Articles

Affichage des articles du 2024

« Liv an foli», yon trantyèm edisyon ki fè lespwa boujonnen.

Image
             15 dawout 2024, yon jou konje, se dat sila Nouvelis ak lòt patnè li yo te pwograme «Liv an Foli». Yon jounen inoubliyab pou lektè ak ekriven yo te rankontre pou yo vin pataje lanmou pou liv, pasyon pou bèl mo ak literati, nan moman difisil sa k ap bwase bil yo a, te ba yo ti moso lespwa. Depi byen bonè nan maten, bò 10 zè, tout preparasyon te fin fèt nan lakou otèl Karibe, ki chita kò l nan Jivena. Te gen yon liy men longè, soti bò baryè a pou rive nan espas ki te rezève pou evènman an. Responsab lojistik yo te gentan fè enstalasyon kyòs pou otè chita epi layite dokiman yo, ak enstalasyon pou sèvi moun bwason ak dlo. Te gen plizyè sal kote gen plizyè Editè tankou C3, Henri Deschamps elatriye te remize yo pou moun yo te ka al fè kòmand epi pran livrezon yo. Nan yon diskou tou kout Frantz Duval, redaktè Nouvelis la te bay mo entrodiksyon pou trantyèm edisyon Liv an Foli a ka kòmanse.  Anpil moun te prezan, tout kalite moun ; timoun, jèn, asosiyasyon. Jounen an te kòmanse nan

DYABÈT (MALADI SIK)

Image
 Dyabèt oswa maladi sik se yon maladi kwonik ki manifeste lè pankreya a pa pwodui kantite ensilin li ta dwe pwodui a osinon òganis la mal itilize oswa pa ka itilize ensilin ki disponib pou li a. Gen diferan tip Dyabèt : a) Dyabèt tip 1 :  Se moun ki jèn ki plis fè l ,li menm li depann de ensilin. an) Dyabèt tip 2 :  Se li granmoun ak jèn moun plis fè nan popilasyon an, li pa depann de ensilin. b) Dyabèt  tip 3 Se fanm ansent ki abitye fè l. ** Gen lòt tip Dyabèt ki pa devlope fasil lakay moun, men yo egziste. Kòm òganis tout moun k ap viv bezwen yon kantite sik pou l fonksyone, òmòn ki rele ensilin nan la pou l jere kantite sik ki nan san an (glisemi). Lè konsantrasyon sik sila twò ba, yo pale de ipoglisemi. Lè li twò wo, yo pale de ipèglisemi. Nan ka sila, se souvan efè yon dyabèt k ap devlope lakay moun sa a. Meyè fason pou w evite oswa ralanti posiblite pou w gen maladi sik se respekte règleman sila yo : jere pwa kò w, fè egzèsis fizik chak jou, pa fimen, evite sik ak move grès epi

ELEMAN KILTIRÈ YO NAN KONSTRISKSYON iDANTITE NOU KÒM PÈP.

Image
 Divèsite kiltirèl se yon richès inestimab ki karakterize sosyete ayisyen an. Nan kontèks Ayiti, divèsite sa a gen pou rasin li nan yon istwa konplèks ki melanje tradisyon Afriken, enfliyans kolonyal, ak eleman modèn. Enpòtans divèsite kiltirèl la pa ka neglije ; li se yon sous fòs ki ka ede peyi a avanse sosyalman ak ekonomikman. Istwa ak Melanj Kiltirèl Istwa Ayiti, ki chaje ak konbativite ak rezistans, se yon temwayaj de melanj kiltirèl ki sòti nan esklavaj ak liberasyon. Anvan endepandans, pèp ayisyen an te fòme yon idantite kolektif ki te melanje kwayans ak pratik ki soti nan Lafrik ak tradisyon kolonyal fransè kote ke se Kilti sèlman ki te rapwoche yo akoz yo te soti nan diferan peyi e youn te gen difikilte pou konprann lòt. Sa a te kreye yon baz pou yon sosyete ki reflete divèsite ak richès. Lang : Kreyòl kòm Senbòl Idantite Kreyòl se lang majoritè a nan peyi Ayiti, e li se yon eleman esansyèl nan idantite ayisyen an. Lang sa a, ki melanje nan fransè ak lòt enfliyans, se pa sèlm

AYITI SENBÒL LIBÈTE ; YON LIBÈTE GWO PISANS YO FÈ L PEYE CHÈ

Image
Sa fè lontan n ap tande Ayiti se senbòl libète, nou fè yon revolisyon ki san parèy, yon revolisyon ki nan tout dimansyon mo a, sa ki vle di :                                                                                                                   kredi : wikipédia   Revolisyon sila te kont sistèm kolonyalis la.      Esklav ak milat te mete tèt yo ansanm, yo te batay pou yo fè Vètyè 18 novanm 1803, yo rive mete tout  kolon yo deyò.  Anplis, pwoklamasyon ki te fèt jou selebrasyon lendepandans la premye janvye 1804, ayisyen te sèmante pou nou defann ti bout tè sa, pou okenn kolon pa t tounen ak tit mèt, ni pwopriyetè.  Revolisyon sa te kont esklavaj.                                 Depi aprè premye mouvman revolisyon jeneral esklav yo ki te fèt nan lannwit 21 pou rive 22 dawout 1791, ki te gen nan tèt li Boukman, ta pral gen yon bann lòt mouvman konsa ki ta pral kontinye fèt, Jiskaske Sonthonax nan Nò ak Polverel nan sid pral oblije deklare libète jeneral esklav yo nan lane 1793.

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?

Image
  Jeneralman, nan sa ki gen pou wè ak istwa peyi a, sitou sa ki te pase nan tan lakoloni. Anpil nan nou konnen te gen yon seremoni ki te fèt nan lane 1791 , pi presizeman nan mwa dawout, kote esklav yo te reyini pou deside epi trase plan batay pou liberasyon yo, sa nou konnen sou non seremoni Bwakayiman an. Nan sans sila a, nan sa ki gen pou wè ak seremoni an, ki te gen alatèt li Boukman jan sa revele nan istwa peyi a. Gen yon bann pawòl  k ap di sou Boukman kòmkwa li ta va gen yon sèman, kote nan lide jeneral li l ap remete an kesyon yon swadizan Bondje blan, ki ta va pa vle wè bagay yo bon pou yo elt. Selon sa ki ekri pawòl Boukman te pwononse yo ta va pati konsa : Bondié qui fait soleil, qui clairé nous en haut, Qui soulevé la mer, qui fait grondé l’orage, Bon dié la, zot tandé? caché dans youn nuage, Et la li gadé nous, li vouai tout ça blancs faits ! Bon dié blancs mandé crime, et part nous vlé bienfaits mais dié là qui si bon, ordonnin nous vengeance ; Li va conduit bras nous, l

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Image
Sa gen plizyè lanne depi Ayiti ap pase yon tray. E dènye jou sa yo, bagay yo te plis mangonmen sitou nan kapital la. Sitiyasyon sa a gen gwo efè sou  Etidyan yo, ak elèv yo . Plizyè inivèsite te oblije fèmen pòt yo akoz ensekerite a. Menm pi gran inivèsite nan peyi a, Inivèsite Leta Ayisyen (ILA) pa t rive epanye de kriz sa a , kote Bandi ak zam te rive dechèpiye plizyè fakilte, tankou FAMV, FMP, FDSE, FDS, elatriye... Dezòd sa a yo ak zak kraze brize sa yo te kòmanse depi mwa Fevriye daprè nòt ofisyèl rektora inivèsite a t apral sòti 11 Mas la pou bay bilan zak ki te pase FAMV. Plizyè medya annapre t apral rapòte tout dega zak briganday sa a yo. Plizyè lekòl nan kapital la tou, te oblije fèmen pòt yo, sitou lekòl piblik yo, kote moun ki viktim nan divès zòn ki gen konfli yo te pral pran refij yo, tankou : Lise Marijàn, Lise jèn fiy yo, lekòl Repiblik Chili, elatriye... Nan mitan Ane akademik la , kote tout etidyan, elèv lekòl ta sipoze chita sou ban ap aprann, te oblije nan kouri, ki

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

Image
Anpil fwa, nou souvan ap fè fas ak yon ansanm sitiyasyon ki atire atansyon moun ki ap viv nan antouraj nou. Pafwa, sitiyasyon sa yo konn gen gwo konsekans sou lavi nou san nou pa menm rann nou kont. Pami yo, nou kapab site : estrès, depresyon, elatriye... Nan atik sila a, nou pral pale de depresyon pandan n ap abòde l plis sou pwen kiltirèl. Kisa depresyon an ye ? Nan limyè k ap klere nan Pòtoprens, depresyon kanpe tankou yon lonbraj k ap balanse, menmsi l parèt envizib nan zye moun yo. Maladi mantal sa a, ki an silans enfiltre lavi yon moun, kite dèyè yon siy tristès ak dezespwa, ki afekte moun ki soti nan tout kalite lavi e nan tout rankwen. Kisa ki kapab koz yon moun fè depresyon ? Depresyon se yon kondisyon konplèks ki enfliyanse pa plizyè faktè. Men kèk koz ki pi souvan prezante ki ka pèmèt ou idantifye depresyon Lakay yon moun : 1. Faktè jenetik ak istwa familyal: Yon predispozisyon jenetik (nan paran) ka ogmante risk pou yon moun devlope depresyon, sitou si manm fanmi pwòch yo