Maryam Mirzakhani - Demonstrasyon yon kout egzistans. 3 Dimansyon lavi yon jeni san parèy






Maryam Mirzakhani

" Travay rechèch Maryam Mirzakhani fè yo, gen rapò ak plizyè branch nan matematik - pami yo, nou jwenn: 'jewometri aljebrik , jewometri senplektik, topoloji, [...].               Yo louvri chan lib pou konesans matematik la devlope,kote yon seri pwoblèm enpòtan rete pou rezoud".



Curtis McMullen (direktè tèz doktora Maryam)



Benson Farb -matematisyen

" Pandan tout karyè yo, majorite matematisyen yo pap rive pwodui anyen ki bon nan nivo sa a.E se sa li te arive reyalize nan tèz li a."

_______________


Bon, ki sa kon sa Maryam Mirzakhani te arive fè ki tèlman remakab ke sa? Pou anpil ekspè, travay li yo orijinal epi yo gen yon enpòtans kapital etandone yo fè lyen ant plizyè domèn nan chan matematik la ki te sanble pa t gen okenn rapò youn ak lòt.

Nou pap bliye tou, Maryam se yon fanm, ki poutan rive fè non l nan yon kominote syantifik ki alepòk se gason ki t ap mennen konpa a. Se pa yon bon jou, li leve epi yo ba li tout rekonesans sa yo.Se travay san pran souf li,pèseverans li ak yon lavi ki make ak anpil trajedi, li rive enskri  non l nan palmarès youn nan pi gwo jeni latè te pote.

Yon lavi kon sa ki mele ak evènman tris sòti nan lanmò plizyè zanmi l nan yon aksidan bis a yon kansè nan tete,pa yon lavi nou ka rezime nan atik sa a ni nan okenn lòt atik. Istwa lavi fanm sila a tèlman rich sou plan pwofesyonèl ak sou plan emosyonèl, l ap enterese anpil moun, jèn kou granmoun.

Se 3 Dimansyon lavi yon jeni ki fè vwal twò bonè pou peyi san chapo.


________


1 D - Yon Fanm 



Maryam Mirzakhani, fèt nan mwa me 1977 , nan peyi Iran nan vil Teheran.

Papa l,Ahmad Mirzakhani se yon enjenyè elektrisyen.

Manman l, Zahra Haghighi, te toujou bay tout li menm nan kay la pou pran swen timoun yo epi ede mari l.Fanmi an te gen 6 moun ladan l, gran frè ak frè ak ti sè  Maryam yo ak papa, manman. Fanmi an te mizilman.

Papa ak manman Maryam yo, te konn toujou raple timoun yo enpòtans pou yo travay di epi ankouraje yo pousuiv rèv yo.

Menm jan ak anpil timoun,Maryam te gentan imajine kisa l t ap ye lè l vin pi gran, li te reve vin yon 'ekriven.'

Maryam te konn pase anpil èdtan ap li,ap ekri  se te daprè sa li te fè konnen, pou li ret toupre rèv li.

Nan lanne 1988,alòske li gen onz an, li antre nan yon lekòl prive ki se lise 'Farzanegan Hight School', yon lekòl ki fèt spesyalman pou timoun ki gen gwo kapasite entèlektyèl.

Yon jou ,gran frè Maryam nan ki te gen abitid pale avè l sou kèk sijè matematik, te lonje ba li ,yon liv matematik ki pale sou lavi yon matematisyen de jeni ki te rele 'Carl Friedrich Gauss'.

Maryam,ki te alepòk nan kòmansman adolesans li, te fè konnen annapre jou sa te yon jou kapital ki ta pral chanje  rèv li te genyen lè li te timoun nan. Maryam fè konnen sa ki te make l nan liv sa a, se kote yo t ap esplike kòman Gauss ki sèlman a anviwon dizan te rive rezoud yon pwoblèm aritmetik klasik. Istwa a rakonte: 'Lè pwofesè Gauss la ki te bezwen okipe elèv yo, te mande yo pou fè adisyon tout antye natirèl sòti nan chif 1 rive nan 100, sètadi bay valè ekzak sòm:

S=1+2+3+4+...+100=?

Alòske lòt elèv yo te kòmanse ap fè adisyon yo, Gauss li menm t ap reflechi sou pwoblèm nan. Li remake fè sòm sa a, se menm bagay ak:

S=100+99+98+97+...+2+1

E si l mete yo ansanm, l ap gen:

2S=101+101+101+...+101 (sa ki bay 101, 100 fwa koz gen 100 tèm nan sòm nan)

Kidonk, byen vit Gauss te jwenn repons kòrèk la anvan tout moun: 1+2+...+100=5050 ! '

Toutpandan, Maryam t ap suiv lojik Gauss la, li di tout anndan t ap tresayi e se depi lè sa, li vin gen yon kokenchenn lanmou pou matematik.

_______

2D - Yon matematisyen



Maryam te yon elèv ki entèlijan anpil, grasa bèl nòt li yo ak pakèt konkou matematik nasyonal,li menm ak pi bon zanmi l lan Roya Beheshti genyen, yo de a ansanm ak plizyè lòt elèv gason,te seleksyone pou al reprezante peyi yo nan yon eprèv matematik entènasyonal ki reyini chak ane 4 pi bon elèv yon peyi pou patisipe nan yon seri eprèv matematik wo nivo ki pote non *Olenpyad Entènasyonal Matematik*. Premye fwa Maryam ak zanmi l lan te patisipe se te nan dat 8 pou rive 20 jiyè 1994.






Konkou sa a , se te 25yèm tounwa Olenpyad yo ki te fèt Hongkong. Nan konkou sa, zanmi l lan, Roya te resevwa meday d ajan an.Maryam te sòti ak nòt 41/42 e se li ki te resevwa meday annò a. Ane apre a, li te seleksyone ankò ,men fwa sa, li te fè 42/42! Nan moman sa a, li te premye fanm nan peyi Iran ki te rive gen yon skò kon sa.


Nan ane 1995, Maryam ak zanmi l lan antre nan Inivèsite 'Sharif University of Technology' Teheran an. 


Maryam ak zanmi l lan, Roya Beheshti

Tout bagay t ap byen mache pou medam yo, jiskas ke yon bon jou 17 mas 1998, alòske yon ekip etidyan inivèsite a te sot patisipe nan yon konkou matematik. Jou sa a, meteyo pa t bon menm, wout yo te glise akoz gwo lapli ki t ap tonbe epi pa t gen limyè sou wout la,rive yon moman pandan yo nan vil Ahwaz, chofè a fè yon move kontwòl epi bis la pèdi wout li ,la l tonbe nan yon falèz. Chofè a ansanm ak 6 manm ekip la mouri menm kote a. Roya Beheshti , zanmi l lan te blese grav e Maryam li menm , te nan yon eta kritik. Sa te fè yon sèl tole nan journal , nan peyi Iran.


Kèk nan kamarad yo, ki te mouri nan aksidan an


Men erezman, istwa a pa kanpe la, Roya te fè operasyon nan fwa li e sa te byen pase. Maryam ak zanmi l lan te kontinye etid yo, malgre eprèv sa ki te make yo anpil. Se kon sa Maryam te arive fini nivo mastè l la nan Inivèsite Sharif la epi ale nan peyi Etazini pou al fè travay doktora l. Li dirije l nan Inivèsite Harvard, sou direksyon selèb matematisyen Curtis McMullen pou travay tèz li a. 


Maryam ak ekspè yo sou travay tèz li a


Depi lè li te nan peyi l, yo te remake travay li yo ak fason rezonnman l yo byen konstui. Nan tèz li a, Maryam t ap chèche kalkile kantite jewodezik¹ senp ki fenmen ki gen yon longè ki pi piti ak yon valè konstan sou yon sifas Riemannyen kèlkonk.Travay sa a, se yon jeneralizasyon kèk ka patikilye kèk matematisyen tankou Euler, Riemann, Poincaré ak lòt ankò te rive demontre, men depi 1940, pa t twò gen gwo avanse sou sijè a. Maryam te rive wè pi lwen pase mesye sa yo. Sa ki enteresan, lè Maryam te vle atake pwoblèm sa a, li pa t gen okenn ide sou kibò pou l kòmanse, li te konn pase anpil tan ap reflechi san jwenn okenn fason pou l demare. Men sa li te renmen di, lè l ap fè matematik : " Anpil fwa,fè matematik se tankou monte yon mòn, san okenn wout,san w pa konn sa w pral jwenn."

( 👽San nou pa antre nan twòp detay!)

Nou ka di , Maryam rive demontre nonb sa gen yon kwasans ki lan ki ekivalan ak yon polinòm, li dekri ak anpil presizyon kote kantite jewodezik yo ki gen pou pi plis yon longè L,pwòch de K•L⁶ᵍ⁻⁶.

Nan relasyon sa a, K se konstant la

g , se kantite twou espas sa a ka genyen.

Nou ka wè kèk imaj la a. Chak sifas gen yon jewometri ki inik, tank nou ogmante twou yo, se tank nou rann jewometri a pi difisil.Men èske l posib pou n jwenn yo tout, pou n ba yo, yon menm karakteristik? Daprè travay Maryam yo, nou ka reponn WI!




Tout sifas sa yo, nan sans topolojik, yo di yo se sifas oryante fenmen. Travay Maryam yo konsène sifas ki gen yon koubi -1 (jewodezik) ak espas modil a yo. Pou etidye objè sa yo,matematisyen yo sèvi ak sa yo rele yon Tansè metrik, ki se yon zouti yo asosye ak yon objè ki pèmèt yo kalkile longè ak ang pou kèlkeswa pwen ki sou sifas la. Sèl pwoblèm, Tansè metrik la, pa bay enfòmasyon sou chimen (trajektwa) ki pi rapid pou relye de pwen sou yon sifas.Travay sa a, se yon Jewodezik, ki bay li.


Yon fason pou n konprann sa yon jewodezik ye, se lè n gade pwoblèm nan sans fizik.Nou kapab di,jewodezik yo se reyon limyè ki pwodui sou yon sifas toutpandan n ap sonje , yon reyon limyè toujou ant de pwen jwenn pi pti distans pou l franchi pou l relye yo.

'N ap kite n reflechi ak kesyon sa a, si nan yon plan ant de pwen A ak B , pi piti distans ki separe yo se yon liy dwat, si se sou yon sfè, ki pi piti distans k ap lye de pwen sa yo?'

Pou n ka yon ti kras konprann travay Maryam yo, an n fè yon ti pale sou yon egzanp ki senp.

N ap raple n, pou n konn pozisyon yon pwen nan yon espas, matematisyen yo sèvi ak plizyè sistèm kowòdone sètadi plizyè fason nou kapab di ki kote yon pwen ye dapre degre presizyon oswa avantaj tèl oswa tèl lòt sistèm bay. Pa egzanp, kowòdone katezyen yo pèmèt nou konn pozisyon yon pwen  dapre kèk aks nou pran, nou ka konsidere kòm dimansyon espas nou an.

Yon ekwasyon polinom P(x , y)=0, trase l nan repè a ka reprezante sa nou rele "yon koub aljebrik" , ki se tout ansanm pwen kowòdone yo verifye ekwasyon nou an.

Pa egzanp, x² + y² = 1 ,se ekwasyon yon sèk ki gen reyon l egal 1 inite distans sòti nan orijin repè a.

Men , x² + y² + 1=0, pa ekwasyon yon sèk paske l pa gen okenn pwenn ki reyèl.Nan ansanm C, nou konsidere kòm ansanm nonb konplèks yo, ladan pwen M (i,0) kote i²=-1 se youn nan pakèt pwen ki verifye dènye ekwasyon nou an. 

Si nou ta konsidere ekwasyon, y²=x³+px+s ki ban nou,yon fòm jewometrik  yo rele tò (gade apati dezyèm objè ki parèt nan imaj ki pi wo a) tank n ap bay p ak s kèk valè , se tank n ap fè varye jewometri objè a.

Donk, yon sifas riemannyen ban nou yon fòm ak yon jewometri pou yon objè ,e de tout jewometri nou ka konstui sou objè a ,se li nou rele 'espas modil yo.'

Byenke travay Maryam yo, abstrè anpil, yo gen aplikasyon yo non sèlman nan matematik,men tou nan fizik espesyalman nan teyori Kòd yo, ki se youn nan teyori ki enpòtan anpil ki ap chèche etabli rapò ant relativite jeneral ak fizik kwantik.





Sòti 2004 pou rive 2008, Maryam te pwodui anpil lòt rezilta enpòtan pa egzanp Yon teyorèm li menm ak yon lòt chèchè Alex Eskin te devlope sou sa yo rele 'dinamik espas modilè yo ' ki pote non 'teyorèm baton majik' la.




Antre tan ,Maryam te resevwa anpil pri tou. Apati ane 2008, li te vin pwofesè nan Inivèsite Stanford e t ap mennen anpil konferans nan selèb Inivèsite Princeton nan.


Jou remiz meday  fields la



Finalman ,nan ane 2014, nan dat 13 dawout 2014, pami 4 loreya pou resevwa meday fields la, li te pami yo. Se pi gwo pri ,ki genyen pou onore travay yon matematisyen nan domèn rechèch li, nan langaj popilè a, pri sa,se egal yon pri nobel. Nan okazyon sa a, nan diskou li te fè pou remesye òganizatè yo, pou pri a, li te di: 




Se yon gwo lonè sa ye pou mwen.Mwen espere sa va ankouraje anpil jenn fanm syantitik kou matematisyen. Mwen rete kwè, anpil  lòt fanm va resevwa pri sa a, nan ane k ap vini yo."








3 D - Yon madanm , yon manman


Maryam ak mari l, Ján Vondrak


Ján Vondrak se yon enfòmatisyen teyorisyen ki fèt 12 septanm 1940 nan Repiblik Tchèk.Kontrèman ak Maryam, travay li yo plase nan kad matematik aplike. Li se pwofesè nan Inivèsite Stanford.
Apati ane 2003, li vin rankontre Maryam nan Inivèsite a, men li pa t konnen si Maryam t ap fè tèz li nan epòk la.
Yo te vin rann yo kont,yo gen anpil pwen komen , yo renmen matematik, yo renmen tande mizik, al nan lanmè ....
Se kon sa, yon istwa damou te kòmanse ant de mesye dam yo.



Yo te deside marye epi annapre yo te vin gen yon pitit fi, yo te bay non Anahita Vondráková


Men malerezman, Lavi pa p bay Maryam chans
 wè pitit fi li renmen anpil la, grandi devan l.


Nan fen ane 2014 la, doktè te wè Maryam gen yon kansè nan tete e li pa t ret anpil tan.
Sa dwe te fè l yon gwo chòk lè li menm ak mari l te aprann nouvèl sa a!
Depi menm jou sa a, Maryam te deside pase ti rès tan ki te rete l la ak fanmi l, pou l bay pitit li tout lanmou ak tout sipò li ka ba li.





 Lavèy lanmò l , Maryam monte sou Facebook, li pòs fraz sa :
"Plis mwen pase tan m ap fè matematik, plis mwen gen kè kontan."





Se ak dènye pawòl sa yo , Maryam Mirzakhani kite nou jou ki te Vandredi 14 jiyè 2017 la.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?