Greta THUNBERG Yon jèn ekolojis ki fè pale anpil de li, ak sèlman 16 lanne



Yon ti kout rapèl :

Gen yon fenomèn ki fè anpil pale, se zafè chanjman klimatik la. Se yon koze ki fè anpil moun pale sou li.
Prensipal koz li, se mete kouch dozón lan an danje. Pou koz sila a sèlman, te vin gen anpil òganizasyon ki te vin kreye, pou yo wè si yo te ka kontrekare ak fenomèn sila a. Pami òganizasyon ki te kreye pou sèlman koz sa a, nou kapab site : CCNUCC, ki te kapab rele an kreyòl, KKNICK, ki se Konvanson Kad Nasyon Zini Sou Chanjman Klimatik, se yon òganizasyon ki kreye anndan Òganizasyon Nasyon ZIni.
Rezon ki koz tout traka sa yo, se degajman CO², ki gen pou non : Dioksid kabòn.
Kòman sa fè fèt ?
Co² ak anpil kantite a sòti nan gwo endistri yo, prensipalman sa ki gen anpil chif afè yo (ki gen anpil aksyon), pa egzanp : Endistri kote yo fe siman, Machin, elatriye...
Plis rezon ki fè tach la anpil, se paske gwo patwon endistri sa yo pa vle pèdi lajan yo, oswa depanse plis pou mwens degajman CO².

Rezon ki fè mwen fè ti kout rale sa yo, se pou nou kapab konprann an gwo, sou kisa mwem vle pale.
Byen rapid, annou rete sou sijè prensipal nou ki se tipitit ki rele : Greta Thunberg la.
Tout non ti pitit sa a se : Greta Tintin Eleonora Ernman THUNBERG.
Li fèt 03 janvye lanne 2003.
Li gen kòm nasyonalite Syedwaz, ki se yon peyi an ewòp.
Papa l rele : Svante THUNBERG, epi manman l rele : Malena ERNMAN. 
(Li pote non manman l ak papa l)

Angwo li gen 16 (sèz) lanne, epi li se yon ekolojis. Li rantre nan aktivite sa a nan lanne 2018.

Anvan nou ale pi lwen, kisa sa vle di : yon ekolojis ?
Yon ekolojis, se yon moun ki espesyalize l nan branch ekoloji. Li se yon moun ki la, k ap konbat pou prezève enviwonnman e pou respè lanati. Sa ki eksplike travay Greta THUNBERG.

Tipit yo rele Greta Thunberg la fè pale anpil de li. Li menm rive klase moun ki gen plis enfliyans nan lanne 2019 la, daprè Time Magazine.

Pi souvan fwa, pou w tande pale de li, se sou koze anviwonnman.
Nan yon konba san patipri, tipitit sa a rive plizyè kote, epi fwote ak anpil moun. Li menm te rive ale nan COP 25, ki se konferans ant plizyè pati, ki te fèt Madrid, nan peyi Espay.
Nan mouvman l ap mennen an, anpil moun vin mete men. Ki koz plizyè soulèvman, tout sa, nan plizyè peyi diferan. Li reprezante yon senbòl kòm moun ki jenn k ap mennen yon gwo batay nan lanati tout antye. Se pa yon travay pou yon sèl peyi, yon pati de moun, se yon konba l ap mennen pou limanite tout antye, youn nan koz ki  fè anpil moun, epi nou menm EDIKANET te twouve sa lojik pou nou pale w de gran konbatant sa.






- Pa bliye kite avi w nan espas kòmantè a, pou di nou si w kwè tipitit sa ap mennen yon gwo konba.




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?