Articles

Affichage des articles du juillet, 2021

Istwa lanmò ofisyèl. Asasinay gwo potorik gason.

Image
  Lanmò ; se yon bagay nou tande chak jou toupatou. Se yon bagay ki te la depi monn nan te monn, li la jodi a, gen posiblite pou li la demen ankò. Li se yon prensip natirèl, sa vle di se yon bagay ki frape tout pòt , li rive sou tout moun. Jiska prezan pa ko janm gen moun sou latè beni nou tande ki viv etènèl. Sa ki vle di depi w te fèt, yon jou w ap gen pou mouri. Lanmò ;  fèt tout fason, gen moun ki mouri pandan yo kouche, y ap mache. gen lòt pandan yo lopital, genyen se yon ti gout dlo y ap bwè ki trangle yo, chaje lòt fason ankò yon moun ka mouri. Men nan jou sa yo, nan monn nan, nou tèlman wè moun k ap mouri devan je nou, sa vin tounen yon abitid, sa vin pa deranje nou ankò. Malgre sa, gen moun lè lanmò frape yo, li deranje anpil moun, pou n pa di yon gwoup moun, yon gwoup sosyal, yon peyi ,menm pafwa lemonnantye. Moun sa yo, ak zèv yo, ideyoloji yo, pisans yo, menm nan lanmò yo, yo rive demake de foul la,  pou yo rann ofisyèl lanmò yo. Moun sa yo nou jwenn yo nan tout domèn. Tank

Kontribisyon yon fanm nan matematik

Image
  Pou lektè yo: Nan listwa lasyans, nou jwenn non anpil gason tankou : Eklid, Platon, Euler,Einstein,... ki te pote gwo kontribisyon nan yon domèn an patikilye pou fè lasyans avanse e kon sa pèmèt sivilizasyon nou an evolye. Men anpil moun panse, pandan syèk pase yo, se sèlman gason ki te kontribiye nan fè ogmante konesans nou nan domèn lasyans. Pou kèk nan yo, yo panse domèn sa yo pa fèt pou fi, se kon sa nan peyi nou, nou jwenn anpil moun ki deklare bagay sa yo pa pou fi. Stereyotip sa a lakoz prejije ak diskriminasyon. Depi tou piti, kèk paran ankouraje pitit gason yo pwogrese nan syans, si yo wè yo enterese ak sa men, si se pitit fi yo, yo pito chèche dekouraje l. Yo konn di :  Yon ti gason w ye?! Ti fi pa bon nan matematik Ou pa p ka konprann bagay sa a Bliye matyè sa a! Se kon sa,anpil ti fi depi yo toupiti pè matematik paske fanmi yo fè yo konprann bagay sa yo se pou gason oswa se chinwa. Sa vin fè, lè pifò nan yo rive nan segondè, yo neglije l nèt, yo vin pa enterese nan li dit

Maryam Mirzakhani - Demonstrasyon yon kout egzistans. 3 Dimansyon lavi yon jeni san parèy

Image
Maryam Mirzakhani " Travay rechèch Maryam Mirzakhani fè yo, gen rapò ak plizyè branch nan matematik - pami yo, nou jwenn: 'jewometri aljebrik , jewometri senplektik, topoloji, [...].               Yo louvri chan lib pou konesans matematik la devlope,kote yon seri pwoblèm enpòtan rete pou rezoud". Curtis McMullen (direktè tèz doktora Maryam) Benson Farb -matematisyen " Pandan tout karyè yo, majorite matematisyen yo pap rive pwodui anyen ki bon nan nivo sa a.E se sa li te arive reyalize nan tèz li a." _______________ Bon, ki sa kon sa Maryam Mirzakhani te arive fè ki tèlman remakab ke sa? Pou anpil ekspè, travay li yo orijinal epi yo gen yon enpòtans kapital etandone yo fè lyen ant plizyè domèn nan chan matematik la ki te sanble pa t gen okenn rapò youn ak lòt. Nou pap bliye tou, Maryam se yon fanm, ki poutan rive fè non l nan yon kominote syantifik ki alepòk se gason ki t ap mennen konpa a. Se pa yon bon jou, li leve epi yo ba li tout rekonesans sa yo.Se travay s

AYiti - Terapi sosyal (1ye pati)

Image
  AYITI - Flach enfo Ensekirite   Jedi 29 jen 2021 : Plizyè nèg sou moto tonbe tire sou plizyè moun nan blòk Kris wa ak  Dèlma 32.  ( Kantite moun ki mouri: 15) Jedi 01 avril 2021 : Gwoup gang atake moun nan bèlè, yo boule plizyè kay. Nan atak sa a plizyè moun oblije kouri kite tout sa yo genyen pou y al dòmi sou plas piblik. Plizyè granmoun ki enfim, boule tou vivan an dedan lakay yo koz yo pa gen tan sòti. Jen - Jiyè : Depi de mwa sa yo, gwoup gang nan plizyè zòn deklare yon gè ki pa sispann fè san inosan koule. Plizyè moun oblije kite zòn matisan pou chèche refij lòt kote. Lendi 05 jiyè 2021 : Yon elèv lekòl apre li fin resevwa kanè, te panse touye tèt li poutèt li pa t pase. Madi 06 - Mèkredi 07 jiyè 2021 : Malfektè rantre lakay premye sitwayen peyi a, prezidan repiblik epi tiye l.  _____________________________________________ Dènye enfòmasyon sa yo ban nou yon ide sou jan klima sosyal ak politik peyi d Ayiti a frajil anpil nan moman an. Vrèmanvre, dènye mwa sa yo pa t fasil dito

Yon pouvwa mas popilè a fè kado

Image
  Se pa premye fwa n ap tande moun k ap di, otorite ki la pou responsab yo a ,pa regle anyen pou yo.Gen yon gwoup moun ki pran prèske tout richès monn nan,  lage yo nan mizè.Pa gen pyès moun ki pou defann dwa yo, y ap viv mal, y ap mouri lamizè, yo pa gen aksè ak bonjan ledikasyon, lwazi, swen lasante, anpil nan yo ki swadizan ap travay yo pa janm rive reyalize anyen, se bourike yap bourike.....  Jan de plent sa yo, nou jwenn yo tout kote nan monn nan kèlkeswa kilti moun yo ak lang yo pale.Se jan de plent sa yo ki fè nou ka rive konprann, moun sa yo santi yo deposede yo de tout kapasite pou yo aji, pou yo ka pran bonjan desizyon, k ap bon pou yo ak fanmi yo. Se kontèks sa a, ki oblije n poze kesyon ki vin ann apre yo:   Kisa yon pouvwa ye ?  Nan men kilès  pouvwa a ye ? Poukisa se mas la ki chwazi bay pouvwa li genyen an ? Pouvwa, nan sans pwòp li se: kapasite, otorite oubyen pèmisyon yon moun oubyen yon gwoup genyen pou aji sou, yon moun, yon gwoup moun, yon bagay, oubyen sou plizyè b