🇳 🇮 🇲 🇪 🇼 🇴   🇪 🇸 🇵 🇪 🇸 🇾 🇦 🇱  Motivasyon pou tout etidyan ak elèv lekòl pou relouvèti ane akademik 2019-2020 an

                         

       

Pou lektè yo :
                           Atik sila a se yon nimewo espesyal EDIKANET ekri pou tout jèn etidyan ak elèv lekòl nan peyi DAyiti ki ap gen pou tèmine sik etid yo pou ane akademik 2019-2020 an ann amoni ak dispozisyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la pran.
Ane sa a te kòmanse ak anpil tansyon politik ki te paralize aktivite kèk lekòl pandan twa (3) premye mwa ane akademik la.Anpil elèv nan peyi a, sitou pou sa yo ki nan zòn Metwopolitèn nan, sètoblije chita lakay yo.Vin ajoute maladi Kowonaviris la ki te vin bloke aktivite lekòl yo plis toujou pandan anpil tan.Konsa se sèlman kèk grenn lekòl ki te arive pousuiv ak elèv yo grasa kou anliy ak videyo konferans jis yo rive wè tout pwogram pou ane a ak yo. Malerezman akoz lòt pwoblèm ki egziste nan peyi a, pifò elèv ak etidyan pa t gen posiblite sa yo. Atmosfè a pa t pwofitab ditou pou ansèyman nan peyi isit pandan kat (4) dènye mwa sa yo. Lefètke gen dispozisyon ki pran pou aktivite sa yo reprann apati 10 dawout k ap vini la a, nou jije bon pou tout elèv ak etidyan sa yo jwenn akonpayman ak bon sipò moral pou yo rive reyisi ane a. Se nan objektif sa a atik sa a ekri. N ap jwenn konsèy ak enstriksyon pratik ki ap ede nou kit nou lekòl kit nou nan inivèsite.
   Jèn yo nou renmen anpil,nou espere nou va pwofite epi aplike tou sa ki va di nan atik sa a.
EDIKANET kwè nan nou paske lajenès se avni yon peyi.
Nou renmen nou anpil!
                                                 EDIKANET

-------------------------------------------------------------------


Konsèy 1: Fikse tèt ou kèk objektif byen presi
                   

Sa k fè sa enpòtan ; Imajine ou gen pou w ale an pwovens epi w rive nan estasyon bis yo. Gen anpil moun k ap monte desann, anpil machin ak anpil bri. Èske w ap jis voup! ou monte nenpòt machin? Non, jamè! w ap pito chèche bis k ap mennen w kote w prale a. Se menm bagay la tou pou objektif ou yo, yo gide w kote w vle ale a. Ou pap jis fè sa moun ap fè men w ap konn sa w ap fè konsa w ap fè plis jefò epi w ap plis chofe pou w reyisi.

Sa w ka fè: Pran yon ti kanè nòt epi nimewote youn aprè lòt objektif ou yo pou ane a. Pa antre nan detay jis ekri sa ki ensansyèl la. Pa egzanp ou ta ka ekri: 1-Reyisi nan egzamen Leta a.
Mete kanè a yon kote w ka wè l souvan.

     Konsèy 2: Jwenn yon motivasyon                             

Sa k fè sa enpòtan : Malgre sitiyasyon twoub ki konn genyen nan peyi a ak pwoblèm pèsonèl ou ka ap fè fas, li enpòtan pou n motive paske si nou pa motive pou n fè yon bagay se tankou n ap eseye fè yon machin demare alòske li pa gen yon gout gaz ladan. Nou dwe detèmine pou n reyisi ane lekòl la. Chwa nou fè kounya ap gen gwo konsekans sou lavi nou pi devan, ki chwa w pito?

Sa w ka fè: Reflechi ak pwen fò w ak pwen fèb ou epi mande tèt ou: ki pi bon fason m ta ka itilize pwen fò mwen yo? kijan lekòl la te ede m konn tèt mwen? epi amelyore m?
Pa bliye ane sila a espesyal, nou te ka pèdi l, èske nou vle kite opòtinite sa pase ? 
Reflechi poukont ou sou sa ki ba w anvi reyisi ane a.

Konsèy 3: Fè yon plan


Sa k fè sa enpòtan : Gen objektif sa bon men si w pa gen yon plan y ap sèlman rete objektif.
Ou dwe konn kòman, kijan epi kilè w ap reyalize objektif ou yo. 

Sa w ka fè: Apre w te fin ekri objektif ou yo sou yon papye, mete ki lè ou dwe fini yo.
Ou ta ka mete lè w ap etidye, pou w fè devwa w ak lòt bagay ankò.
Pa bliye toujou mete 'aktivite' ki ka pran plis tan yo anvan konsa w ap gen plis tan pou w fè sa ki mwens yo.

Konsèy 4: Respekte plan an

Sa k fè sa enpòtan : Kisa k ap rive si travayè  ak enjenyè yo pa respekte oswa menm inyore plan yon achitèk te desine pou konstriksyon yon kay? Gen anpil chans pou yo mal fè l oswa fè yon bagay ki kwochi. Kidonk ou dwe konsidere plan w lan tankou se te zanmi w paske l ap mennen w kote w vle rive a.

Sa w ka fè: Mete lòd nan sa w ap fè. Pa fè parès, pa di w a gentan. Se avni w w ap prepare, pa kite anyen distrè w.

Konsèy 5: Travay


Sa k fè sa enpòtan : Travay ou antanke elèv oswa etidyan, se etidye.Pa gen okenn chans pou w reyisi lekòl san w pa etidye. Etidye ede w gen konesans ak kapasite refleksyon ki ap ede w pandan tout vi w. Vrèmanvre etidye fè w djanm!.

Sa w ka fè: Kòmanse etidye sa yo bay yo depi premye jou a. Pa kite nòt monte sou ou. Etidye anvan w pran detant. Chwazi yon kote w pap distrè pou w etidye toutpandan w rete konsantre.
Si pandan kèk tan ou santi w fatige,pran 30 minit poz epi retounen tousuit.

Konsèy 6: Chèche jwenn èd


Sa k fè sa enpòtan : Lè w poze kesyon epi pale ak yon pwofesè sou yon matyè oswa yon nosyon ou pa fin konprann, sa nan avantaj ou.
Pa janm kite yon kou pase sitou pandan peryòd sa a pou w pa jwenn eksplikasyon. Nòmalman ou ka mande kèk kamarad ede w. Enpòtan an se chèche konprann.

Sa w ka fè: Ou ta ka al pale ak pwofesè a dirèkteman oswa selon sitiyasyon yo, poze l kesyon nan lè kou l la nan moman li bay pou sa. Sa pa vle di ou manke entèlijan pou sa okontrè sa ap ede w pi devan. Pa gen anyen mal nan sa pou w chèche èd.

Konsèy 7: Dòmi ase


Sa k fè sa enpòtan : Lè w dòmi ase, sa bon pou sante fizik ak sante mantal ou. Si w pa dòmi ase oswa w ap 'plede' fè nay, ou gendwa nan demen pa ka reflechi byen oswa ret konsantre. Si w kontinye konsa pandan anpil ane, sa ka fè w endispoze(pèdi konesans) oswa menm mouri.

Sa w ka fè: Nan pwogram ou, mete yon lè pou w dòmi epi pa kite ti krik ti krak fè w pa respekte l. Li rekòmande pou w pase pou piti 8 èdtan ap dòmi.

❕❕ Nan peryòd Kowonaviris sa a, nou ankouraje jèn etidyan yo ak elèv yo pou yo pa fè neglijans.Pou yo suiv tout enstriksyon otorite yo bay konsènan mezi sanitè yo ak dispozisyon lekòl yo pran.
Sa enpòtan paske alèkile gen plis pase 700.000 (sèt san mil) moun ki mouri toupatou nan monn nan akoz maladi a. Maladi a pa rive sou nou menmjan,gen peyi se kounya l ap frape gen lòt kote maladi a retounen ankò.

Si nou twouve atik sa a ka itil nou, pataje l
Epi voye ekri nou, n ap kontan reponn nou.
        
            EDIKANET
 

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?