NESESITE AK WÒL SIKOLÒG YO ANN AYITI

 

NESESITE AK WÒL SIKOLÒG YO ANN AYITI


Ann Ayiti nosyon sikoloji a prèske yon tabou, majorite moun konn fe apwòch ant sikoloji avèk sikyatri, alòske disiplin yo pa menm. Sikoloji regle zafè konpòtman, etid syantifik lespri, san entèvansyon medikaman alòske sikyatri li se yon etid avanse nan medsin, ki etidye epi trete twoub mantal, an patikilye ka sikoz yo, kontrèman ak sikoloji, ou jwenn yo itilize medikaman.

Majorite Ayisyen depi yo tande yon moun gen twoub mantal (ka sikoz), jan majorite moun abitye di l « moun fou », yo konn di fòk moun sa al wè yon sikològ. E depi yo tande yon moun al wè yon sikològ yo panse li fou poutèt sa. Yon bagay ki konplètman absid, yon mantitotal kapital.

Pa bliye, sikoloji a gen plizyè branch, e yo chak trete yon pwoblèm diferan. Pami yo genyen : sikològ klinisyen, sikoterapet,seksològ,sikològ travay, sikopdagòg, nerosikològ, elatriye…



WÒL SIKOLÒG YO

Sikològ yo la pou ede moun ki gen pwoblèm santi yo mye, epi ede yo sòti nan pwoblèm lan. Yo ede moun yo apresye tèt yo, konnen fòsak feblès yo, epi yo ede moun aksepte tèt yo jan yo ye a. Yo menm konn ede timoun ki gen difikilte pou aprann lekòl. Nan tout gran peyiyo, sikològ yo jwe yon gwo wòl nan avansman, epi pwogrè sitwayen yo.







KIJAN DE MOUN KI KA AL WÈ YON SIKOLÒG

Tout moun kapab al we yon sikolog, e sa pou plizye rezon. Pami yo nou jwenn moun ki :

- Gen yon maladi grav k ap trakasel ;

- Pedi yon travay ;

- Gen pwoblèm seksyèl ;

- An dèy (gen moun mouri) ;

- Echwe ;

- Gen pwoblèm nan relasyon yo ;

- Gen difikilte pou byen aprann ;

- Elatriye…

Tout sa te kapab rann peyi a  yon pwogrè konsiderab, nan domèn edikasyon ak sosyete. Paske gen anpil moun ki konn fe de seri dezak se paske yo pa jwenn yon moun ki pou ede yo, ki pou konprann yo. Toutotan sitwayen nan peyi an te kapab eseye konprannpwochen yo epi konnen tèt yo plis, t ap gen mwen rasis, mwens pwoblem nan peyi an. Menm jan Socrate, filozof Grèk te di l la, « konnen tèt ou, ou men m ».

Se pou tout rezon sa yo li nesese pou tout enstitisyon ann Ayiti k ap pwonnen ledikasyon, tout antrepriz ann Ayiti gen sikològ spesyalize.

Mèsi paske te li atik sa, nou espere l te itil ou. Si w gen yon kesyon ou kapab poz nou l nan ba komante a.

Pa b liye pataje l ak zanmi w, fanmi w…

Mesi !

- EDIKANET





Commentaires

  1. Felisitatsyon pou lide ke nou fè pase nan atik sila a...Sa map konseye nou se repase men nan konstriksyon fraz nou yo sèlman epi mete plis presizyon, yon ekzanp, lè wap di branch sikoloji a, pou pa di: sikològ klinisyen, sikoterapet,seksològ,sikològ travay, sikopdagòg, nerosikològ, elatriye… Men pito : Sikoloji klinik, Sikoterapi, sèksoloji, sikoloji travay, sikososyoloji, nerosikoloji, sikoloji koyitiv elt..

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?