Istwa lanmò ofisyèl. Asasinay gwo potorik gason.

 



Lanmò ; se yon bagay nou tande chak jou toupatou. Se yon bagay ki te la depi monn nan te monn, li la jodi a, gen posiblite pou li la demen ankò. Li se yon prensip natirèl, sa vle di se yon bagay ki frape tout pòt , li rive sou tout moun.
Jiska prezan pa ko janm gen moun sou latè beni nou tande ki viv etènèl. Sa ki vle di depi w te fèt, yon jou w ap gen pou mouri.
Lanmò ;  fèt tout fason, gen moun ki mouri pandan yo kouche, y ap mache. gen lòt pandan yo lopital, genyen se yon ti gout dlo y ap bwè ki trangle yo, chaje lòt fason ankò yon moun ka mouri.

Men nan jou sa yo, nan monn nan, nou tèlman wè moun k ap mouri devan je nou, sa vin tounen yon abitid, sa vin pa deranje nou ankò.
Malgre sa, gen moun lè lanmò frape yo, li deranje anpil moun, pou n pa di yon gwoup moun, yon gwoup sosyal, yon peyi ,menm pafwa lemonnantye.
Moun sa yo, ak zèv yo, ideyoloji yo, pisans yo, menm nan lanmò yo, yo rive demake de foul la,  pou yo rann ofisyèl lanmò yo.
Moun sa yo nou jwenn yo nan tout domèn.
Tankou nan:
 Literati , nou gen ka Toni Morisson ki mouri nan dat 5 dawout 2019.Lè l  mouri monn literè a te pran gwo kou!
Nan relijyon (Mère Theresa)
Nan politik(Vladimir I. Lénine, lanmò l nan ane 1924 boulvèse peyi La Risi).

Politik la, se sou dènye pwen sa a nou ap chita, pou n fè yon ti listwa epi pale konsènan plizyè chèf leta ki mouri sou pouvwa, ki mouri fason terib. Zak asasinay chèf leta sa yo, okipe yon plas enpotan nan listwa.
Pou nou antre nan sijè sila, n ap kòmanse pa refè listwa   kèk chef leta nan monn nan ki mouri asasinen.
Epi  dezyèmman, nou pral chache avi kèk otè pou n konn sa k fè asasina sa yo toujou ap repete.
__________

1)      - Etazini D amerik, pi gwo pisans pou kounye a ki genyen nan monn nan, nan tout listwa li ,gen sèlman 4 prezidan ki mouri asasinen :

(Abraham Lincoln), se premye prezidan ki mouri asasinen nan lanne (1865), 16 lanne apre,nan lanne (1881) (James Garfield)  mouri asasinen epi 20 lanne aprè nan lanne 1901 William McKinley mouri asasinen tou, e pou fini (22 novanm 1963) nan vil Dalas yo asasinen (John Fitzgerald Kennedy).

- Nan peyi Lafrans, yo asasinen ( Paul Doumer) 6 me 1932.

- Nan kontinan afrik la se yon bagay ki repete anpil. Gen plis pase 22 chèf leta afriken ki mouri asasinen sòti 1963 pou rive 2011 :

Sylvanus Olympio, 1963 (Rep. Togo).
 John-Aguiyi Ironsi, 1966 ( Nijerya).
Ali Shermarke,1969(Rep. Somali).
Abeid-Amani Karumé,1972(Rep. zamziba).
François-Ngarta Tombalbaye,1975(Rep. Tchyad).
Richard Ratsimandrava, 1975(Rep de Madagaska).
Murtala-Ramat Mohamef,1976(Rep.Nijerya).
Marien Ngouabi,1977(Rep. Kongo-Brazavil).
Teferi Bante,1977(Rep. Etyopi)
Anouard el-sadate,1981(Ejip).
William Richard Tolbert,1981(Liberya).
Thomas Sankara,1987(Boukina-Faso).
Ahmed Abdallah,1989(Liberya).
Mohammed Boudiaf,1992(Aljeri).
Melchia Ndadayé
1993(......).
Cypririen Ntaryamira,1994(Birenndi).
Juvénal Habyarimana,1994(Rwanda).
Ibrahim Barré-Manaïnassara,1999(Nijè).
Laurent Désiré Kabila, 2001(Rep. Kongo-Kinchasa).
Joâo Vieira,2009(Ginen-Biso).
Mouammar khadafi,2011(Libi).

Pa bò isit lakay, zak asasinay sa yo nou tande yo souvan. Premye chèf leta Ayiti ki se Jean Jacques Dessalines te mouri asasinen sou 2yèm lanne pouvwa li, yon 17 oktòb 1806.

Apre sa se ta pral tou pa Sylvain Salnave 15 janvye 1870.

Jean jacques D. Cincinnatus Leconte ki pot menm non papa nasyon an tou, te sibi menm sò a, yon 8 dawout 1912.

Anvan lokipasyon blan meriken, bagay sa a te kontinye repete sou prezidans Jean Vilbrun Guillaume Sam yon 28 jiyè 1915.

E pou fini, Jovnel Moïse nan lannuit 06 pou rive 07 jiyè 2021.
__________


2)    Asasinay yon dirijan, yon wa, yon chèf Leta, se pa nan tan modèn sa yo sa ap repete, se depi lontan, depi menm byen lontan avan sa te konn fèt. Pa egzanp, Jules César - youn nan pi gwo anperè, wòm, youn nan pi gwo pouvwa, dominasyon monn nan pa janm konnen ,te mouri asasinen ak 23 kout ponya li te resevwa nan men Brutus nan chanm sena a.






Ki kote zak asasinay chèf Leta yo sòti ? 

Lè n ap gade fenomèn sa yo k ap pwodui kon sa, gen 2 gwo rezon: politik ak lagè.
Lagè ak politik se de bagay ki pa mache san lòt daprè sa Mao Tsé-Toung nan liv "l'art de faire la guerre".
Lagè se pa sèlman konfli ki mete de oubyen plizyè nasyon fas a fas ; depi li opoze moun ak moun, predatè ak pwa, se deja lagè.
Nikolas Michiavel fè konprann politik, se gè tout moun kont tout moun nan zèv li, se dominans, ak enterè ki primodyal lakay lòm.
Aristote wè nan chak moun yon politisyen, se sa k fè li te kreye tèm animal politik poul deziyen lòm.

Si n ap konsidere apwoch otè sa yo, sa pral fè nou konprann menm batay ki genyen nan mitan popilasyon yo kote youn ap chache domine lòt, youn pran bagay lòt, youn ap touye lòt pou enterè. Moun y ap domine yo, ap reklame pou dwa yo respekte.
Se menm komedi sa kap repete nan mitan popilasyon an nan yon nivo  ki pi ba. Se menm li menm nan nivo ki pi wo, k ap repete nan sektè politik la.Sèl diferans menm jan (Gustave Lebon) nan "psychologie de la Foule" yon liv li ekri , fè konprann" entansyon yon politisyen dwe toujou kache pou l kapab manipile foul la"
Se sa k fè dèyè nou gen mal pou n wè si sa popilasyon an fè se menm bagay la k ap repete.
______

Poukisa zak asasinay sa yo toujou bay popilasyon an pwoblèm ? 

Thomas hobbes fè yon analiz , li  di "lòm abandone libète natirèl yo,  pou li ka chwazi sekirite".
Se nan kontèks sa foul la toujou chwazi yon moun, oubyen yon gwoup moun met dirije, e se moun sa yo ki la pou garanti sekirite yo.
Nan ka kote moun ki ta dwe la pou garanti sekirite yo, sibi yon zak ensekirite, sa devlope enkonfò kay popilasyon an.
Sou plan diplomatik, chef leta yo reprezante imaj peyi yo.
Lè yon bagay kon sa rive se kòm si se yon move imaj, ki vann bay lòt peyi.
Se la pifò pwoblèm popilasyon an sòti aprè zak asasinay yon chèf leta.

______


Pou fini nou ka di ,lanmò sa yo, make istwa yon fason diferan, se pa  paske se jis yon moun ki nenk mouri, (paske chaje prezidan ki mouri sou pouvwa)
men se paske lanmò sa yo, se zak asasinay.
Asasinay dirijan sa yo, te konn fèt depi byen lontan, depi lè nou te chwazi viv an sosyete. Yo kontinye ap repwodui toujou pou menm bagay la, pouvwa, jalouzi, enterè. Elatriye...
 Anpil peyi te konn sibi sa nan listwa , e gen posiblite pou yo resibi sa ankò alavni. Se yon prensip natirèl. Men lè bagay sa repete nan yon peyi , sa sal imaj peyi sa a nan monn nan.



Commentaires

  1. M ap tou dabò felisite tèks la ki ekri an kreyòl epi nan yon fason ki trè agreyab ki pèmèt lekti an fasil.

    Men m gen yon kesyon, pa plis.
    Tèks la ta sanble (si m pa twonpe m) pote tit *Istwa lanmò ofisyèl. Asasinay gwo potorik gason*.

    Depi m timoun pwal ede defen grann mwen met grenn mayi nan tè (yon ti madam, san l pat menm konn li se te premye moun ki te pouse m pote kiryozite sou *Jacques Roumain* a pati zèv li *Gouverneur de la rosée*), m te toujou aprann apelasyon *Gwo potorik gason* an te toujou ranvwaye a yon kalte moun ki te sitou ranmase anpil bon gwo "kalite".
    Nan kisa silvouplè non moun tankou jovnèl pa egzanp fè sans pami "Gwo potorik gason" tèks la pot tit lan?

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Repons Nou:

      Ekip redaksyon EDIKANET la, apresye kòmantè w la anpil. N ap kontinye ankouraje w li atik nou yo epi kòmante yo.

      Asosiyasyon EDIKANET la , pa yon asosiyasyon ki tranpe l men l nan politik, EDIKANET se yon asosiyasyon ki ap travay nan domèn ledikasyon,toutpandan l ap mete ann avan itilizasyon lang kreyòl la nan kèlkeswa chan konesans la.
      Nou twouve li fè sans pou yon sijè kon sa pa mete sou kote sa ki ap fèt lakay.
      N ap tou fè nou fè remak sa a, atik sa a te ekri nan lide pou pale sou lanmò plizyè chèf Leta ki mouri asasinen epitou dènye evènman trajik ki pase andedan peyi nou an, vin fè nou sètoblije mete non ansyen chèf Leta peyi D Ayiti ladan l tou paske kèlkeswa konviksyon pèsonèl yon moun ta ka genyen , kit li t ap soutni gouvènman an kit li te nan opozisyon, tout sa yo se agiman ki manke rete konsekan paske kèlkeswa sa nou ta ka panse, lanmò yon ansyen chèf Leta ap toujou rete yon evènman enpòtan nan listwa, ki va sèvi pou gide pwochen jenerasyon an epi kit nou vle l kit nou pa vle l ,evènman sila a tou ret grave nan listwa pèp Ayisyen.
      Nan atik sa a,nou itilize ekspresyon 'potorik gason' an, nan yon kontèks istorik etandone mesye sa yo, te okipe yon gwo fonksyon.

      Supprimer

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?