Yon ti moman mòtèl ak yon fo zanmi

                                     





 Lektè nou yo, nou kontan prezante nou atik sa a ki lonje dwèt sou yon move abitid plis pase yon milya moun sou tè a genyen malgre yo konnen davans, pou anpil nan yo gwo danje mòtèl ki gen nan sa.
Nòmalman, tout moun renmen fè zanmi. Se yon bagay ki natirèl lakay nou. Sepandan pifò moun ap dakò li pi enpòtan pou nou chèche gen bon zanmi pase pou nou ta gen yon pakèt fo zanmi.
Anpil zanmi pa vle di "bon" zanmi pou sa.
Pa egzanp, nan dat 25 desanm 2010 la, yon dam 42 lane nan peyi Grann Bretay te fè konnen sou yon rezo sosyal anpil moun itilize, li ta pral touye tèt li. Dam sa a te gen yon pakèt zanmi sou rezo sosyal la epoutan pa gen youn nan yo ki te rele l oswa ede l.Nan jou apre a , lapolis te jwenn li blayi atè lakay li san vi. Li te touye tèt li.
Ala tris! Sa k te pase a fè n sonje jan li enpòtan pou n byen chwazi zanmi ak moun n ap frekante.
Di nou sa w panse de zanmitay sa a?

"Yo te fè w fè konesans ak li, lè w te nan jenès ou. Anpil jenn parèy ou te konn kare yo avè l tèlman yo te santi yo alèz ak li. Ou te petèt ezite,men kòm zanmi w yo te vin popilè ak li, ou antre nan lo a tou. Lè w anba estrès, li fè w jwenn yon moman soulajman. Ou jwenn li tout lè, li fè w parèt gen konfyans nan tèt ou, anpil kamarad admire w pou sa. Men depi kèk tan, ou vin wè sa w te konprann nan se pa t sa.Ou vin wè li toujou vle ak ou epi ou plede ap panse avè l. Li menm konn fè moun ki bò kote w pa ka sipòte w kèk fwa. Sa k pi rèd la,li menm vòlò nan kòb ou fè,li fè w pa ka viv sante, li fè w pa ka byen pran swen moun ou renmen toutbon. Aktout ou te vle fè yon kraze kite sa a,li pa t pèmèt ou sa.
Nan yon sans, li vin ap kòmande w. Ou ta pito pa te janm kontre ak li."
'Si m te konnen toujou dèyè.'

Kisa nou wè ki pa mache nan relasyon sa?
• Ki konsèy ou t ap bay yon moun ki twouve l nan yon sitiyasyon konsa?


•• Nou ankouraje nou li paragraf annapre yo pou n dekouvri ansanm pèsonalite fo zanmi sa epi kèk konsèy pratik ki ta ka ede yon moun ki nan yon sitiyasyon danjere konsa.

Ak tout kè nou, nou swete n yon bon lekti.
                                      EDIKANET

----------------------


Laverite sou fo zanmi an

Èske w te rive wè de kisa nou t ap pale nan kòmansman atik la?

Fo zanmi n ap pale de li la a, pa yon moun toutbonvre. Men, pou anpil moun, li tèlman okipe yon plas enpòtan nan lavi yo, li tankou yon zanmi entim pou yo. Se kalite relasyon sa a anpil moun ki konn fimen oswa ki gen abitid fimen genyen ak sigarèt.
Yo santi yo manke yon bagay lè yo pa rale yon nway  menm si se ta pou yon grenn jou sèlman. Sa ki koz depandans sa (oswa vin esklav li), se prensipalman akoz yon sibstans ki nan pwodui sa a ki rele 'Nikotin'. Nikotin nan se yon dwòg ki fò anpil, ki ale chita nan sèvo moun k ap fimen an .Li rive atenn sèvo moun sa a, nan sèlman sèt (7) segonn. Sa lakoz moun nan santi l yon jan rikaks oswa konn santi l byen nan po l. Men se pa san konsekans etandone li fè moun nan vin esklav epi li gen gwo efè sou rès pati nan kò a, tankou: kè, poumon, gòj elatriye.
Plis yon moun fimen, se plis li vin difisil pou l sispann. Gen estimasyon ki fè konnen sou chak senk (5) moun ki vle sispann fimen, se sèlman youn oubyen de (2) nan yo ki rive kenbe pandan ennan oubyen plis oswa ki sispann nèt.



Mòtèl nan tout sans

Imajine yo ta ba ou manje ou pi renmen an men yo ta di w, yo mete yon pwazon vyolan ladan ki ka touye w nan kèk ane, èske w t ap manje manje a kanmenm jis paske ou renmen manje sa?

Se sèten yon moun ki nòmal, pa t ap fè yon bagay konsa. Men poukisa toujou gen anpil moun ki kontinye ap fimen tabak ak lòt sibstans menmjan an?
Kontrèman ak sa kèk moun panse, pwodui sa yo fasil pou achte, pou itilize epi nan anpil kote yo bon mache.
Piblisite yo ak medya yo, kontinye ap ankouraje moun yo achte pwodui sa yo ki danjere pou sante moun epi yo depanse anpil lajan nan reklam yo fè pou pwodui sa yo kòmsi lavi moun pa t gen enpòtans oswa lajan pi enpòtan pase lasante ak lavi moun.
Èske se pa manje a nou manje kanmenm ?



Sou chimen lanmò

Èske n te konnen fimen lakoz lanmò plis pase sis milyon moun chak ane?
Li lakoz yon moun mouri chak sis segonn.
Sa ki pi tris la, lafimen sigarèt la tèlman danjere pou sante nou, li lakoz lanmò plis pase sis san mil moun (600000) ki pa fimen men ki respire lafimen sa a. Daprè Oganizasyon Mondyal laSante (OMS), pa gen okenn fòm yo itilize tabak pou fimen ki san danje.
Daprè Fran Smith, yon ekriven ki parèt nan jounal National Geographic, fè konnen:" Plis pase yon milya moun fimen epi tabak se youn nan bagay ki lakoz senk maladi ki fè plis moun mouri: maladi kè , stwok , enfeksyon respiratwa , maladi respiratwa ki grav ak kansè nan poumon."
Fanm ansent ki ap fimen yo, non sèlman fè tèt yo mal men tou yo fè ti bebe yo a ditò.



Ou ka pot laviktwa!

Se sèten, nou pa ta janm swete tonbe nan yon sitiyasyon konsa. Men, jan w te ka swete sa, ou ta vle pou moun nou te pale nan kòmansman atik sa a, jwenn konsèy ak direksyon, se kapab yon fanmi, yon zanmi oswa yon lòt moun.

• Ede l jwenn yon motivasyon
(Fè l sonje sa ap amelyore sante l epi l ap ka mete yon ti lajan sou kote)
• Chèche jwenn èd ki san danje
• Ede l pou l prepare ak sitiyasyon sa a
(Fikse yon dat epi koupe pon ti kras pa ti kras rive jis nan dat la)

Gen anpil lòt konsèy ki ka itil nou ka bay moun sa a. Si posib ede l nan mezi ou kapab.
Pou plis enfòmasyon konsènan kèk pwen ki nan atik sa, voye ekri nou sou blòg la oswa sou paj nou. N ap kontan reponn nou.
Pa bliye, pataje atik la!
             EDIKANET

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?