalan de moun ki ap fòse moun fè sèks avè yo kote byen souvan se jèn tifi yo ak jèn adolesan yo yo plis vize. Jan deklarasyon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini an, Kofi Annan montre sa, vyolans ki fèt sou fanm yo ka parèt nan nenpòt ki sosyete kèlkeswa tandans relijye ki domine sosyete a ak konviksyon moun yo genyen sou dwa fanm yo.
Li enpòtan tou pou nou byen konprann ki sa aksyon sa yo ye, kijan nou ka pwoteje tèt nou ak konsekans tèrib ki mache ak zak kriminèl sa yo ki tankou yon maleng pou sosyete nou yo pou nou ka prepare lespri nou pou si se ta nou menm oswa yon lòt moun nou renmen ki ta viktim epi pou n konn sa pou n fè.

Vyolans seksyèl ak abi seksyèl sou timoun

Vyolans seksyèl ka fè referans ak yon kontak seksyèl san konsantman ki pafwa fèt ak anpil fòs. Li ka enplike kèk bagay tankou: abi seksyèl sou timoun oswa adolesan, relasyon seksyèl ant moun menm fanmi (sa nou rele *ensès la*) ak lè yon pwofesyonèl ou sipoze fè konfyans tankou yon doktè, yon pwofesè, yon manm klèje, ap eksplwate w seksyèlman. Yo ka fè vyolans seksyèl la swa nan pawòl swa fizikman epitou byen souvan yo menase viktim nan pou l pa al di sa.
Youn nan yo, se sa yo rele vyòl la ki se rapò seksyèl devègonde yo fè sou yon moun (jeneralman yon fi) san konsantman l, lè yo sèvi ak fòs, ak vyolans, lè yo chèche entimide l oswa lè yo sèvi ak riz pou komèt zak sa a.
Kèk fwa tizonnay seksyèl konn yon pa ki mennen nan kadejak. Alèkile anpil jèn konn sibi tizonnay seksyèl swa nan lekòl yo, nan travay yo oswa lòt kote.
!Pou plis detay gade atik :" Yon vi konekte- Enfliyans rezo sosyo yo (Gwo danje ki gen nan sa)👉https://edikanet509.blogspot.com/2020/01/yon-vi-konekte-jen-yo-pou-lekte-yo.html?m=1

Zak kriminèl sa yo lakoz anpil dega nonsèlman sou plan fizik men tou sou plan afektif ak sikolojik. Bò kote timoun piti yo, efè yo pi grav epi yo ka dire anpil anpil tan.
Ann konsidere kèk dega sa lakoz

Konsekans nan lavi viktim yo



Pou yon timoun piti moun ki pi gran yo la pou pwoteje l pou gide l pou ede l byen devlope. Se pa etonan si timoun yo tou natirèlman fè paran yo ak lòt moun ki pi gran pase yo konfyans. Malerezman, gen moun pafwa menm kèk paran oswa zanmi konn pwofite inosans timoun yo pou fè abi seksyèl sou yo. Lè sa rive, gen timoun ki pa konprann sa ki ap pase a men gen lòt ki ka twouve sa etranj ki ka menm pale sa ak yon lòt moun. Byen souvan moun sa a konn pa vle kwè sa timoun nan ap di l la epi li konn menm vle reprimande l.Se konsa anpil nan timoun sa yo konn vin fè depresyon jis yo rive nan adolesans yo. Lè sa rive,li vin pi difisil pou yo jwenn èd yo bezwen.Tout sa vin pètibe devlopman timoun nan ak konpòtman l parapò ak sosyete a.
Se vrèman yon gwo mechanste!
Nou tout dwe sonje:
 • kit se nan domèn afektif, kit se fizikman, timoun yo pa pare pou yo gen relasyon seksyèl. Piske yo timoun toujou, yo pa vrèman konnen tout sa aktivite sa enplike se sa k fè yo pa tap janm dakò fè l vre.
• Piske timoun yo gen tandans fè pi gran yo konfyans, yo poko fin devlope sans pou mefye yo de move moun. Nan liv Dwa moun genyen pou yo inosan an (ann anglè) nou li:"Moun k ap fè vyolans seksyèl yo konn ki jan pou yo 'bay may' epi yon timoun pa tèlman abil pou l defann tèt li kont yo".
Li klè yon timoun ki viktim yon zak konsa pa responsab.
Kit se sou timoun piti kit se sou yon jèn oswa yon granmoun, konsekans yo grav anpil. San nou pa bliye gwo posiblite ki genyen pou trape yon maladi seksyèl tankou SIDA oswa vin ansent, lòt konsekans tankou gwo depresyon, gwo strès ki vin apre zak la (strès pòs-twomatik) ak lide pou fini ak sa, se kèk nan pakèt konsekans ki kapab difisil pou sipòte.

Yon tris reyalite
         (Èske w te konnen?)❓❓

  • Apeprè 15 milyon¹ (15000000) jèn adolesan ant 15 pou rive 19 an nan monn nan te viktim kèk rapò seksyèl fòse yon fwa nan lavi yo.

  • Nan monn nan, yon fanm sou twa viktim vyolans fizik oubyen seksyèl kote byen souvan se yon moun entim ki fè l.

  • Nan lanne 2017, sou chak de fanm yo te touye, youn nan yo te asasinen swa pa yon ti mennaj swa pa pwòp fanmi l.

  • Daprè World Report 2020, ta gen 11 (onz) fanm ak jèn tifi yo ta fè kadejak sou yo pandan masak ki te fèt nan mwa novanm 2018 la nan La Salin.

Yon konplis anba anba



sosyete a VS reyalite

Nan pati sa nou prezante kèk ide ki gaye nan sosyete nou yo ki favorize zak sa yo.

 Sosyete a: kadejakè a  toujou yon moun viktim nan pa konnen.                   Sosyete a: Pa ka gen vyòl si fi a pa gen mak sou kò l ak lòt siy ki pou montre li te eseye reziste.Sosyete a: Viktim nan konplis si li pa fè anyen pou li reziste.Sosyete a: Yon fanm ka eksite yon gason fè Kadejak sou li, si li mal abiye,pa egzanp si li mete yon ti kal jip sou li,rad ki fè tout fòm kò l deyò oswa lè li bwè jis li sou ak lè li aksepte yon gason mennen l lakay li.
Reyalite:                                                             Nan anpil ka, viktim nan konn moun ki agrese l la.Selon liv Kòman pou w pale sou kesyon sèks ak pitit ou (ann anglè) "Sou chak twa moun yo vyole, gen de nan yo ki konn moun ki fè yo sa a. Nan pifò ka, se pa yon etranje ki jis sote sou moun nan sanzatann" Gen etid ki montre 84% fanm yo vyole yo te konn agresè a.Menm nan kad maryaj la kapab gen vyòl.Lè sa yo di se yon vyòl konjigal. Sa rive lè mari a egzije madan m li fè sèks avè l alòske fi a pa sou sa epi li (mari a) itilize fòs li pou l fòse l kouche avè l.Reyalite: Kit li te reziste fizikman kit li pat fè sa, pa gen anpil fanm ki prezante mak sou kò yo moun ka wè.Domaj yo plis sikolojik. Reyalite:
Kèlkeswa jan yo fè l la, Kadejak la se sèks yo fè ak yon moun, lè yo itilize fòs oswa menas,ak tout viktim nan pa vle. Kidonk se paske yo itilize fòs sou viktim nan ki pat vle yo vyole l la, ki fè agresè a tounen yon kadejakè.Se pa paske yon fanm oblije soumèt li anba kadejakè a paske li pè oswa li te anba presyon ki fè nou ka di li te dakò ak zak la.Li klè si l te ka chwazi, li tap evite vyòl la.
 Reyalite: Se pa paske yon fi montre li manke vijilan ki fè li merite pou yo fè Kadejak sou li.Pa gen anyen ki bay kadejakè a rezon, se li sèl ki koupab.
Jan tablo a montre sa, anpil ide yo transmèt nou depi toupiti nan sosyete a ka eksplike konpòtman ak fason anpil moun panse sou zak kriminèl sa a ki se kadejak ki kontinye fè moun lapenn.

  • Men gen yon pi gwo mal pase zak kadejak la li menm.Kisa li ye? Ki fason pou nou pwoteje tèt nou? epitou ki sa moun ki viktim yo ka fè pou yo jwenn èd?
Se kesyon sa yo ak lòt ankò ki trete nan dezyèm pati atik sa a  ki gen pou tit
"Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo (2yèm pati)"
Li suit atik sa a nan pati Dezyèm vyòl la.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?