Yon anvlòp estrawòdinè !

 Yon anvlòp estrawòdinè !




Yon ti mo

Ki sa ki te toujou la avèk nou? Ki te sibi enfliyans grandi n ap grandi a genyen sou kò nou an pandan tout ane sa yo? 
Se li menm ki fè n santi nou frèt,nou cho.Se li nou plis manyen pase nenpòt kote nan kò nou.

Si endis sa yo pa rive pèmèt ou wè sa nou pral trete nan atik sa a, jis kanpe devan yon glas,gade tèt ou, epi w ta sipoze konprann tousuit.

Ou pa ko? 

Pa gen dout nan sa, po nou se li nou plis manyen pandan tout vi nou. Nou fè sa n kapab pou nou pran swen l , pou nou cheri l. Yon bèl po, fè moun anvi gade nou,sa bay kè kontan epi sa ban nou asirans.
Men anplis bèlte po nou ka fè nou jwenn, èske li la sèlman pou fè nou parèt bèl nan je lòt moun oswa l gen lòt bagay li fè?

Se sou kèk nan lòt bagay sa yo, atik sa a pral pale.
Si w panse po nou jis la pou pwoteje kò nou ebyen pran ti chèz ba w paske ou pral sezi tout sa po nou ka fè.
Wi an nou fè yon ti pale sou anvlòp estrawòdinè sa a!

________________________________________________________





PO nou, sa li ye?
 
Po nou se yon ògàn sa ki vle di se yon ansanm tisi ki fè l. Sa ki fè li jwe plizyè wòl enpòtan. Po nou se ògàn nan kò nou ki plis laj , li reprezante 16% pwa total kò nou.
Anplis wòl pwotektè li jwe pou kò nou , li ranpli plizyè fonksyon enpòtan ki pèmèt nou viv byen.

Daprè sa kèk dèmatològ* fè konnen, po nou ta gen 70% dlo ladan,27,5% pwoteyin, 2% grès ak 0,5% sèl mineral.
 Twa kouch tisi prensipal fòme po nou, se :
  1. Epidèm
  2. Dèm
  3. Ipodèm

Chak kouch sa yo gen wòl pa yo yo jwe pou pèmèt po nou rete an sante.
  Gen 3 tip selil ki fòme pati siperyè po nou an (epidèm nan) se:
  keratinosit yo,  ki gen Keratin, yon pwoteyin nou retwouve nan konpozisyon cheve ak zong nou yo.

Melanosit yo, ki pwodui yon sistans chimik ki rele melanin ki responsab koulè po nou. Li jwe yon wòl enpòtan nan egzistans nou. Solèy la gen kèk reyon moun pa ka wè li toujou voye: se reyon Iltravyolèt.
Lè nou resevwa yon kantite ki twòp nan reyon sa yo , sa ka bay kansè po. Se melanin nan ki kontwole ki valè reyon Iltravyolèt ki dwe antre nan kò nou.
Nou dwe malgre sa evite rete twò lontan anba yon solèy cho san pwoteksyon paske, reyon Iltravyolèt yo gen efè sou selil ki la pou asire rejenerasyon po nou , pètibasyon sa ka debouche sou yon kansè, nan kèk ka si n pa pran bonè ak li li ka voye n anba tè.

Selil Langherans yo, ki patisipe nan sistèm defans po nou. Yon kategori selil ki pran gwo kou lè nou rete twò lontan anba yon solèy cho paske an jeneral se yon derègleman nan selil sa yo ki souvan premye etap pou devlopman youn nan twa tip kansè po nou konnen yo ki se: kasinòm bazoselilè, kasinòm spinoselilè ak melanòm malen an.
Kontrèman ak de premye yo, melanòm malen atake plis an pwofondè po nou jis rive atake nè nou yo epi rive menm nan san nou. Se li ki plis frajil , an jeneral li fasil pou trete lè w pran bonè men si li deja rive nan dènye estad la pa gen anpil chans. Daprè kèk estatistik , sèl 2 a 3 pousan moun rive viv omwen 5 lane anplis apre kansè a fin devlope.

De lòt kouch yo , dèm nan ak ipodèm nan gen anpil nè, venn ak glann.Pwent nè sa yo lakòz po nou sansib. Se yo ki fè nou santi chalè,fredi,gratèl , doulè ak lòt sansasyon moun konn santi sou po yo. 
Venn ak glann sa yo ede regle tanperati kò nou.Yon moun ki an sante, tanperati kò l apeprè 37° C.
Gen glann ki fabrike grès ak lòt ki libere suè, tout sa fèt pou kenbe po nou an sante.
_________________________________________________________
*Dèmatològ: medsen ki espesyalize nan etid po lòm ak maladi li ka devlope.
_________________________________________________________


Èske w te konnen?

Sue nou sue anpil ka yon siy nou an sante sa ki ta esplike poukisa moun ki benyen twò souvan yo gen plis chans gen enfeksyon po ak ekzema.

Èske w te konnen?
Se yon kategori glann ki responsab suè a ki ban nou odè kò nou, yo rele yo glann sudoripa apokrin.

_________________________________________________________

Li klè po nou pa jis jwe wòl baryè pou pwoteje kò nou,li defann tou lè li pwodui yon seri pwoteyin ki pou ale konbat kèk mikwòb.Pwoteyin sa yo pote non peptid, gen 2 nan yo ki aktive lè nou blese ak lè po nou anfle, se: katelisidin yo ak defansin yo.
Yon lòt fwa ankò pwosesis gerizon ak rejenerasyon po nou an apre kèk chòk li sibi, toujou yon fenomèm ki poko fin etidye, chèchè yo toujou ap dekouvri lòt bagay ankò sou pwosesis konplèks sa.Yo espere sa ap ede yo kreye nan laboratwa kèk materyo ki kapab repare tèt yo poukont yo lè yo andomaje.

Anplis de sa, po nou pèmèt nou gen yon tanperati ki adapte. Gras a pakèt ti twou ki sou po nou yo rele pò, nou kapab respire. Li fè nou resanti sansasyon epi li se yon sous enèji pou kò nou.

_________________________________________________________


Chouchoute epi apresye koulè po nou

Nou rive kounya nan dènye pati atik sa a, ki ap raple nou jan li enpòtan pou nou byen pran swen po nou.

Pou po nou rete an sante,pou li ka byen fonksyone, li enpòtan pou nou pran swen l lè nou benyen ak dlo ki pwòp,lè nou mete rad ki pwòp, lè nou evite rete anba yon solèy cho paske sa ka brile kouch siperyè po nou.Lè nou vizite dèmatològ nou pou nenpòt tach sispèk ki ta ka parèt sou po nou.
Lè nou evite pase kèk pwodui kosmetik ki kapab pètibe travay melanin yo lè nou ap chèche bay  po nou yon aparans ki pi klè. Anpil nan pwodui sa yo gen sa yo rele idwokinòn nan ki kapab domaje tisi epitelyal* yo epi fè po nou vyeyi vit. Pafwa efè yo ap dire nètale , sa ki ka detwi aparans fizik nou.
Anplis de sa ,anpil ekspè sispèk sibstans sa a ka bay kansè.

Vrèman vre po nou enpòtan anpil pou kò nou se poutèt sa, li merite pou nou ba li anpil konsiderasyon, anpil swen pou li pa kòche oswa brile pou li ka kenbe wòl li byen.

____
*Tisi epitelyal : yon seri tisi ki rekouvri pati siperyè po nou.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?