Orijin ou di w kiyès ou ye ak kijan w panse. Kòman e poukisa ?

 Orijin mwen di m kiyès mwen ye ak kijan m panse                                            

Anpil moun k ap viv sou latè  gen tandans vle fè konprann, yo konn kiyès yo ye,  yo kontwole vi yo, yo diferan pase tout moun.  Men, yo toujou bliye, si gen yon latriye bagay chak jou ki nan vi yo, yo wè y ap fè, se yo ki fè jan y ap panse, ki fè fason y ap aji. Bagay sa yo vini nan men yon gwoup moun e se yo menm ki  transmèt nou bagay sa yo. Se sa k pral fè nou pral genyen yon sèl fòm panse depi nou gen menm orijin.
An nou konsidere "orijin", kòman nou ka konprann orijin yon moun.              
Si n ap konstate, n ap wè chak zòn, chak rejyon nan kat jerografik la gen yon bagay ki pwòp ak yo menm. Ann pran sa kòm yon senp egzanp : "si w nan yon peyi ki nan pòl nò, w ap wè li fè frèt anpil, men si w nan yon peyi twopikal w ap wè se chalè k ap touye w",  e chak kote ou ye sou latè w ap jwenn yon klima ki mache ak pozisyon ou ye a.

Ou gendwa pa dakò avèk mwen nan kesyon sa a : nou gen menm fòm panse depi nou sot menm kote, men kite m montre w, gen kote w ap wè moun mache prèske toutouni paske peyi sa yo fè cho anpil. Gen nan peyi Afrik ak Oseyani ki konsa. E nan ewop la w ap wè moun yo sitou nan peyi ki pi nan nò, se ak rad ki fèt ak gwo po bèt yo bare kò yo, paske li fè frèt anpil.  E nan chak zòn ou ye, w ap wè moun yo abiye an fonksyon de tanperati zòn lan. Lòt egzanp, w ap wè gen anpil kwayans spirityèl, paske  moun ki te la anvan nou yo, te fòme yon sosyete, anplis nou konnen lòm se yon kreyati ki toujou bezwen yon bagay pou l kwè, se sa k fè genyen nan yo, se sa yo paka konprann lan, yo pran l pou yon mistè epi yo adore l. Gen kèk lòt se nan sa yo pa wè yo kwè, epi yo adore.
Si n ap konsidere egzanp sa yo sèlman, nap wè pa gen yon gwo chanjman ki fèt nan aranjman sosyete lontan ak kounya. Sèl evolisyon technoloji a ki peze anpil kounya, paske tout koutim nou yo pral vini :
 Premyeman se paske nan zòn moun ki te la  anvan nou yo  te ye sou latè a te gen yon tanperati  yo fini adapte yo avèl.
 Dezyèmman, nan gwoup yo te ye a yo fini pa pran kwayans lan jan nou esplike l deja a.     
Lang lan pral fèt se nan kontak youn ak lòt pou yo ka kominike, teknik yo te konn itilize pou nou fè lòt bagay yo pa egzanp :  fè manje, plante, yon ekip lòt bagay ankò " se youn gade sou lòt pou jis tout moun nan gwoup sa itilize menm mwayen yo. Fason yo te konn chante, danse se toujou menm bagay la youn gade sou lòt, sa ki pi bèl la yo kenbe e tout moun nan gwoup la fè l.


Chak gwoup moun ki te la anvan nou yo, yo gen yon fason yo fè yon bagay, yon fason yo chante, yo danse, yon fason yo abiye e tout bagay sa yo pral tounen yon fason pou n panse, se sa k pral kreye divès kilti ki genyen nan mond lan jodi a.
Tout orijin yon moun, yon pèp,  nou idantifye yo atravè istwa gwoup ki te la anvan an. E se koutim yo ki mak fabrik orijin yon moun.
Mwen te vle fè nou konprann divèsite ki genyen nan kilti yo, pou m te fè nou konprann pa gen orijin san kilti ak tradisyon. Sa pral ede nou konprann pi byen  nan 2ème atik ki gen pou vini.      Kisak fè pa gen moun ki gen yon  panse inik ? ...

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?