Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo. (2yèm pati)



Yon ti mo pou lektè yo :

Atik sila a, se dezyèm pati nan atik ki gen tit 
"Kadejak- Refleksyon sou sosyete nou yo"
Si ou potko li premye pati atik sa, nou ankouraje w ale li l anvan ou li paragraf ki vin annapre yo.
!! Klike sou lyen sa a pou w jwenn premye pati atik la 👉https://edikanet509.blogspot.com/2020/07/kadejak-refleksyon-sou-sosyete-nou-yo.html?m=1
EDIKANÈT ap fè nou konnen li apresye anpil kòmantè nou yo ak sijesyon nou fè yo pou atik yo pi atiran chak jou pi plis. Jan nou abitye fè sa, EDIKANÈT ankouraje nou kontinye pataje atik yo plis toujou yon fason pou pi plis moun jou apre jou pwofite premye travay sa yo EDIKANÈT mete disponib pou piblik la ki ap anrichi konesans nou toutpandan l ap valorize lang kreyòl ayisyen an nan plizyè domèn konesans. 

N ap di nou mèsi anpil pou bonjan sipò nou kontinye ap bannou.

Bon lekti!
EDIKANÈT
________________________






Dezyèm vyòl la

Jan nou te gentan egzamine sa nan premye pati atik sila a, kadejak oswa vyòl se yon zak brital ki lakoz anpil dega sou plan sikolojik. Malerezman, se pa tout viktim yo ki al pote plent oswa ki resevwa yon èd medikal ki t ap ka ede yo. Sa vin rann anpil chif ki avanse sou fenomèn sa a pi piti lontan pase sa ki fèt toubonvre nan sosyete nou yo. Petèt w ap mande tèt ou : piske vyòl yo fè sou yon fanm se yon gwo mechanste ki trennen tout konsekans sa yo ak li, poukisa anpil fanm yon jan renka pou denonse agresè a ? 
Anvan nou jwenn repons kesyon sa a, ann 
konsidere ti istwa ki vin annapre a.

Se istwa yon jenn demwazèl 16 lane ki rele Samanta ki lekòl toujou.
Samanta se yon bèl jenn demwazèl, anpil gason nan lekòl li a ap eseye file l. Yon jou direktè lekòl la voye rele l nan biwo l, lekòl te gentan lage. Nan pale pale ak Samanta direktè a vare sou jenn demwazèl la epi li vyole l. Nan demen li pa al lekòl la, koze a fè yon sèl tole nan vwazinay la.Paran yo deside al pote plent pou direktè a.Tout moun sou katye vin konn bagay sa a atò jeran lakou lekòl la okouran. Kèk ansyen kamarad li vin ap fawouche l, gen kèk lòt moun ki vin ap fè menas, sa ki di se yon jan y ap fè pou yo sal repitasyon mesye a sa ki di se manti. Se konsa apre de (2) mwa yo fè ap monte desann pou prezante afè a devan lajistis, Samanta vin santi l about, li pa kapab ankò epi li touye tèt li.

Ala tris istwa sa tris men konbyen Samanta yo fè sa vre nan sosyete nou yo.
Istwa sa a montre, byen souvan apre atak fizik kadejakè a vin ajoute yon atak sikolojik antouraj la vin fè sou viktim nan. Jan nou te mansyone sa nan atik anvan an, kèk ide yo transmèt nou depi nou toupiti sou kesyon sèks ansanm ak ide medya yo ap fè pase ki fè kwè fè sèks mache ak vyolans, ke medam yo jis la pou satisfè dezi seksyèl gason yo oswa ide tankou, yon gason fèt pou l vyolan pou yo respekte l, konn fè sosyete a pran agresè a pou viktim epi viktim nan pou koupab la. Konsa zanmi, paran ak lòt moun viktim nan ta sipoze jwenn èd ak sipò ki gen panse sa yo tou, fè viktim nan plis mal pase sa yo ta ka imajine.
Men kisa yon viktim n ap bay non Àn te di: " Sa ou plis bezwen apre sa, se yon bon sipò moral.Pa kite anyen kraze moral ou.Sa pa fasil men di tèt ou m pap aksepte soufri ankò. Li te jwenn kò m li pap jwenn mantal mwen."
-Vrèmanvre nou gen rezon rele repwòch enjis sa yo "dezyèm vyòl la."



Aji san pèdi tan
-Pwoteje tèt ou


"Li te ozanviwon onzè (11è) nan aswè, m t ap mache byen trankil pou m rantre lakay.
Li te fè nwa sou katye a, men mwen konn fè wout la.Pandan m t ap mache konsa, m te santi y ap obsève m men, m pa t wè pèsòn. Epi bridsoukou m santi yon moun pa dèyè m.Apèn m pral vire, li ban m yon sèl kou li lage m atè. Se lè sa a m vin konprann sa k t ap pase a. M goumen ak li, m ba l kout zong, kout pwen. Mwen te eseye rele men li t ap trangle m. Mwen te pouse l, men lè sa a, mwen santi yon kout kouto nan zantray mwen. Mwen pa t ret okenn fòs ankò. Mwen te gen dizuitan (18 an)"- Dina


Anpil jèn menm jan ak Dina te viv yon moman konsa nan lavi yo men kontrèman ak Dina se pa yon tout ki sòti sennesof. Byenke pa gen okenn prekosyon ki bay garanti anyen pap rive w, gen anpil bagay ou ka fè pou w pwoteje tèt ou. Ann egzamine kèk ladan yo.

Se pou w veyatif
Lè w nan lari, mache avèk vi. Veye sa k ap pase devan w, dèyè w,ni adwat ou ni agoch ou. Sepandan pa montre w sispèk. Evite zòn ki danjere yo sitou lannuit oswa se pou w akonpaye si w oblije fè nan zòn sa yo.
Veye fason w abiye
Byenke sa ki lakoz yon vyòl se pa janm vre fason fi a abiye a.Nou dwe sonje, si nou mal abiye oswa n abiye yon fason ki pwovokan, nou ka bay enpresyon nou enterese nan fè sèks osinon si yo abòde n nan sans sa a nou pap refize.
Aji avèk tak
Si ou gentan idantifye l, eseye sa espesyalis yo rele "rezistans pasif la". Objektif fòm rezistans sa a, se 'kalme agresè a'pou w gentan chape poul ou. Ou ka bay pawòl kòmkwa ou gen yon maladi trapan oubyen yon lòt pwoblèm.
Men pa bliye, youn nan fòm ki pi efikas rezistans pasif la se: rèl yo.
Pa egzanp si ou rele byen fò: " Bare Kadejakè!...Bare Kadejakè! "
L ap reflechi de fwa anvan l al pi lwen.
Defann ou!
Si rezistans pasif la pa mache, pase dirèk dirèk nan sa yo rele 'rezistans aktif la'.
Ou pa dwe pè olye de sa ou dwe an kòlè poutèt yo vle fè kadejak sou ou. Jan syantifik Linda Ledray fè remake sa "Laperèz ou a se pi bon zam asayan w lan"
Kidonk mete fanm nan fanm ou pou w goumen. Se jan pwovèb la di l la "se apre batay ou konte blese".
Rive nan stad sa a, si w pa ka anpeche vyòl la, fè sa w konnen pou apre yo ka rive idantifye l.Si posib, ba l kout zong oubyen chire rad li ; san an ak mòso rad la va sèvi kòm pyès a konviksyon. 
Jan Robin Warshaw di sa nan liv li a 'M pa t janmen rele sa yon vyòl'(ann anglè)
" Ou pa bezwen mouri oswa blese grav pou 'pwouve' yo fè kadejak sou ou".

Èd viktim yo dwe jwenn

Paragraf avan an bay kèk nan bagay nou ka fè pou n pwoteje tèt nou men jan nou te di sa, yo pa bay garanti 'anyen' pap rive w.Petèt menm jan ak Dina, w ap viv nan yon zòn ki danjere,petèt ou ka pa kapab toujou akonpaye si w gen pou w pase nan yon zòn konsa oswa menm sa ka rive w nan peryòd gè sivil.
Kèlkeswa fason an, nou bezwen èd ak bonjan sipò. Kisa nou ka fè pou n jwenn yo? Se sa nou pral wè kounye a.

Si w viktim yon zak kadejak
•Chèche yon èd medikal (ale prese prese nan yon sant sante oswa al lopital)
•Pale sou sa ak yon moun ou ka fè konfyans (kèk viktim ka bezwen chèche jwenn èd yon siko-terapet oswa kèk òganism ki la pou sa)
•Kou w kapab, rele lapolis
•Konsève prèv yo . Pa al benyen, pa chanje rad ki te sou ou a, pa lave ni penyen tèt ou.
•Fè sa w kapab pou w santi w an sekirite.

!!! Youn nan pi bon fason nou ka pote èd nou, se lè nou panche zòrèy nou pou n koute viktim nan ak anpil atansyon. Pa janm souzantann viktim nan te pran plezi oswa konplis nan sa yo sot fè l la.
Fè l reprann konfyans.
Pa bouske l epi pa kouri aji san reflechi (ou ta ka mete viktim nan ak lòt moun li renmen an danje)

<--------------------------->
Sous ak lòt enfòmasyon

1-Un visage familier: la violence dans la vie des enfants et des adolescents, UNICEF, 2017.
2- MSPP
3- www.wvi.org

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?