Kontribisyon yon fanm nan matematik

 





Pou lektè yo:

Nan listwa lasyans, nou jwenn non anpil gason tankou : Eklid, Platon, Euler,Einstein,...
ki te pote gwo kontribisyon nan yon domèn an patikilye pou fè lasyans avanse e kon sa pèmèt sivilizasyon nou an evolye.
Men anpil moun panse, pandan syèk pase yo, se sèlman gason ki te kontribiye nan fè ogmante konesans nou nan domèn lasyans.
Pou kèk nan yo, yo panse domèn sa yo pa fèt pou fi, se kon sa nan peyi nou, nou jwenn anpil moun ki deklare bagay sa yo pa pou fi.
Stereyotip sa a lakoz prejije ak diskriminasyon.
Depi tou piti, kèk paran ankouraje pitit gason yo pwogrese nan syans, si yo wè yo enterese ak sa men, si se pitit fi yo, yo pito chèche dekouraje l.
Yo konn di : 
Yon ti gason w ye?!
Ti fi pa bon nan matematik
Ou pa p ka konprann bagay sa a
Bliye matyè sa a!






Se kon sa,anpil ti fi depi yo toupiti pè matematik paske fanmi yo fè yo konprann bagay sa yo se pou gason oswa se chinwa.
Sa vin fè, lè pifò nan yo rive nan segondè, yo neglije l nèt, yo vin pa enterese nan li ditou.



Menm pwofesè yo konn antre nan jwèt la. Gen pwofesè matematik nan lekòl, ki konn pase medam yo nan rizib oswa konn rabese yo devan ti mesye yo.
Si te gen nan yo, ki malgre tou sa  te bon nan chif lekòl oswa toujou renmen matematik , lè yo fini lekòl klasik yo, gen paran ki konn fòse yo fè yon lòt chwa karyè sètadi al aprann yon lòt bagay, ki byen souvan pa gen rapò dirèk ak chif oswa ki pa mande twòp nivo nan syans sa a.

Sa vin lakoz, nan lekòl enjenyè yo oswa nan lekòl syantifik yo, byen souvan pa konn gen anpil fi.
E an jeneral, se pa yo tout ki rive tèmine etid siperyè sa yo.

Men, èske se vre medam yo mwens bon pase mesye yo, pou yo fè matematik?

Pa gen okenn prèv lasyans bay , ki ta ka fè yon moun reponn wi.
Okontrè, jan nou te di sa pi wo a, gen anpil fi ki te syantifik nan lontan ki te rive pòte nouvo konesans ki te revolisyone epòk yo t ap viv la, ki toujou itil nou jis jodi a.

Petèt, w ap panse ak Marie Curie,men se pa t sèl fanm ki te rive fè non l nan domèn lasyans. Lis la byen long e anpil nan mesye syantifik nou konsidere kòm gran jeni yo,t ap viv nan menm epòk ak kèk nan yo, ki te konn kolabore ak yo.

Gen anpil fi ki gwo syantifik nan epòk nou an. Se ka pa egzanp, yon matematisyèn Irànyèn ki pote non Maryam Mirzakhani ki se premye fanm nan ane 2014 la ki te resevwa sa nou ta ka konsidere kòm pri Nobel nan matematik.

Nou ankouraje nou li byografi fanm san parèy sa a , nan atik EDIKANET te ekri ki gen tit 
"Maryam Mirzakhani- Demonstrasyon Yon kout egzistans
3 Dimansyon lavi yon jeni san parèy"

Klike sou lyen an:

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?