Articles

Affichage des articles du décembre, 2019

Greta THUNBERG Yon jèn ekolojis ki fè pale anpil de li, ak sèlman 16 lanne

Image
Yon ti kout rapèl : Gen yon fenomèn ki fè anpil pale, se zafè chanjman klimatik la. Se yon koze ki fè anpil moun pale sou li. Prensipal koz li, se mete kouch dozón lan an danje. Pou koz sila a sèlman, te vin gen anpil òganizasyon ki te vin kreye, pou yo wè si yo te ka kontrekare ak fenomèn sila a. Pami òganizasyon ki te kreye pou sèlman koz sa a, nou kapab site : CCNUCC , ki te kapab rele an kreyòl, KKNICK , ki se Konvanson Kad Nasyon Zini Sou Chanjman Klimatik, se yon òganizasyon ki kreye anndan Òganizasyon Nasyon ZIni. Rezon ki koz tout traka sa yo, se degajman CO², ki gen pou non : Dioksid kabòn. Kòman sa fè fèt ? Co² ak anpil kantite a sòti nan gwo endistri yo, prensipalman sa ki gen anpil chif afè yo (ki gen anpil aksyon), pa egzanp : Endistri kote yo fe siman, Machin, elatriye... Plis rezon ki fè tach la anpil, se paske gwo patwon endistri sa yo pa vle pèdi lajan yo, oswa depanse plis pou mwens degajman CO². Rezon ki fè mwen fè ti kout rale sa yo, se pou no

Kisa k fè pa gen moun ki gen yon panse pou kont li ? Swit Orijinalite

Image
(Swit Orijinalite...) Panse se yon aktivite lespri, yon ekip demach lespri yon moun fè sou yon bagay. Fòk nou pa bliye se lespri a ki fè operasyon entèlijans la. Imajinasyon ak refleksyon se de egzanp nou pran de panse. Epi operasyon entèlijans la fèt nan yon dimansyon ki pi wo toujou, paske li fèt kay yon gwoup moun, e se la nou ka rele l " fason panse ".   Èske chak moun gen yon grenn panse ?    Mwen te vle kwè chak moun gen yon grenn panse. Men, rechèch ak refleksyon mwen fè sou sa, pral fè m konprann nou tout gen menm panse depi nou gen menm kilti.   Kitem montre w !  Se nan kilti nou, tout objektif nou sòti. Yon moun ki fèt nan yon zòn rekile, n ap pran egzanp kèk ras nan forè amazoni an, ki toujou ap viv tankou nan ansyen tan, kote moun sa yo poko konn  teknoloji, se toujou nan gwòt y ap dòmi. Yon moun ki pami yo pa ka gen objektif pou l gen yon bildig ki gen yon asansè ladan l.  Non, paske bildig sa pa nan kiltil, ni asansè a non plis.

ANPRIZONNMAN MANTAL

Image
ANPRIZONNMAN MANTAL Èske sa pa janm rive w : yon jou ou fenmen pòt chanm ou, epi lè w gade ou te kite kle a anndan ? Oswa nan fè prese ou fenmen pòt machin ou epi lè w byen gade ou wè kle a nan machin nan ? Se kèk sitiyasyon ki ka fè w  jennen oswa menm nève, pa vre ? (pa mande si w te gen yon bagay enpòtan ou te tou bliye anndan). Se vre sa ap pran tan, men nòmalman, se yon pwoblèm ki ka rezoud byen fasil. Men èske w janm reflechi kilè sa konn plis rive ?       Byen souvan, se lè yon moun prese anpil, oswa lè l anreta, sitiyasyon sa yo plis prezante. Jounen jodi a, anpil moun twouve li bon pou yo mete sa yo genyen ki gen valè nan yon kòf oswa yon bwat pou yo pwoteje yo epi gen kontwòl yo. Toupatou nan monn lan, moun yo sanble met kòd sou sa yo posede, kèlkeseswa sou telefòn, òdinatè, machin yo, elatriye. Bank yo chèche gen sistèm sekirite ki pi sofistike yo pou pwoteje byen (lajan) kliyan yo.  Nou fè jefò sa yo, nonsèlman pou n pwoteje sa n genyen, men tou p

Orijin ou di w kiyès ou ye ak kijan w panse. Kòman e poukisa ?

Image
  Orijin mwen di m kiyès mwen ye ak kijan m panse                                              Anpil moun k ap viv sou latè  gen tandans vle fè konprann, yo konn kiyès yo ye,  yo kontwole vi yo, yo diferan pase tout moun.  Men, yo toujou bliye, si gen yon latriye bagay chak jou ki nan vi yo, yo wè y ap fè, se yo ki fè jan y ap panse, ki fè fason y ap aji. Bagay sa yo vini nan men yon gwoup moun e se yo menm ki  transmèt nou bagay sa yo. Se sa k pral fè nou pral genyen yon sèl fòm panse depi nou gen menm orijin. An nou konsidere "orijin", kòman nou ka konprann orijin yon moun.               Si n ap konstate, n ap wè chak zòn, chak rejyon nan kat jerografik la gen yon bagay ki pwòp ak yo menm. Ann pran sa kòm yon senp egzanp : "si w nan yon peyi ki nan pòl nò, w ap wè li fè frèt anpil, men si w nan yon peyi twopikal w ap wè se chalè k ap touye w",  e chak kote ou ye sou latè w ap jwenn yon klima ki mache ak pozisyon ou ye a. Ou gendwa pa dakò avèk mwen na

Tout moun ki itilize entènèt ap mouri ? Avantaj ak enkonvenyan ki genyen ak devlopman teknoloji a. Rezon ak koz.

Image
Lontan lontan, teknoloji an pa t vanse konsa, men te gen plis plezi natirèl. Kisa m vle di menm ? Si n ap gade nan syèk n ap viv la, nou kapab remake sa byen, televizyon, entènèt, jwèt vityèl, ranplase tout plezi ki te genyen yo, epi ki te konn fè moun byen. Majorite ti Jèn pase plis tan yo sou entènèt, telefòn nan men plis pase 24è. Vin rive nan yon pwen ezajere, kote moun konpare entènèt, telefòn entèlijan tankou yon dwòg. Bagay moun pa ka viv san yo.  Sa ki pwovoke lakay yo anpil efè negatif. Pami efè negatif yo, nou kapab site kèk nan yo : 1) Elwanyeman de reyalite lavi an 2) Maladi nan zye 3) Pèdi apeti 4) Aprann move bagay Pandan n ap pale de sa, enpak yo fè nan mond la ekstraòdinè. Malgre efè negatif telefòn entèlijan ak entènèt, sa pa anpeche n pale byen de yo. Jounen jodi a, bagay moun lontan te konn pran mwa pou reyalize, fèt nan kèk minit. Tout sa yo, se pou m di nou, entènèt ak telefòn entèlijan, televizyon, jwèt vityèl itil, men sa pral dep

Zonbi nan lekòl ann Ayiti

Image
Yon ti zye fikse sou tijèn yo ki pral lekòl an Ayiti. Sa fè n panse ! Mwen raple m lè pwofesè te konn ap fè m vomi leson ba l tankou rat, san m pa t konn sa m t ap repete yo. Lang lan bèl nan bouch tinèg, men podyab, se fòse y ap fòse l fè de bagay alafwa : 1) aprann yon lang etranje, epi 2) tou aprann nan menm lang sa ou pa menm ko konprann lan. Sitiyasyon sa a mwen wè l kounya tankou yon moun yo  mare de je l epi yo ba l yon flach pou ki swadizan gide l. Lè w ap resite leson devan mèt la menm, se bèl bagay nèt, lè w ap bay kout "ze swi", epi lè lekòl lage, fanmi w kòmanse ap pale boul kreyòl ansanm avèw, "ze swi" fè yon bò, sèvèl la gaye. Twa paj mo twò piti pou w aprann pa kè. Mande w sa w sot aprann aprè twa (3)è ou fin resite, bwèt ! Anyen w pa sonje. Mwen raple m tou, lè y ap bay kanè, tout dan w deyò, lè w wè w pase.  Ou kouri al kot manmi, papi, fè yo wè yo pa t peye lekòl la anven. Yon (1) lanne pase, ti frè w la, ou byen ti sè w la kole