Yon ijans sou tout kò tè a

                   

Pou lektè yo: 
Move tan ak katastwòf natirèl se bagay nou tout konnen. Pafwa nan fenomèn natirèl sa yo, anpil kretyen vivan konn pèdi lavi yo.
Yo reprezante yon danje sitou pou sila yo ki ap viv kote ki riske yo. Pandan dis (10) dènye ane sa yo, anpil peyi te sibi pou piti yon katastwòf natirèl ki te lakoz anpil pèt materyèl ak lanmò anpil moun sa ki se yon gwo kou pou anpil peyi ki deja pòv oswa ki pa gen gwo mwayen yo.
Apa fenomèn sa yo nou rive idantifye byen fasil, gen youn ki la anba je nou epoutan se yon tikras moun ki pran konsyans jan li grav, pou kèk espesyalis, li se yon danje ki grav nan menm nivo ak menas gè nikleyè 
a ; se sa nou rele : rechofman klimatik la
• Nan atik sa a, nou ap fè yon ti pale sou koze klima a.

• Nou ap trete kesyon rechofman planèt la ak rezon ki fè li se yon ijans sou tout kò tè a.

• Pou fini, n ap wè ki responsablite nou chak genyen nan koze sa san wete anpil lòt pwen ki enteresan.

!!Nou espere nou va pwofite atik sa.
Pa bliye kite yon kòmantè yon fason pou n ka amelyore fason atik yo prezante pou n fè valè lang kreyòl ayisyen an pi byen toujou.
Nou swete n, yon bon lekti.
                                          EDIKANET



Pwogrè teknik ak lasyans

Depi apre de gè mondyal yo, monn nan rantre nan yon epòk san parèy kote anpil avanse nan domèn teknoloji ak lasyans vin fasilite lavi moun nan anpil domèn. Apre peryòd sa yo, lèzòm fè anpil pwogrè nan domèn transpò, telekominikasyon, teknoloji ak nan domèn lamedsin. Tout pwogrè sa yo gen yon gwo enpak sou ekonomi mondyal la men yo gen yon gwo enfliyans sou anviwonnman an tou. San nou pa bliye, pandan tan sa yo popilasyon mondyal la ki pa sispann ogmante. Daprè kèk statistik, popilasyon mondyal la ka prèske triple rive nan ane 2050.
Éske sa ta dwe enkyete n? Pou kèk espesyalis repons kesyon sa sanble klè , 'si nou pa chanje fason nou itilize oswa distribye resous yo, rive nan kèk ane kantite moun ki ap nan chomaj yo pral ogmante san wete pakèt moun ki pap ka satisfè bezwen vital yo genyen tankou: jwenn manje ak bwè.'
Èske se manje ki pa genyen pou satisfè limanite?
Repons kesyon sa a ka etone nou men, se pa manje ki pa genyen okontrè latè pwodui manje pou plis pase 12 milya moun chak ane. Si se konsa, poukisa toujou gen anpil moun timoun kou granmoun ki kontinye ap mouri poutèt yo pa jwenn ase manje pou yo manje?
Nou ka jwenn repons la nan sa Pyarelal, sekretè Mohandas Gandhi a te fè konnen sou sa Gandhi, ansyen chèf espirityèl peyi End lan te di sou sa. Li te fè konnen : "Tè a pwodui ase pou l satisfè bezwen chak moun,men li pa pwodui pou l satisfè avidite chak moun."
Jan sa parèt nan plizyè rapò IPCC (Intergovernmental Panel on Climate Change) ak FAO (  Food and Agriculture Organisation) chak ane ta gen 1,3 milya tòn manje ki ta pèdi oswa ki jete nan monn nan tandiske gen plis pase 800 milyon moun k ap soufri grangou toupatou nan monn nan. Selon Oganizasyon Mondyal laSante (OMS), chak ane gen plis pase senk (5) milyon timoun ki mouri poutèt yo pa jwenn ase manje pou yo manje pou yo ret an sante.
Men gaspiyay sa a pa san konsekans etandone li jwe yon wòl enpòtan nan kontaminasyon kèk espas natirèl. Daprè yon rapò GIEC¹ te sòti ane pase a, pwodiksyon alimantè a ta reprezante 37℅ nan gaz ki polye atmosfè tè a.

Konsekans aktivite lèzòm yo sou tè a


Plis konpreyansyon ak konesans lòm ap ogmante nan domèn lasyans se plis vin gen envansyon ki fèt ki fasilite nou kèk travay. Sepandan,anpil nan envansyon sa yo pa fèt nan objektif pou ede n viv trankil oswa nan lapè men yo fèt nan entansyon pou fè lagè. Depi apre atak sou vil Hiroshima ak Nagasaki nan peyi Japon nan lanne 1945, anpil peyi gentan gen yon bon asenal militè ak yon seri zam fann fwa ki ka touye plizyè milyon moun sou tè a. Se avèk rezon anpil espesyalis ap enkyete yo sou itilizasyon zam pisan sa yo ak gwo konsekans yo toujou kite nan lanati ki ka bay anpil pwoblèm nan zòn yo tonbe yo menm apre plizyè deseni².
-Pou plis detay gade atik " De tèt ki kole ansanm pou kraze monn lan" EDIKANET te pibliye nan dat  23 Janvye 2020 an.

Sepandan, tout bagay sa yo pa rete san konsekans. Yo di aktivite lezòm fè yo tèlman andomaje tè a sa ka lakoz sik natirèl yo pa fonksyone nòmalman. Pou kèk syantifik, nou antre nan yon nouvo epòk jeyolojik yo bay non 'Antwoposèn', yon epòk kote aktivite lèzòm yo gen gwo konsekans sou planèt la. Kèk lòt syantifik anpil moun byen konnen ki fè non yo tankou: Stephen Hawking³ ak Sir Martin Rees,ki rete kwè fason lèzòm itilize teknoloji yo ak move fason nou itilize resous tè a kapab chanje fason moun viv sou tè a, yo kapab menm detwi sivilizasyon nou an.

Yon apèl ijans!

  
 "Tout moun dwe mete men pou nou ka rive fè fas a chanjman klimatik yo.Tout syantifik yo alawonnbadè dakò ak sa: si nou pa fè anyen, nou pral sibi yon ogmantasyon sechrès, grangou ak egzòd ki pral sous nouvo konfli pandan anpil deseni." - Barack Obama, ansyen prezidan                    peyi Etazini



Pou anpil ekspè, planèt tè a malad grav, li gen 'lafyèv'. Menm jan ak yon moun ki malad ki montre kèk sentom maladi l la, nou rive wè jan planèt la malad nan fason klima a ye. Selon syantifik yo, chofe planèt la ap chofe a, gwo pil glas ki nan lwès rejyon yo rele Antatik la ki ap fonn yo, forè k ap pran dife ak disparisyon kèk espès bèt, se siy yon chanjman klimatik planetè.Etandone fenomèn sa yo ka gen gwo konsekans sou lavi n ap mennen chak jou,l ap bon pou n gen yon ide klè sou 'nati klima a'  ak fenomèn  'rechofman klimatik' la.
Gen yon diksyonè kreyòl ki defini klima a konsa :
 Sitiyasyon meteyo ki ale ak yon zòn ; Ansanm lapli,tanperati,imidite,van,presyon bawomèt,elatriye fòme klima yon zòn.

Bò kote pa l, rechofman klimatik la se : yon ogmantasyon tanperati ki gen nan klima a sou efè kèk gaz ki libere nan atmosfè a ki al kenbe chalè toutotou tè a a olye li chape (evakye) nan lespas.
"Anpil syantifik panse, si rechofman klimatik la kontinye jan l prale la epi si pwodiksyon gaz kabonik yo pa bese, tanperati mwayèn tè a pral kontinye ogmante. Sa ki pral pwovoke chanjman meteyowolojik k ap pi vyolan moun pap ka prevwa, avèk yon ogmantasyon nivo lanmè a ki pral yon menas pou kot yo, kote yon bon pati moun nan monn nan ap viv."-Panse pou demen: reyalite, valè ak lavni (ann anglè)
Jan nou te wè sa, pou anpil moun, se aktivite lèzòm yo ki lakoz pètibasyon sa a ki egziste nan pwosesis natirèl yo. Pa egzanp, depi plizyè ane machin transpò yo ap libere yon seri gaz ki polye lè a. Izin yo ak machin ki boule chabon, petwòl ak gaz natirèl pou yo fonksyone libere yon bon kantite gaz kabonik nan atmosfè a san n pa bliye fenomèn debwazman an ki fasilite yon seri gaz polye lè a, etandone pyebwa yo absòbe gaz kabonik la (youn nan gaz ki responsab rechofman planèt la), lè nou koupe yo san gad dèyè, sa pa nan avantaj nou pyès.

Yon solisyon mondyal ?




Derègleman ki egziste nan klima a gen rezon enkyete nou dayè lavi nou depann de sa lanati pwodui. Chak peyi gen responsablite pa l nan koze a, 'nou tout dwe met men' jan pawòl ansyen prezidan peyi Etazini an Barack Obama te pwononse nan kad KOP 15* la di sa.
Byenke peyi ki endistriyalize yo, plis koupab anrapò ak fenomèn rechofman klimatik la, nou dwe sonje nou tout se sou tè a n ap viv, si tè a malad sa dwe enterese nou chak.
Se pou rezon sa yo, gwo zotobre ak gwo save nan monn nan òganize kèk gwo reyinyon yo bay non 'Somè klimatik' pou deside sou pwoblèm sa a.
Ann fè yon ti pale sou kèk nan yo.
Pwotokòl Kyoto a
Nan kad akò sa ki te òganize nan lane 1997 ki te reyini peyi ki te fè pati Inyon Ewòpeyen an pou epòk la ak 37 lòt peyi endistriyalize te pran angajman redui nan pwodiksyon gaz yo pou piti 5℅ pa rapò ak ane 1990 la,epi rive ant 2008 ak 2012.
Malerezman gen peyi tankou Etazini, laChin ak peyi End ki pa t dakò sou limit akò sa a te egzije.
Somè Kopennag la
Objektif Somè Kopennag la se te ranplase pwotokòl Kyoto a epi vin ak nouvo objektif pou ane k ap vini yo. Nan kad reyinyon sa a, te gen 119 chèf DETA ak reprezantan 192 nasyon. Reyinyon sa a te fèt nan vil Kopennag nan peyi Dànmak,nan mwa desanm 2009.
KOP 15 la te gen 3 objektif prensipal:
Jwenn yon antant legal pou fikse kèk limit byen klè
• Finanse yon solisyon k ap dire
• Vin tonbe dakò sou yon sistèm siveyans pwodiksyon yo.

Apre sa?
Pami moun ki te la yo, se sèlman 28 chèf DETA  ki te siyen yon dokiman ki rele 'Akò Kopennag la' ke Oganizasyon Nasyon Zini (ONU) te valide .
Kidonk se chak peyi ki ap konnen si y ap aplike l oswa si yo pap aplike l.
Men piske sa yo t ap atann yo pa t rive, te gen  lòt konferans Nasyon Zini  te òganize sou chanjman klima a ki te òganize annapre,pa egzanp KOP 21 sòti 30 novanm rive 12 desanm 2015 nan vil Pari nan peyi laFrans te reyini anviwon 38000 moun sa ki te gen ladan ofisyèl gouvènman, syantifik ak plizyè lòt gwo zotobre.

Ki rezilta?
Pandan dènye ane sa yo , gen kèk peyi ki fè jefò pou yo bese nan pwodiksyon gaz yo itilize yo ki patisipe nan rechofman planèt la yon fason konsiderab.Gen lòt peyi ki kòmanse reflechi sou lòt fòm resous yo ka itilize ak lòt fòm teknoloji ak lòt estrateji.
Youn nan yo , se sa yo rele 'devlopman dirab' ki ankouraje pwogrè ekonomik ak sosyal nan nivo ekolojik planèt la.

Malgre gwo avanse ki fèt ak pakèt lajan ki depanse nan domèn sa yo, rezilta yo poko ka bay kè kontan. Daprè direktris Ajans Entènasyonal pou Enèji (AEE), Maria van der Hoeven di ''enèji nou pwodui fason sa a yo, an gwo, toujou rete sal jan sa te ye sa gen 20 an.''
Gen syantifik tankou Robert Dickinson, ki pè pou sitiyasyon nou ladan l lan pa tankou lè n ap rele fenmen baryè alòske kabrit fin pase, li menm fè konnen menm si nou ta rete polisyon an kounya a, nou t ap gen pou n peye pou piti 100 tan (san tan) eksè nou yo.

Kidonk annatandan gwo zotobre yo, nou twouve konsèy Severn Cullis-Suzuki (manm komite pou konsèy Somè mondyal yo) itil anpil li di:"Vrè chanjman ekolojik yo depann de nou.Ann pa tann dirijan nou yo.Ann konsantre n sou fason nou ka pote chanjman yo."
Toutpandan dirijan yo ap eseye jwenn yon ekilib ant ekonomi ak ekoloji, an nou tout pran responsablite nou depi kounya. 
Paske,pandan n rete ap diskite, tè a li menm ap kuit anba pye nou!


Kisa n ka fè pou n travay kont polisyon? Se sou sa nou pral pale nan pwochen nimewo nou an.

<---------------------------------------------------------------->
Sous ak lòt enfòmasyon

*| KOP: Konferans Pati yo, oswa KOP fèt regilyèman nan inisyativ pou Konvansyon-Kad Nasyon Zini pou chanjman Klimatik yo.

Liv referans||A Mind for Tomorrow:Facts, Values and the Future

1- GIEC: Gwoup Entègouvènmantal ak Ekspè sou evolisyon Klima a.
Li te kreye nan lane 1988 , se li menm yo rele ann anglè IPCC

2-Deseni: peryòd dizan(10 an)

3- Stephen Hawking: 
 (08 Janvye 1942 - 14 Mas 2018)
Te yon selèb fizisyen teyorik ak yon kosmolojis respekte nan kominote syantifik la. Li te pòte yon gwo kontribisyon nan domèn lasyans espesyalman nan teyori twou nwa a.Li te enterese l tou sou koze klima a tou.



Commentaires

  1. M aprann anpil bagay, mèsi.
    Men si tèks la te pi kout li tap ankò mye!

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Mèsi pou kòmantè ankourajan sa a.
      Nou apresye l anpil e nou pran nòt de sa ou di a. Sepandan EDIKANET ap fè n li travay anpil pou atik yo ka rich ak konesans ak enfòmasyon moun ka fè konfyans e ki ajou.Tou sa mande anpil rechèch epi yon gwo travay tradiksyon lè nou jwenn kèk ouvraj referans ki nan yon lang etranje.
      Etandone nou pa t ap janm ka mete tout sa n te jwenn nan rechèch nou yo, ekip EDIKANET la sètoblije fè yon triyaj pou pèmèt atik la kondanse epi fasil pou moun li.
      De jou an jou, EDIKANET ap travay pou fè valè lang kreyòl ayisyen an nan plizyè domèn konesans.
      N ap tann konkou nou chak.

      Mèsi-
      Ekip EDIKANET

      Supprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?