Yon pouvwa mas popilè a fè kado


 



Se pa premye fwa n ap tande moun k ap di, otorite ki la pou responsab yo a ,pa regle anyen pou yo.Gen yon gwoup moun ki pran prèske tout richès monn nan,  lage yo nan mizè.Pa gen pyès moun ki pou defann dwa yo, y ap viv mal, y ap mouri lamizè, yo pa gen aksè ak bonjan ledikasyon, lwazi, swen lasante, anpil nan yo ki swadizan ap travay yo pa janm rive reyalize anyen, se bourike yap bourike..... 

Jan de plent sa yo, nou jwenn yo tout kote nan monn nan kèlkeswa kilti moun yo ak lang yo pale.Se jan de plent sa yo ki fè nou ka rive konprann, moun sa yo santi yo deposede yo de tout kapasite pou yo aji, pou yo ka pran bonjan desizyon, k ap bon pou yo ak fanmi yo. Se kontèks sa a, ki oblije n poze kesyon ki vin ann apre yo:

 Kisa yon pouvwa ye ?  Nan men kilès  pouvwa a ye ? Poukisa se mas la ki chwazi bay pouvwa li genyen an ?


Pouvwa, nan sans pwòp li se: kapasite, otorite oubyen pèmisyon yon moun oubyen yon gwoup genyen pou aji sou, yon moun, yon gwoup moun, yon bagay, oubyen sou plizyè bagay. 

Se ak  pouvwa sa a, yo pral limite tach plizyè domèn,  plizyè enstitisyon.Pa egzanp, yon jij, yon avoka, yon polisye gen pouvwa nan lajistis, se sa k fè yo di yo fè pati pouvwa jidisyè. Se menm jan pou yon prezidan, yo di l fè pati pouvwa ekzekitif la,Yon doktè gen pouvwa nan lasante, elatriye.... 

Si chak domèn, ak enstitisyon limite nan pouvwa yo,

Nan men kilès pouvwa a ye ?  Eske tout pouvwa chita nan men yon sèl kategori moun ?  

Gen yon etid yon òganizasyon entènasyonal nan zafè dwa moun ki rele Oxfam mennen...

Li rapote 1% popilasyon mondyal la gen mwatye richès monn nan men l .Y ale pi lwen ,yo di  3/4 richès monn nan chita nan men 10 % popilasyon mondyal la.

Etid sa fè n anvi poze kesyon sa a : èske tout pouvwa sa yo reyini nan men 10 % pi rich yo ? Eske se richès ki bay pouvwa ? kiyes ki prezante 10 % pi rich yo ?

  Depi monn nan te sa l ye a, anpil istwa rapòte tout mas moun toujou bezwen moun k ap dirije yo, yon figi patènel  pou yo met espwa yo, daprè analiz Sigmund Freud te fè. Anpil fwa moun sa k ap dirije yo a souvan toupizi yo, akapare tout riches yo, mete yo nan yon pozisyon soumisyon,  pou ka konsève pouvwa yo, se dezi sa Nietzsche te konn rele 'dezi pisans lan'. Menm si moun sa pa ta fè pati de pouvwa politik la anko, akoz de riches li gentan akapare li toujou gen pouvwa. akoz de richès li genyen.

Menmsi moun sa pa ta fè pati de pouvwa politik la ankò, akoz riches li gentan akapare li toujou gen pouvwa; pouvwa sou mas moun nan nan men l akoz richès li vin  genyen yo,  sa ba l pouvwa ekonomik.

Nou pap di pouvwa chita sou richès sèlman paske nou wè wòl pouvwa politik la genyen, men richès enfliyanse anpil nan bay pouvwa, sa vle di nan pouvwa moun gen sou moun, moun sou gwoup moun, yon gwoup moun gen sou yon sosyete.

Se sa ki fè n ap wè se moun ki gen pouvwa politik ak moun ki te gen gran paran yo ki te nan pouvwa , oubyen moun ki endirekteman ki gen kontwòl Pouvwa, (de dènye sa yo souvan fè pati klas ekonomik la), se yo tout ki benefisyè richès yon Leta. Se yo menm tou ki enfliyanse tout domèn, tout enstisyon ak pouvwa politik, ekonomik yo. Sa vin ba yo tout pouvwa, se yo ki reprezante 10% pi rich ki genyen nan monn nan .


Nan ki kontèks mas popilè a ki plis pase klas dirijan chwazi a kite yo fè yo esklav yo ? 

Étienne de La boétie, nan yon tèks li ekri ki rele discours  de la Servitude volontaire  li fè yon apwòch pou l montre  nou kondisyòne pou n ka chwazi soumèt ak dirijan sa yo, menmsi nou ta menm konsidere yon dirijan kòm yon tiran (yon diktatè) n ap soumèt kanmenm .


Yo aprann nou pou n gad problèm la ak yon zye kote se dirijan ki pwoblèm nan malgre yo kantite yo ye mwens.Yo pa aprann nou gad pwoblèm nan a yon zye, kòm se nou menm ki aksepte, ki aksepe tout sòt dominasyon. 

Jounen jodi a genyen yon bagay ki pa fin antre nan lespri nou nan fòmasyon yo ba nou  an 

 Pa ka gen dirije san dirijan e pa ka gen dirijan san dirije 

Se sa ki fè nou ka konsidere dirije yo (mas la) gen plis pouvwa pase dirijan yo. Se bagay sa yo dirijan yo konprann ,ki fè yo itilize teknik manipilasyon pou yo ka itilize foul la menm jan Nicolas Machiavel  nan le prince devwale l la.

 Eske se volontèman nou aksepte soumisyon sa, oubyen se jan administrasyon sistèm yo, monte nan monn nan, ki oblije nou aksepte yo ?


Gen yon  filozòf ki rele Thomas Hobbes nan yon liv li ekri ki rele Lévanthian kote li devlope sijè sou nati lòm, ki fè nou konprann lòm chwazi souvan sekirite pou libète, sou menm panse sa lè n ap gade n ap wè mas la chwazi soumèt anba prensip ki pa fin kòrèk jis pou l ka toujou ret nan zòn konfò l, san l pa eseye mennen yon vi ki diferan ak chema sosyal yo ba yo li a.

  Pè lavni, se youn nan bagay ki fè mas yo renmèt pouvwa nou ak yon gwoup moun k ap toupizi yo.

Lot pwoblèm ankò lage nan jwisans tout kalte plezi, se  youn nan estratajèm dirijan yo itilize pou  distrè mas la , pou li pa rive disène vrè pwoblèm nan.

Se yon strateji Machiavel devwale nan le Prince pou dezoryante pèp la.


Pou fini, si mas yo chwazi aksepte se dirijan ki se tout pwoblèm nan, san yo pa dakò se yo ki aksepte tout sa ki mal y ap fè yo a, se yon siy ki montre toutbon yo distrè, yo pa rive wè reyalite a. Se sa k ap anpeche yo pran wout solisyon pwoblèm nan.

Pè lavni, pè riske, atachman ak tout mòd  òganizasyon se aksepte ak soumèt kèlkeswa kondisyon an.

Pa chwazi konprann tout distraksyon ekzajere, se mwayen divèsyon sou pwoblèm yo. Se reyalite sa yo, lè mas popilè yo pa konprann, ki anpeche nan fason yo aji, pran bon desizyon, remèt pouvwa yo genyen bay san okenn kondisyon.

 Mas la bezwen bon dirijan men fò ke mas la konn enpòtans li, pou l ka chanje sa k pa bon yo, epi evite pran nan pyèj dirijan sa yo.







 






 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?