DYABÈT (MALADI SIK)


 Dyabèt oswa maladi sik se yon maladi kwonik ki manifeste lè pankreya a pa pwodui kantite ensilin li ta dwe pwodui a osinon òganis la mal itilize oswa pa ka itilize ensilin ki disponib pou li a.


Gen diferan tip Dyabèt :

a) Dyabèt tip 1 : 

Se moun ki jèn ki plis fè l ,li menm li depann de ensilin.

an) Dyabèt tip 2 :

 Se li granmoun ak jèn moun plis fè nan popilasyon an, li pa depann de ensilin.

b) Dyabèt  tip 3

Se fanm ansent ki abitye fè l.

** Gen lòt tip Dyabèt ki pa devlope fasil lakay moun, men yo egziste.


Kòm òganis tout moun k ap viv bezwen yon kantite sik pou l fonksyone, òmòn ki rele ensilin nan la pou l jere kantite sik ki nan san an (glisemi). Lè konsantrasyon sik sila twò ba, yo pale de ipoglisemi. Lè li twò wo, yo pale de ipèglisemi. Nan ka sila, se souvan efè yon dyabèt k ap devlope lakay moun sa a.

Meyè fason pou w evite oswa ralanti posiblite pou w gen maladi sik se respekte règleman sila yo : jere pwa kò w, fè egzèsis fizik chak jou, pa fimen, evite sik ak move grès epi jere rejim alimantè w. 

Si nou swiv konsèy sa yo n ap rive evite maladi sik ak konplikasyon tèt chaje li yo.




 JEAN Rashmi Ruth Djinah

©EDIKANET















©EDIKANET








Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?