Myam ! Myam !

 


Li dous, li gou, li gen bon sant, li fonn nan bouch epi li fè kè w kontan. Timoun kou granmoun  renmen l epi yo vann li prèske tout kote.

 Kiyès ki pa renmen chokola ? Se yon pwodui ki fè dlo koule nan bouch. Pa gen pi bèl plezi pase sa, pou w ap manje oswa bwè yon bon ti chokola. Kèlkeswa nasyonalite nou, li difisil pou nou jwenn moun ki pa renmen chokola. Li okipe yon plas espesyal sitou nan peryòd fèt Sen Valanten ak fèt nouvèlan yo. Lè nou bezwen montre afeksyon nou pou yon moun nou renmen, se toujou yon bon kado.

Chak lanne, kantite moun ki ap konsome chokola pa sispann ogmante, sa ki reprezante apeprè 4 milyon tòn chak ane. 

Poukisa gason kou fi renmen chokola konsa ? Ki orijin li ?

An nou dekouvri ansanm yon ti istwa bonè sila a !


Aztèk yo ak kilti Kakawo a

Depi lontan moun te pran plezi nan plant ki pwodui kakawo a. Daprè kèk espesyalis, plant ki pwodui kakawo a ta kòmanse pouse nan zòn sid kontinan ameriken an nan gwo forè Amazonn nan sa gen plizyè milye ane. Alèkile li difisil pou nou di ki orijin mo 'chokola' a. Men gen sous ki ta fè kwè se nan mo espayòl chocolate fòm ki popilè nou kenbe pou rele pwodui sa a sòti. Men gen lòt sous ki remonte pi lwen, ki fè konnen nan diksyonnè lang 'nahuatl' (yon ansyen lang maya) mo ki deziyen 'bwason ki gen kakawo ladan l lan se cacahuatl ki siyifi mo pou mo 'kakawo ak dlo'. Pita, nan kòmansman XVI yèm syèk la, espanyòl yo te vin pito itilize mo chocoatl pou deziyen bwason sa a. Nan yon ansyen diksyonnè maya-espayòl, mo 'chocol' la, ki vle di cho, te mache ak mo 'haa' pou bay ekspresyon 'chocol haa' (dlo cho) ki sanble ak mo chocoatl ki ta pral vin tounen mo 'chocolate' a.

Aztèk yo bò kote pa yo, fè pati premye pèp ki te kòmanse kilti plant kakawo a byen bonè nan sid kontinan amerik la. Yo te konn sèvi ak grenn yo jwenn yo pou fè komès epi yo te gen abitid bwè bwason sila a , nan gode ki fèt ak bon lò. Yo fè konnen te gen yon anperè Aztèk ki te rele Moctezuma ki te konn bwè senkant (50) gode chokola chak jou !

Lanmou pou chokola alèkile


Anpil moun renmen konsome chokola paske li bon nan bouch. Li fè yo santi yo byen epi li relakse kò a.

Eske gen prèv lasyans bay ki montre chokola jwe sou emosyon ak kè kontan nou ka genyen ?


Depi plizyè syèk, yo toujou fè kwè chokola ka aji kòm yon stimili pou fè yon moun reyalize yon bagay oswa ka rebay yon moun ki fatige fòs.

Sepandan, konesans nou vin genyen sou lamedsin aprann nou plis toujou, sou pwopriyete chokola a genyen ak jan li reyaji nan òganis nou.

Chokola pa sèlman jwe sou santiman nou, li ede nou tou konbat kèk maladi tankou : kansè ak maladi kè. Konsomen chokola, se yon bon fason pou konbat strès epi ranfòse sistèm defans kò nou.

Daprè kèk gwo syantifik, chokola jwe tou sou konpòtman seksyèl yon moun. Gen etid ki montre, plis yon gason ak yon fi konsomen chokola, se plis y ap gen pi bon eksperyans seksyèl.


Sa rive paske chokola a pwodui nan sèvò a yon molekil ki rele 'fenyletilamin' ki gen pou efè eksite ògàn seksyèl yo. Se pa san rezon yo rele molekil sa a, molekil lanmou a.

Tout moun nèt san wete sila ki damou yo ka jwenn anpil plezi lè yo manje chokola ansanm. 



Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?