Articles

Affichage des articles du août, 2024

« Liv an foli», yon trantyèm edisyon ki fè lespwa boujonnen.

Image
             15 dawout 2024, yon jou konje, se dat sila Nouvelis ak lòt patnè li yo te pwograme «Liv an Foli». Yon jounen inoubliyab pou lektè ak ekriven yo te rankontre pou yo vin pataje lanmou pou liv, pasyon pou bèl mo ak literati, nan moman difisil sa k ap bwase bil yo a, te ba yo ti moso lespwa. Depi byen bonè nan maten, bò 10 zè, tout preparasyon te fin fèt nan lakou otèl Karibe, ki chita kò l nan Jivena. Te gen yon liy men longè, soti bò baryè a pou rive nan espas ki te rezève pou evènman an. Responsab lojistik yo te gentan fè enstalasyon kyòs pou otè chita epi layite dokiman yo, ak enstalasyon pou sèvi moun bwason ak dlo. Te gen plizyè sal kote gen plizyè Editè tankou C3, Henri Deschamps elatriye te remize yo pou moun yo te ka al fè kòmand epi pran livrezon yo. Nan yon diskou tou kout Frantz Duval, redaktè Nouvelis la te bay mo entrodiksyon pou trantyèm edisyon Liv an Foli a ka kòmanse.  Anpil moun te prezan, tout kalite moun ; timoun, jèn, asosiyasyon. Jounen an te kòmanse nan

DYABÈT (MALADI SIK)

Image
 Dyabèt oswa maladi sik se yon maladi kwonik ki manifeste lè pankreya a pa pwodui kantite ensilin li ta dwe pwodui a osinon òganis la mal itilize oswa pa ka itilize ensilin ki disponib pou li a. Gen diferan tip Dyabèt : a) Dyabèt tip 1 :  Se moun ki jèn ki plis fè l ,li menm li depann de ensilin. an) Dyabèt tip 2 :  Se li granmoun ak jèn moun plis fè nan popilasyon an, li pa depann de ensilin. b) Dyabèt  tip 3 Se fanm ansent ki abitye fè l. ** Gen lòt tip Dyabèt ki pa devlope fasil lakay moun, men yo egziste. Kòm òganis tout moun k ap viv bezwen yon kantite sik pou l fonksyone, òmòn ki rele ensilin nan la pou l jere kantite sik ki nan san an (glisemi). Lè konsantrasyon sik sila twò ba, yo pale de ipoglisemi. Lè li twò wo, yo pale de ipèglisemi. Nan ka sila, se souvan efè yon dyabèt k ap devlope lakay moun sa a. Meyè fason pou w evite oswa ralanti posiblite pou w gen maladi sik se respekte règleman sila yo : jere pwa kò w, fè egzèsis fizik chak jou, pa fimen, evite sik ak move grès epi

ELEMAN KILTIRÈ YO NAN KONSTRISKSYON iDANTITE NOU KÒM PÈP.

Image
 Divèsite kiltirèl se yon richès inestimab ki karakterize sosyete ayisyen an. Nan kontèks Ayiti, divèsite sa a gen pou rasin li nan yon istwa konplèks ki melanje tradisyon Afriken, enfliyans kolonyal, ak eleman modèn. Enpòtans divèsite kiltirèl la pa ka neglije ; li se yon sous fòs ki ka ede peyi a avanse sosyalman ak ekonomikman. Istwa ak Melanj Kiltirèl Istwa Ayiti, ki chaje ak konbativite ak rezistans, se yon temwayaj de melanj kiltirèl ki sòti nan esklavaj ak liberasyon. Anvan endepandans, pèp ayisyen an te fòme yon idantite kolektif ki te melanje kwayans ak pratik ki soti nan Lafrik ak tradisyon kolonyal fransè kote ke se Kilti sèlman ki te rapwoche yo akoz yo te soti nan diferan peyi e youn te gen difikilte pou konprann lòt. Sa a te kreye yon baz pou yon sosyete ki reflete divèsite ak richès. Lang : Kreyòl kòm Senbòl Idantite Kreyòl se lang majoritè a nan peyi Ayiti, e li se yon eleman esansyèl nan idantite ayisyen an. Lang sa a, ki melanje nan fransè ak lòt enfliyans, se pa sèlm