Tristès pi grav pase lanmò ! Kòman pou w fè pou konbat li, lè w santi w tris ?

Kredi foto : Femme actuelle

Kredi Foto : Femme actuelle



Tristès


Tristès !

Yon mo ki reflete anpil bagay. Anpil fwa, depi yon moun tris li santi l dekontwole, moral li ba, sa ki konn koz li fè gwo enpak nan vi l. Gen moun ki konn eseye kache si yo tris, eseye goumen ak li. Konsa tou, konn gen seri de lòt moun ki lage de bwa pandye, kite tristès fin depouye yo de tout ti rès gout kontantman ki te rete lakay yo.

Sa klè kou dlo kòk : pyès moun pa ta renmen tris, men malerezman tristès se yon konstant nou jwenn toupatou nan lavi moun sou latè. E ki konn koze anpil gwo pwoblèm deja. 

Men èske w te konnen ke w ka sèvi ak tristès ou pou w fè plis siksè ?

Ebyen ou menm k ap li atik sa a, ki ta renmen konnen kòman w ka fè pou konvèti tristès an reyisit, nan liy sa yo ki pral vini la, nou pral eseye devlope sijè sila a pandan nou pral fè yon rale sou :

1) Sa ki koze tristès

2) Efè tristès gen lakay li.

  • Fizik
  • Moral





1) Kisa ki lakoz tristès ?

An jeneral yon moun santi l tris lè l poukont li, elwanye de moun, sa nou konn abitye tande yo rele nan lang fransè a " Solitude ", ki se yon etap kote yon moun santi l vid, pa gen zanmi, ki gen pou siyifikasyon : yon repli total nan moun lan menm.

Gen de fwa, yon moun konn santi l tris se lè li gen yon moun ki te enpòtan nan vi l mouri, oubyen lè santiman l blese, ladan nou jwenn : Abi konfyans, echèk nan lanmou, pou n site sa yo sèlman.


Kòm nou sot wè pi wo a, sa ki lakoz tristès, li enpòtan kounya pou n chèche konn efè tristès ka genyen sou yon moun.


Tristès la koze anpil katastwòf ! Nou kapab klase kon sa : 


A) Efè sou fizik yon moun


Men kòman ? 


Li pa etranj pou tristès  deprime   kèlkeswa moun  sou latè.

Gen moun lè yo tris, yo pa ka manje, tout lasent jounen ap kriye rele. Sa ki koz moun lan vin piti nan yon bat je, e ka menm koz moun lan malad.

Pi lwen, nou jwenn gen moun li konn fè yo fè pwòp tèt yo mal. Nan ka sa a nou ka jwenn : mitilasyon,… suisid, ki li menm pi grav pase tout lòt yo. Se dènye stad la.


Menm jan tristès la ka koze enpak sou kò nou, konsa tou li konn koz :


B) Efè sou moral yon moun


Kijan sa fèt ?


Depi yon moun tris, li gen tandans twouble, ap poze tèt li anpil kesyon. Panse anpil bagay, sa ki konn koz moun lan pa santi l byen, deprime. Dèfwa moun lan konn santi l dekouraje, pèdi lespwa.


Toutfwa nou ka fè yon lyen dwat ant efè moral epi efè fizik, paske lè ke yon moun tris, sa frape moral li anvan pou li fè enpak sou fizik li annaprè.




Pou n konkli, nou ka di tristès se yon konstant nan tout sosyete, pèsonn pa epanye, kit ou te rich oubyen w te pòv, depi se moun ou ye, ou kapab tris. 

Menm jan nou sot wè l nan paragraf anlè yo, yon moun kapab tris pou plizyè rezon, tankou : Lanmò, Echèk nan lanmou. Sa ki pral gen yon efè moral epi fizik. Ki gen ladan l : Depresyon, Suisid.



Men kòman nou ka sèvi ak tristès pou n fè plis siksè ?


Yon moun ki tris ka pwodui anpil, pandan l ap aprann de erè li yo. Pa egzanp ou ka itilize tout fòs ou rete yo pou fè yon bagay pozitif. Menmjan plizyè powèt abitye fè l pou ekri bèl pwezi.

Nou pa konnen kisa ki te rann ou tris, si se yon yon moun ou genyen ki brize kè w, ou byen si w gen yon moun ou ki mouri, osinon pou yon lòt rezon parèy. Men n ap di w lesansyèl se bay de ti gout dlo si w kapab, kriye, rele, pa pè eksprime tout kòlè w nan rèl yo, fè l ak tout fòs. Fè sa nan limit ou kapab san w pa kite l deprime w, apre lè w santi w fini, leve, epi avanse, itilize tristès la, mekontantman ki nan kè w la pou kreye yon bagay pozitif, li kapab: ekri, pentire, danse, chante... Tout sa w pasyone de li. Apre w ap vin remake kòman ou afwonte l pandan ou fè yon bagay pwodiktif. 

Dèfwa menm tristès sa k ap trakase w la se li ki pra l pèmèt ou konprann lavi a pi byen, oubyen ki pral louvri pòt reyisit la pou ou. Ann pa febli, ann avanse !








Mèsi ak ou menm ki t ap li atik la, pa bliye kòmante, poze n kesyon, pote kritik.


Kòm nou konn sa deja, EDIKANET konstitiye de yon staf etidyan nan inivèsite leta, ki pa ko gen moun k ap sponnsorize l. Sipò w  ap vrèman enpòtan pou nou ka kontinye sèvi w pi rapid, pi byen.

Si w vle fè sa, ou ka fè l pa plizyè mwayen :

1) Ou ka fè n jwenn kèk bon ransèyman, zouti pou n ekri epi fè rechèch.

 Ekri n sou :

 edikanet509@gmail.com

 oubyen nan nimewo ki anba yo. Avèk yon mesaj !

2) Ou ka achte yon braslè, yon chèn, yon sipò telefòn, yon pòt kle ki gen ladan yo logo EDIKANET la ki enprime. Pa ezite kontakte n kounya si w bezwen.










3) Kounye a, EDIKANET gen yon kont PayPal si ou renmen travay n ap fè a, e w ta vle sipòte nou jan w kapab tape lyen sa a kounya :


 https://www.paypal.me/edikanet



Ou menm ki pa gen PayPal, w ap viv aletranje ou ka fè l sou topup online sou : +509 4158-3394 

Ou Menm ki ann Ayiti ou ka toujou fè l sou Moncash nan nimewo sila a : +509 3635-3387



EDIKANET remèsye w deja ou menm ki pra l met men nan pat la.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?