« Liv an foli», yon trantyèm edisyon ki fè lespwa boujonnen.

    


        15 dawout 2024, yon jou konje, se dat sila Nouvelis ak lòt patnè li yo te pwograme «Liv an Foli». Yon jounen inoubliyab pou lektè ak ekriven yo te rankontre pou yo vin pataje lanmou pou liv, pasyon pou bèl mo ak literati, nan moman difisil sa k ap bwase bil yo a, te ba yo ti moso lespwa. Depi byen bonè nan maten, bò 10 zè, tout preparasyon te fin fèt nan lakou otèl Karibe, ki chita kò l nan Jivena. Te gen yon liy men longè, soti bò baryè a pou rive nan espas ki te rezève pou evènman an. Responsab lojistik yo te gentan fè enstalasyon kyòs pou otè chita epi layite dokiman yo, ak enstalasyon pou sèvi moun bwason ak dlo. Te gen plizyè sal kote gen plizyè Editè tankou C3, Henri Deschamps elatriye te remize yo pou moun yo te ka al fè kòmand epi pran livrezon yo.


Nan yon diskou tou kout Frantz Duval, redaktè Nouvelis la te bay mo entrodiksyon pou trantyèm edisyon Liv an Foli a ka kòmanse.  Anpil moun te prezan, tout kalite moun ; timoun, jèn, asosiyasyon. Jounen an te kòmanse nan kè kontan...


*Tout moun te sou konpa*

Sa je te bay nan jounen sa a pa t gen bouch pou pale. Evènman sila lè w ap gade l demontre anpil moun t ap tann li, ou santi kè kontan te la. Pa t manke gen souri ki t ap soti nan bouch otè ak lektè yo, pandan kesyon t ap poze, pandan repòtaj t ap bay nan kèk medya. Gary Victor, L. Trouillot,  se kèk nan otè ki te la pami 84 otè sa yo.

Bò kote lektè yo menm se pa pale. Yo te anpenpan pou rive jwenn siyati nan men otè yo. Gen otè  fòk ou te pran liy, paske gen plizyè moun ki te vle pale yon ti koze ak yo. se te yon moman rankont tou, moun ki pa wè moun lontan, se nan espas sa lanmou pou liv te fè yo rankontre. Nou te menm remake kèk pèsonalite politik te desann nan Liv an Foli pou te vin achte liv pa yo.


 *Yon jounen san parèy (sipriz)*

Depi aprè yo te fin pouse dat aktivite sila pou 15 dawout akoz kriz peyi a t ap konnen an, anpil moun pa t kwè liv an foli t ap reyisi konsa. Dayè nan lane 2019, Nouvelis te rapòte nou Liv an Foli pèdi nan valè li te konn genyen lontan an. Sipriz ki te genyen nan edisyon Liv an Foli sa a, te gen yon foul moun ki te deplase. Pou rive bò 2 zè menm, foul la te tèlman anpil, ou pa ta di se kanaval,  te gen bourara nan riyèl yo. Devan anpil tab te chaje ak moun. Gen anpil otè ki gen tit ki te fini tèlman yo te vann anpil. Anpil otè te temwaye sipriz yo nan sitiyasyon sila.

Si w te antre nan sal kote editè yo te enstale yo a, anvan ou resi pase pran livrezon liv pa w la, w ap wè liy lan pa piti ditou.


*Pwomosyon ak sansibilizasyon lòt enstitisyon yo pa t manke*


Liv an foli se te yon bèl jounen pou mete liv an valè, se te fèt liv. 

Men li te plis pase sa tou, paske se te yon jounen kote anpil enstitisyon ak òganizasyon te pwofite pou fè pwomosyon ak sansibilizasyon pou divès aktvite yo genyen, sitou sa ki lye ak kesyon edikasyon. Tankou nou te wè anpil moun ki te ak mayo FNE ki t ap distribiye dokiman pou ka pale sou enstitisyon sila, bay moun esplikasyon sou fonksyonnman li.

Ministè edikasyon nasyonal te la tou, li te ekspoze plizyè manyèl eskolè, sitou  manyèl kreyòl yo, epi ekran pou pase piblisite. Te gen lòt fondasyon ak asosiyasyon ki t ap òganize jwèt, aktivite rekreyatif tankou fondasyon Toya, enstiti Panos li menm te nan kesyon sansibilizasyon kont VIH.


*Lektè yo mande pwolongasyon*

Te gen dizon pou aktivite sila fini a katrè, men jan pwovèb kreyòl la di l « zonbi goute sèl li pa mande rete », malgre dènye mo finisman an te bay, nou ka remake aktvite sila pa t kanpe, yo te pwolonje jiska 5è. Jounen sa  montre tout anvi ak angouman ki te genyen pou aktivite sila. Malgre pa t gen envite ki te alonè, objektif prensipal pou ankouraje anpil moun li a sanble te rive jwenn chimen siksè nan trantyèm edisyon liv an foli sa.




Redaktè : Marcus JUSMA

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?