AYiti - Terapi sosyal (1ye pati)

 



AYITI - Flach enfo


Ensekirite




  Jedi 29 jen 2021 : Plizyè nèg sou moto tonbe tire sou plizyè moun nan blòk Kris wa ak 
Dèlma 32. 

(Kantite moun ki mouri: 15)



Jedi 01 avril 2021 : Gwoup gang atake moun nan bèlè, yo boule plizyè kay. Nan atak sa a plizyè moun oblije kouri kite tout sa yo genyen pou y al dòmi sou plas piblik. Plizyè granmoun ki enfim, boule tou vivan an dedan lakay yo koz yo pa gen tan sòti.


Jen - Jiyè : Depi de mwa sa yo, gwoup gang nan plizyè zòn deklare yon gè ki pa sispann fè san inosan koule. Plizyè moun oblije kite zòn matisan pou chèche refij lòt kote.

Lendi 05 jiyè 2021 : Yon elèv lekòl apre li fin resevwa kanè, te panse touye tèt li poutèt li pa t pase.

Madi 06 - Mèkredi 07 jiyè 2021 : Malfektè rantre lakay premye sitwayen peyi a, prezidan repiblik epi tiye l.

 _____________________________________________

Dènye enfòmasyon sa yo ban nou yon ide sou jan klima sosyal ak politik peyi d Ayiti a frajil anpil nan moman an. Vrèmanvre, dènye mwa sa yo pa t fasil ditou pou nou menm k ap viv nan peyi isit, anpil moun sètoblije lage pye  yo kay vwazen oswa janbe nan peyi lòt bò dlo pou manyen respire, koz lakay pa bon. Zak dechoukay, kidnapin, mache yo boule, polisye yo rache fè plizyè mòsò, vyòl, asasinay 58yèm prezidan repiblik la, se konsa klima sosyal la te ye pandan dènye jou sa yo. San  n pa bliye pwoblèm lavi chè a ak lavi chomeko plizyè jenn fanm ak jenn gason diplome ap mennen nan peyi sa, tout bagay sa yo bay anpil estrès ak anpil laperèz. 
Kèlkeswa moun nou ye a, kèlkeswa estati sosyal nou, nivo edikasyon nou, nou youn pa ka ret ensansib fas ak sa k ap pase yo paske yo rive sou nou yon fason oubyen yon lòt.
 
Lè n ap gade sa k ap pase yo, li difisil anpil pou n ta di  nou anfòm toutbon vre. Malgre nou se yon pèp ki renmen viv, ki rive kenbe yon bèl souri sensè sou vizaj nou malgre tout traka nou jwenn, li enpòtan pou n sonje se lite n ap lite pou n pa kite estrès fini ak nou. 

Èske dènye jou sa yo ou te fè gwo sezisman pou sa w te tande nan nouvèl ?
Èske w santi w jennen chak fwa w gen pou w sòti pran lari ?
Èske w konn santi w anba gwo estrès san w pa menm konn pou ki ?
Èske dènye jou sa yo, ou plis gen tandans ret pou kò w ?
Èske lè w fè nouvèl sa fè w strese ?
Èske w konn anvi touye tèt ou ?
Èske w anvi kite peyi a poutèt sa w wè k ap fèt yo ?
Èske w santi w raz poutèt ou oblije chita lakay akoz ou pa ka al regle aktivite w kòm sa dwa?

Si w reponn wi, pou piti youn nan kesyon sa yo, se kapab siy ou bezwen èd oswa ou twomatize akoz sa ki ap fèt an dedan peyi a.
Atik sa a, EDIKANET ekri a se pou ou.
Ladan l n ap kapab konnen ki sa nou ka fè pou diminye estrès nou, ki jan nou ka pwoteje tèt nou epi ki pyèj nou dwe evite. 
Nou ankouraje nou li atik la nèt, paske konsèy ki ladan l yo ap ede nou jwenn yon bagay nou tout ap chèche.


---------------


Anpil sosyològ fè konnen Ayiti ap travèse yon kafou ki danjere anpil pou li, ni sou plan sosyal ni sou plan ekonomik. Depi twa dènye ane sa yo, peyi a konnen de seri de tansyon ki vin ogmante to chomaj la ak pòvrete a. Yo enkyete anpil pou tout bagay sa yo pa louvri sou yon gè sivil oswa pou peyi a pa ta sou okipasyon peyi etranje.
Jan nou te di sa pi wo a, li enpòtan pou nou wè kijan nou ka pwoteje tèt nou pandan moman boulvès sa yo.

Ann kòmanse pa wè ki jan nou ka jere strès nou nan moman an.

Konsèy 1 : Viv jou apre jou


Sa k fè sa enpòtan : 

Byenke li nòmal pou n planifye sa n ap fè, li enpòtan pou n sonje lè nou ajoute pwoblèm demen yo sou sa jodi yo se tèt nou n ap fè mal paske se ogmante n ap ogmante strès nou, sa ki pral fè n gen plis enkyetid.

Sa w ka fè : 

Pou kòmanse nou tout dwe admèt nou konn anba estrès, se yon bagay ki nòmal. Strès la ka fè nou gen plis enèji pou n fè yon bagay nou te panse nou pa t ap ka fè oswa pou n fin fè yon travay nan yon tan byen detèmine. Men, se lè strès la twòp li danjere, li ka menm lakoz ou mouri. 
Pa bay tèt ou twòp pwoblèm pou sitiyasyon ou pa gen okenn kontwòl sou yo epi sonje : menm si bagay yo ka parèt ap vin pi mal, yo pa souvan rive nan degre nou t ap enkyete n pou yo a. Jou w wè, se li w konte !


Konsèy 2 : Idantifye sous estrès ou a


Sa k fè sa enpòtan :

Se ta kapab etap ki pi difisil la, men li enpòtan anpil. Jan yo toujou di sa, sa w pa konnen pi gran pase w.
Lè w strese epi w pa konn pou ki sa w anba strès, sa ka ba w plis strès toujou e sa ka fè w plede fè kòlè pou ti krik ti krak.

Sa w ka fè :

Pran yon poz nan sa w ta p fè jis pou w chèche reprann ou. Eseye ret poze, petèt ou ka bezwen yon ti repo oswa ou ka tande mizik. Lè w ekri sa w santi, se kapab yon bon mwayen pou w diminye strès ou. Byen souvan, nou pa fè atansyon ak sa, li enpòtan pou n asire nou dòmi ase epi nou manje manje ki gen vitamin. Lè nou fè egzèsis fizik, sa ede kò a ret an sante e sa ede n gen kè kontan.

Konsèy 3 : Chèche gen yon abitid

Sa k fè sa enpòtan :

Lè w gen kontwòl sou jounen w sa vle di ou konn sa w te prevwa fè nan jou a, sa ede w okipe tan w epi rete an mouvman. Sa vrèman itil, sitou nan moman sa yo.

Sa w ka fè :

Kòmanse mete lòd nan sa w ap fè, pa di w ap gen tan. Ekri tout sa w ta renmen fè chak jou, nan semèn nan selon sitiyasyon w epi rete konsantre sou sa.

Konsèy 4 : Pale ak yon moun ou fè konfyans



Sa k fè sa enpòtan : 

Byenke chak moun gen pwoblèm pa yo, lè nou pran tan pou n pale ak zanmi nou sa ede n jere strès e sa ede n konbat solitid nou ta ka santi. An jeneral, lè w pale sou yon bagay k ap trakase w, sa fè w santi w pi byen. Se pa san rezon espesyalis sante mantal yo, itilize fraz kesyon nan terapi y ap fè ak malad yo.

Sa w ka fè :

Konbat tandans pou w ret pou kò w la, tanzantan ou ka chèche pran nouvèl kèk zanmi w, fanmi w pou pale ak yo. Konsa, ti kras pa ti kras w ap rive diminye strès ou.


👉Enpòtan!!

Si strès la twòp pou ou, si li ba w kèk siy ki ijan tankou pèt memwa, chanjman karaktè bridsoukou  ak yon gwo santiman laperèz ak solitid, l ap bon pou chèche jwenn èd yon espesyalis lasante.

Nou pa dwe santi n jennen pou n chèche jwenn tretman nan men espesyalis sante mantal sa yo.
Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen ki pi ba a, pou w ka li atik EDIKANET te ekri sou wòl sikològ yo ann Ayiti.




Nou swete pou tout sa ki te di nan atik sa a itil nou sitou pandan moman difisil sa yo.
Pa bliye pataje atik sa, se kapab mwayen sa , w a va ede yon frè yon sè ki twouve l nan yon kafou difisil nan vi l e grasa atik sa, ou refè l pran kouray.

Dezyèm pati atik sa ap sòti nan fen semèn nan, ladan l n ap konn kijan pou n pridan ak pakèt enfòmasyon k ap sikile nan moman yo la sou rezo sosyal yo sou sitiyasyon peyi a ap viv la yo. N ap kapab konn kijan pou n rive idantifye "fo nouvèl" yo ak fason pou nou verifye enfòmasyon nou yo pandan n ap met kontwòl sou sa n ap gade, tande pou mennen bak panse nou paske pifò medya alèkile, se pa verifye si enfòmasyon y ap bay yo se verite oswa si yo fyab men se fè eskandal. Epi medya yo fò nan manipile panse moun, n ap konnen fason pou n pa tonbe nan pyèj sa yo.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?